Ekriti yo
Alma 19


Chapit 19

Lamoni resevwa limyè lavi etènèl la, epi li wè redanmtè a—Tout moun ki te rete lakay li yo, te tonbe anba yon trans e anpil ladan yo wè zanj yo—Amon te epaye pa mirak—Li batize anpil moun epi li tabli yon legliz nan pami yo. Anviwon 90 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, apre de jou ak de nuit, yo ta pral pran kò l pou y al mete l nan yon tonm yo te fè pou yo antere moun ki mouri.

2 Kounyeya, rèn nan ki te tande anpil pawòl sou renome Amon, se poutèt sa, li te voye chèche Amon pou l te vin kote l.

3 Epi, se te konsa, Amon te fè jan yo te kòmande l la, e li t al jwenn rèn nan pou l te kapab konnen kisa rèn nan te vle.

4 Epi, rèn nan te di l: Sèvitè mari m yo te fè m konnen ou se apwofèt yon Bondye ki sen, e w gen pouvwa pou w fè anpil gwo bagay nan non l;

5 Se poutèt sa, si se vre, m ta vle pou w al gade mari m, paske li kouche nan kabann li depi de jou ak de nuit; e gen moun ki di li pa mouri, men gen moun ki di li mouri, li santi e yo dwe mete l nan tonm; men, pou tèt pa m, m pa wè l santi.

6 Kounyeya, se sa Amon te vle, paske li te konnen wa Lamoni te anba pouvwa Bondye; li te konnen avwal enkredil fènwa a te efase nan panse l, e blimyè ki klere panse l la, se limyè laglwa Bondye a ki se yon limyè ekstraòdinè nan bonte Bondye—wi, limyè sa a te tèlman voye lajwa nan nanm li, nyaj tenèb yo te efase, e limyè lavi pou tout tan an te klere nanm li; wi, li te konnen, li te pran pouvwa sou kò natirèl li, e li te anpòte l jouk nan Bondye.

7 Se poutèt sa, sa rèn nan te vle nan men l la, se te sèlman sa Amon te vle tou; se poutèt sa, li t al wè wa a daprè jan rèn nan te mande l la; li te wè wa a, e li te konnen li pa t mouri.

8 Epi, li te di rèn nan: Li pa mouri, men, l ap dòmi nan Bondye, e demen, li pral leve; se poutèt sa, pa antere l.

9 Epi, Amon te di l: Èske w kwè bagay sa a? Epi, li te di Amon: M pa gen okenn temwen, eksepte pawòl ou ak pawòl sèvitè nou yo; men, m kwè sa va pase jan ou di l la.

10 Epi, Amon te di l: Ou beni poutèt anpil lafwa w genyen; m di w, madanm, pa t janm gen yon gwo alafwa konsa nan pami tout pèp Nefit yo.

11 Epi, se te konsa, li te veye devan kabann mari li a, depi lè sa a, jouk lè Amon te di li t ap reveye nan demen.

12 Epi, se te konsa, li te leve daprè jan Amon te di a, e pandan li t ap leve a, li te lonje men l bay fi a, e li te di: se pou non Bondye beni e se pou ou beni tou.

13 Paske, menm jan ou vivan gade, m te wè Redanmtè m nan; li pral vini, epi yon afi pral ba l bnesans, Epi li pral rachte tout moun ki kwè nan non l. Lè l te fin di pawòl sa yo, kè l te gonfle andedan l, e li te nwaye anba lajwa; e rèn nan te nwaye anba lajwa tou; Lespri a te anvayi l.

14 Kounyeya, paske Amon te wè Lespri Senyè a desann, daprè alapriyè li, sou Lamanit yo, frè l yo, ki te lakòz tout kriye sa a nan pami Nefit yo, oubyen nan pami tout pèp Bondye a, poutèt inikite ak btradisyon zansèt yo, Amon te mete l ajenou, e li te kòmanse louvri nanm li nan lapriyè ak remèsiman li devan Bondye poutèt sa li te fè pou frè l yo; clajwa te anvayi l, epi tou lè twa te dtonbe atè a.

15 Kounyeya, lè sèvitè wa yo te wè sa a yo te tonbe, yo te kòmanse kriye nan pye Bondye tou, lakrent Senyè a te tonbe sou yo tou, paske se ayo menm ki te kanpe devan wa a pou yo temwaye konsènan gwo pouvwa Amon an.

16 Epi, se te konsa, yo te rele non Senyè a avèk fòs jistan yo tout te tonbe atè, eksepte yon sèl fi Lamanit ki te rele Abich; li te konvèti nan Senyè a pandan anpil ane, apre li te fè yon vizyon remakab konsènan papa l—

17 Konsa, li te konvèti nan Senyè a; e li pa t janm kite moun konn sa; men, lè l te wè tout sèvitè Lamoni yo tonbe atè, ak metrès li, rèn nan, ak wa a, ak Amon ki te postène atè a, Abich te konnen se te pouvwa Bondye; e li te sipoze sa ta kapab yon opòtinite pou l fè pèp la konnen sa k pase nan pami yo, e lè pèp la wè bagay sa a, sa ta kapab alakòz yo kwè nan pouvwa Bondye, se poutèt sa, li te kouri nan chak kay pou l fè pèp la konnen nouvèl la.

