Ekriti yo
Alma 20


Chapit 20

Senyè a voye Amon Midoni pou l delivre frè l yo nan prizon—Amon ak Lamoni rankontre papa Lamoni ki wa alatèt peyi a—Amon fòse wa, ki gran moun nan, pou l aksepte lage frè l yo. Anviwon 90 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, lè yo te fin tabli yon legliz nan peyi a, wa Lamoni te vle Amon ale nan peyi Nefi a avèk li, pou l te kapab montre papa l Amon.

2 Epi, Senyè a te fè Amon tande vwa l, ki di: Piga w ale nan peyi Nefi a, paske wa a ap vle touye w; men, ale nan peyi Midoni an; paske, frè w yo, Aawon ak Miloki ak Ama nan prizon.

3 Kounyeya, lè Amon te tande bagay sa a, li te di Lamoni: Frè m yo nan prizon Midoni; m prale pou m kapab delivre yo.

4 Kounyeya, Lamoni te di Amon: M konnen ou kapab fè tout bagay pa mwayen afòs Senyè a. Men, m prale nan peyi Midoni an avèk ou; paske, wa peyi Midoni an, ki rele Antyomno, se yon zanmi m, se poutèt sa, m prale nan peyi Midoni an pou m kapab flate wa peyi a, e l ap wete frè w yo nan bprizon. Epi, Lamoni te di l: Kiyès ki te di w, frè w yo nan prizon?

5 Epi, Amon te di l: Pèsonn pa t di m, eksepte Bondye; Bondye menm te di m sa—ale delivre frè w yo, paske yo nan prizon nan peyi Midoni an.

6 Kounyeya, lè Lamoni te tande bagay sa a, li te fè sèvitè l yo pare acheval li yo ak charyo li yo.

7 Epi, li te di Amon: Vini, m prale avèk ou nan peyi Midoni an, e lè m rive, m ap plede avèk wa a pou l kapab wete frè w yo nan prizon.

8 Epi, se te konsa, pandan Amon ak Lamoni t ap vwayaje, yo te rankontre papa Lamoni ki wa aalatèt tout peyi a.

9 Epi gade, papa Lamoni te di l: Poukisa w pa t vin nan afèt la jou sa a, lè m te fè yon gwo fèt pou pitit mwen yo ak pèp mwen an?

10 Epi, li te di tou: Kote w prale avèk Nefit sa a, ki se youn nan pitit gason amantè yo?

11 Epi, se te konsa, Lamoni te di l kote l ta prale pou l pa ofanse l.

12 Epi, li te di l tout rezon ki te fè l rete nan wayòm li, ki te anpeche l ale nan fèt papa l t ap fè a.

13 Kounyeya, lè Lamoni te fin di papa l tout bagay sa yo, li te etone pou l wè papa l fache kont li, papa l te di: Lamoni, ou pral delivre Nefit sa yo ki se pitit gason yon mantè. Li te vòlè zansèt nou yo; e kounyeya, pitit li yo vini nan pami nou pou yo kapab twonpe nou nan mètdam, pou yo kapab vòlè zafè nou tou.

14 Kounyeya, papa Lamoni te kòmande l pou l touye Amon avèk epe l. Li te kòmande l tou pou l pa t ale nan peyi Midoni an, men, pou l te retounen nan peyi aIsmayèl la avèk li.

15 Men, Lamoni te di l: M p ap touye Amon, ni tou, m p ap retounen nan peyi Ismayèl la, men, m prale nan peyi Midoni an pou m kapab lage frè Amon yo, paske m konnen yo se moun ki jis epi ki sen, yo se pwofèt vrè Bondye a.

16 Kounyeya, lè papa l te tande pawòl sa yo, li te fache kont li, e li te rale epe l pou l kapab pike l epi touye l.

17 Men, Amon te avanse epi l te di l: Pa touye pitit gason w nan; menm si l t ap api bon pou l mouri pase pou w ta mouri, paske li te brepanti nan peche l yo; men, si w ta mouri kounyeya, nan kòlè w, nanm ou pa t ap sove.

18 epi anplis, li nesesè pou w desann men ou, paske si w ta atouye pitit gason w nan, ki se yon nonm inosan, san l t ap kriye sòti nan tè a pou monte al kote Senyè Bondye li a, pou vanjans kapab tonbe sou ou, e petèt ou ta kapab pèdi bnanm ou.

19 Kounyeya, lè Amon te di l bagay sa yo, li te reponn Amon, li te di: M konnen si m ta touye pitit gason m nan, m t ap koule san inosan; men se ou menm ki te vle detwi l.

20 Epi, li te tire ponyèt li pou l touye Amon; men, Amon te reziste devan kou li yo, Epi tou, Amon te frape ponyèt li, pou l pa t kapab sèvi avè l.

21 Kounyeya, lè wa a te wè Amon te kapab touye l, li te kòmanse priye Amon pou l te kapab epaye lavi l.

22 Men, Amon te leve epe l, e li di l: M ap touye w si w pa fè frè m yo sòti nan prizon.

23 Kounyeya, wa a te pè pou l pa pèdi lavi l, li te di: Si w epanye lavi m, m ap ba w nenpòt sa w ta mande, menm, mwatye nan wayòm mwen an.

24 Kounyeya, lè Amon te wè l te gen pouvwa sou wa ki granmoun nan jan l te vle, li te di: Si w fè frè m yo sòti nan prizon, e w kite Lamoni kenbe wayòm li a, si w pa fache kont li, e si w kite l aji daprè volonte pa l nan anenpòt sa l panse, lè sa a m ap epaye w; si se pa sa, m ap touye w.

25 Kounyeya, lè Amon te fin di pawòl sa yo, wa a kòmanse rejwi paske li te vivan.

26 Lè l te wè Amon pa t vle touye l, e lè l te wè jan Amon te renmen pitit gason li a, Lamoni, li te etone anpil, e li te di: Paske se sa sèlman ou vle, m ap lage frè w yo, m ap kite pitit gason m nan, Lamoni kenbe wayòm li a, m ap aksepte pou pitit gason m nan kenbe wayòm li a depi kounyeya, pou tout tan, e m p ap jan m pase l lòd ankò—

27 M ap fè frè w yo sòti nan prizon an pou w, e w menm ak frè w yo kapab vin jwenn mwen, nan wayòm mwen an; paske, m ta renmen wè anpil. Paske wa a te etone anpil pou pawòl li te pale yo, e pou pawòl pitit gason li a, Lamoni te pale tou, se poutèt sa, li te avle aprann yo.

28 Epi, se te konsa, Amon ak Lamoni te kontinye vwayaj la pou y ale nan peyi Midoni an. Wa peyi a te favorize Lamoni; se poutèt sa, frè Amon yo te sòti nan prizon.

29 Epi, lè Amon te rankontre yo, li te gen anpil lapenn, paske, yo te toutouni e po yo te kòche anpil poutèt yo te mare avèk kòd solid. Epi tou, yo te soufri anba grangou, ak swaf, ak tout kalite afliksyon, men yo te apasyan nan tout soufrans yo.

30 Epi, jan sa te pase a, se te sò pa yo, pou yo te tonbe anba men yon pèp pi di ki te gen kou yo pi rèd, ki pa t vle koute pawòl yo, ki te chase yo, e ki te bat yo, ki te trennen yo sòti nan yon kay al yon lòt, pasi-pala, jistan yo te rive nan peyi Midoni an. Se la, yo te pran yo, yo te voye yo nan prizon, yo te mare yo avèk kòd asolid, yo te kenbe yo nan prizon pandan anpil jou, e Lamoni ak Amon te delivre yo.