Scripture Stories
Retounen Jerizalèm


“Retounen Jerizalèm,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Retounen Jerizalèm,” Istwa Liv Mòmon yo

1 Nefi 3

Retounen Jerizalèm

Vwayaj pou plak eren yo

Imaj
Fanmi k ap kanpe tant

Fami Leyi ak Saria te vwayaje nan dezè a. Nan yon rèv, Senyè a te pale Leyi konsènan ekriti yo sou plak eren yo. Yon nonm ki rele Laban te genyen yo nan Jerizalèm. Senyè a te di fanmi Leyi te dwe pran plak eren yo avèk yo nan vwayaj yo a.

1 Nefi 3:1–3, 19–20

Imaj
Leyi ap pale avèk fanmi li

Senyè a te di Leyi pou l te voye pitit gason l yo retounen Jerizalèm al chèche fanmi Izmayèl. Frè Nefi yo te plenyen. Yo te di Leyi sete yon bagay ki rèd pou yo fè. Yo pa t vle ale.

1 Nefi 3:4–5

Imaj
Saria, Leyi, ak Nefi k ap pale

Sete yon bagay ki rèd pou l fè, men, Nefi te vle obeyi. Li te konnen Senyè a t ap ede l ak frè l yo. Nefi te di Leyi li tap retounen Jerizalèm pou l pran plak yo.

1 Nefi 3:6–8

Imaj
frè yo tou pre Jerizalèm

Laman, Lemyèl, Sam ak Nefi te retounen Jerizalèm. Lè yo te rive, yo te deside pou Laman t al lakay Laban pou mande Laban plak eren yo.

1 Nefi 3:9–11

Imaj
Laban ak Laman

Lè Laman te mande plak eren yo, Laban te rele l yon vòlè. Laban te di li t ap touye Laman.

1 Nefi 3:11–13

Imaj
Laman k ap kouri devan gad yo

Laman te kouri epi l te di frè l yo sa k te pase.

1 Nefi 3:14

Imaj
Nefi ap pale avèk frè l yo

Kat frè yo te tris. Laman, Lemyèl, ak Sam te vle retounen kote paran yo nan dezè a, men, Nefi te gen yon ide. Li te di yo te ka boukante avèk Laban pou yo te gen plak eren yo. Yo te retounen lakay yo nan vil la epi yo te pran tout lò yo ak lajan yo pou yo te boukante.

1 Nefi 3:14 -16, 22–24

Imaj
frè yo k ap kouri devan gad yo

Lè yo te montre Laban lò ak lajan yo, Laban te vle pran tout. Men, malgre sa, li pa t vle ba yo plak eren yo. Okontrè, li te di sèvitè l yo pou yo te touye frè yo pou l te ka pran lò ak lajan yo.

1 Nefi 3:16, 23–25

Imaj
frè yo kache pou gad yo

Kat frè yo te kouri pou sove lavi yo epi yo te kite lò ak lajan yo dèyè. Sèvitè Laban yo pa t ka ratrape yo Frè yo te kache nan yon kav.

1 Nefi 3:26–27

Imaj
Laman ak Lemyèl k ap bat Nefi ak Sam

Apre tout bagay difisil sa yo, Laman ak Lemyèl te move kont Nefi. Yo te frape Nefi ak Sam avèk yon baton.

1 Nefi 3:28

Imaj
yon zanj ki ap pale avèk Laman ak Lemyèl

Soudènman, yon zanj te vini epi l te mande poukisa yo t ap frape Nefi. Zanj lan te di Nefi te chwazi pou l te dirije yo. Apresa, zanj lan te di yo pou yo te retounen Jerizalèm. Senyè a t ap prepare yon mwayen pou yo te gen plak eren yo.

1 Nefi 3:29