18 Epi, yo te kòmanse rasanble ansanm lakay wa a. Epi anpil moun te vini, e yo te etone, lè yo te wè wa a, ak rèn nan ak sèvitè yo postène atè a, e yo tout te kouche tankou yo te mouri; yo te wè Amon tou, epi yo te wè li sete yon Nefit.

19 Kounyeya, pèp la te kòmanse plenyen; genyen ladan yo ki te di, se yon gwo malè ki tonbe sou yo oubyen sou wa a, ak lakay li, paske li te kite Nefit yo arete nan peyi a.

20 Men, gen lòt ki te rele dèyè yo, ki te di: Wa a te rale malè sa a sou tèt kay li paske li te touye sèvitè l yo ki te gen bèt yo gaye nan adlo Sebis a.

21 Epi, moun ki te kanpe bò dlo Sebis a, pou agaye bèt wa yo, te repwoche yo, paske yo te fache kont Amon, poutèt anpil frè yo ki te mouri bò dlo Sebis a, lè Amon t ap pwoteje bèt wa yo.

22 Kounyeya youn ladan yo te gen yon frè ki te amouri anba epe Amon; li te tèlman fache kont Amon li te rale epe l pou l te kapab plonje l anndan Amon pou l touye l; e pandan l t ap leve epe a pou l pike Amon, li te tonbe, e li te mouri.

23 Kounyeya, nou wè tout bon, moun pa t kapab touye Amon, paske aSenyè a te di Mozya ki te papa Amon: M ap epaye l e m ap fè sa pou li daprè lafwa w—Se poutèt sa, Mozya te bkonfye l nan men Senyè a.

24 Epi, se te konsa, lè pakèt moun yo te wè nonm ki te leve epe l pou l touye Amon an te tonbe l mouri, lakrent te anvayi yo, e yo pa t pran chans leve men yo pou touche Amon ni okenn nan moun ki te atè a; e yo te kòmanse ap mande youn lòt, kisa ki lakòz yon pouvwa konsa, oubyen kisa tout bagay sa yo te vle di.

25 Epi, se te konsa, gen anpil nan pami yo ki te di Amon se aGwo Lespri a, e gen lòt ki te di, Gwo Lespri a te voye l.

26 Men, gen lòt ki te rele dèyè yo, e ki te di, Amon se yon demon Nefit yo te voye pou toumante yo.

27 Epi, te gen lòt ankò ki te di, Gwo Lespri a te voye Amon pou chatye yo poutèt inikite yo, epi se te Gwo Lespri a ki te toujou ansanm avèk Nefit yo, ki te konn delivre Nefit yo anba men yo, epi yo te di se te Gwo Lespri sa a ki te detwi tou anpil moun sa yo nan pami Lamanit yo.

28 Se konsa te kòmanse gen gwo chirepit nan pami yo. Pandan yo t ap pale anpil, abòn ki t al rele pakèt moun sa yo te vin parèt; lè l te wè chirepit sa a, li te tèlman gen latristès, dlo te koule nan je l.

29 Epi, se te konsa, li t ale, li pran rèn nan nan men, pou l eseye leve l atè a; menm lè l te touche men rèn nan, rèn nan te leve kanpe sou pye l, e li te di byen fò: O, beni non Jezi ki sove m anba lanfè aterib la! O, Bondye, ou beni, pran bpitye pou pèp sa a!

30 Epi, lè l te fin di sa, li te bat men l, li te chaje ak lajwa, li te di anpil pawòl moun pa t konprann, e lè l te fin fè sa, li te pran men wa Lamoni, e wa Lamoni te leve kanpe sou pye l.

31 Epi, imedyatman wa Lamoni te wè chirepit la nan pami pèp li a, li te kòmanse repwoche yo, e li te kòmanse preche yo apawòl li te tande nan bouch Amon yo, e tout moun ki te tande pawòl li yo te kwè, e yo te konvèti nan Senyè a.

32 Men, te gen anpil ladan yo ki pa t vle koute pawòl li yo; se poutèt sa, yo te fè wout pa yo.

33 Epi, se te konsa, lè Amon te leve, li te preche yo tou, tout sèvitè Lamoni yo te preche yo tou; yo tout te rakonte pèp la menm bagay—yo te di kè yo te achanje, yo pa t vle fè anyen ki bmal ankò.

34 Epi gade anpil ladan yo te di pèp la yo te wè azanj yo ki te pale avèk yo; konsa, zanj yo te pale yo pawòl Bondye a ak lajistis li.

35 Epi, se te konsa, te gen anpil ki te kwè nan pawòl li yo e tout moun ki te kwè, te abatize; yo te vin tounen yon pèp ki te jis, epi yo te tabli yon legliz nan pami yo.

36 Se konsa travay Senyè a te kòmanse nan pami Lamanit yo, konsa, Senyè a te kòmanse vide Lespri l sou yo; nou wè men li lonje bay tout amoun ki ta repanti e ki ta kwè nan non li.