Ekriti yo
Alma 48


Chapit 48

Amalikya pouse Lamanit yo kont Nefit yo—Mowoni prepare pèp li a pou defann kòz kretyen yo—Li pran plèzi nan libète epi li se yon nonm puisan nan Bondye. Anviwon 72 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, menm lè Amalikya te jwenn wayòm nan, li te kòmanse soulve kè Lamanit yo kont pèp Nefi a; wi, li te lonmen moun ki pou pale ak Lamanit yo sou fòtrès yo, kont Nefit yo.

2 Epi Konsa, li te tèlman soulve kè yo kont Nefit yo, nan finisman diznevyèm ane gouvènman jij yo, li te akonpli sa l te vle jiskaprezan an. Wi, li te wa sou tèt Lamanit yo, li te vle gouvène sou tout tè a, wi, tout pèp ki te sou tè a, Nefit yo ak Lamanit yo tou.

3 Se poutèt sa li te akonpli volonte l, paske, li te fè kè Lamanit yo di epi li te avegle panse yo, epi li te tèlman pouse yo fè kòlè, yo te rasanble plizyè lame ansanm pou y al goumen avèk Nefit yo.

4 Poutèt moun li yo te anpil, li te vle pran pouvwa sou Nefit yo pou l te kapab jete yo nan esklavaj.

5 Epi konsa, li te lonmen kaptèn aanchèf nan pami Zoramit yo, paske yo te pi konnen fòs Nefit yo, kachèt yo, pati fèb nan vil yo; se poutèt sa, li te lonmen yo kaptèn anchèf sou tèt lame li yo.

6 Epi, yo te pran kan yo e yo te avanse nan direksyon peyi Zarayemla a, nan dezè a.

7 Kounyeya, se te konsa, pandan Amalikya te pran pouvwa nan fwod ak nan blòf desepsyon, Mowoni, bò kote pa l, li t ap aprepare panse pèp la pou yo kapab gen lafwa nan Senyè Bondye yo a.

8 Epi, li t ap ranfòse lame Nefit yo, li te bati ti fò, oubyen, kachèt; li te mete pil tè tout kote pou bare lame li yo, epi tou li te bati miray ak wòch pou antoure yo, pou antoure vil yo ak fwontyè peyi a, wi tout alantou peyi a.

9 Epi, kote ki te gen mwens pwoteksyon yo, li te mete plis moun; konsa, li te fòtifye e li te ranfòse peyi Nefit yo te posede a.

10 Epi Konsa, li t ap prepare pou asipòte libète yo, peyi yo, madanm yo, ak pitit yo, ak lapè yo, pou yo kapab viv pou Senyè Bondye yo a, epi pou yo kapab kenbe sa ènmi yo te rele kòz kretyen yo.

11 Epi, Mowoni te yon gwo nonm fò; li te gen yon akonpreyansyon pafè; wi, li pa t pran plèzi nan fè san koule; nanm li te gen lajwa nan libète pèp peyi l la, ak libète frè l yo anba esklavaj;

12 Wi, kè l te ranpli ak remèsiman pou Bondye l la, pou tout privilèj ak benediksyon li te vide sou pèp li a; se yon nonm ki te travay anpil pou abyennèt ak pwoteksyon pèp li a.

13 Wi, se te yon nonm fèm nan lafwa Kris la, li te sèmante avèk afèmte pou l defann pèp li a, ak dwa l, ak peyi l, ak relijyon l menm jistan san l koule.

14 Kounyeya, Nefit yo te aprann defann tèt yo kont ènmi yo, menm jistan san koule, si se te nesesè; wi, epi yo te aprann pou yo apa t janm ofanse; wi, pou yo pa t janm leve yon epe eksepte si se kont yon ènmi, eksepte si se pou prezève lavi yo.

15 Epi se te lafwa yo, yo te kwè si yo fè sa, Bondye t ap fè yo pwospere nan peyi a, oubyen otreman, si yo te respekte kòmandman li yo avèk lafwa, li t ap fè yo pwospere nan peyi a; wi, li t ap avèti yo pou yo kouri, oubyen pou yo prepare lagè, daprè danje ki te genyen;

16 Epi tou, Bondye sa a t ap fè yo konnen si yo dwe al defann tèt yo kont ènmi yo, e lè yo fè sa, Senyè a t ap delivre yo; epi se te lafwa Mowoni, e kè l te pran plèzi nan sa; ase pa nan koule san, men se, nan fè bon bagay, nan prezèvasyon pèp li a, wi, nan gade kòmandman Bondye yo a, wi, nan reziste kont inikite.

17 Wi, an verite, an verite, m di nou, si tout moun te, e jamè ta tankou Mowoni, gade menm pouvwa lanfè yo t ap tranble pou tout tan; wi, adyab la pa t ap janm gen pouvwa sou kè lèzòm.

18 Gade, se te yon nonm tankou Amon, pitit gason Mozya a, wi, menm lòt pitit gason Mozya yo, wi epi tou, Alma, paske yo tout te zòm Bondye.

19 Kounyeya gade, Elaman ak frè l yo pa t itil pèp la mwens pase Mowoni; paske yo te preche pawòl Bondye, epi yo te batize tout moun ki te koute pawòl yo pou repantans.

20 Epi, yo t ale e pèp la te aimilye tèt yo poutèt pawòl yo, tèlman, Senyè a te fè yo anpil bfavè; konsa, pa t gen lagè ak chirepit nan pami yo, wi, menm pandan kat ane.

21 Men, jan m te di a, nan finisman diznevyèm ane a, wi, malgre lapè nan pami yo, yo te oblije, kont volonte pa yo, goumen avèk frè yo, Lamanit yo.

22 Wi pou m fini, lagè yo pa t janm sispann avèk Lamanit yo pou anpil ane malgre se te kont volonte yo.

23 Kounyeya, yo te aregrèt poutèt yo te pran lèzam kont Lamanit yo, paske yo pa t pran plèzi nan fè san koule; wi, e sa se pa t tout—yo te regrèt poutèt yo te sèvi kòm zouti pou voye anpil sa nan pami frè yo deyò nan mond sa a, pou y al nan mond etènèl la san preparasyon pou rankontre Bondye yo a.

24 Men, yo pa t kapab aksepte pou lavi yo, amadanm yo ak pitit yo ta pase nan masak anba men moun sovaj ak san pitye ki te frè yo nan tan lontan an, wi, e ki te babandone legliz yo a, ki te ale kite yo epi ki t al ansanm ak Lamanit yo pou detwi yo a.

25 Wi, yo pa t kapab sipòte pou frè yo rejwi nan san Nefit yo, tout tan ta gen youn ki ta respekte kòmandman Bondye yo, paske se te pwomès Senyè a, pou si yo ta respekte kòmandman yo pou yo ta pwospere nan peyi a.