Scripture Stories
Abinadi ak Wa Noye


“Abinadi ak Wa Noye,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Mozya 11–17

Abinadi ak Wa Noye

Yon mesaj de yon pwofèt

Imaj
Wa Noye lonje dwèt sou de prèt ki kanpe dèyè l

Wa Noye t ap dirije Nefit yo ki t ap viv nan peyi Nefi a. Noye te fè pèp li a ba li anpil lajan epi apresa li te depanse l nan bèl bagay pou tèt pa li. Li te aple prèt ki te ògèye pou te ede l dirije. Noye pa t respekte kòmandman Bondye yo. Okontrè, li te fè anpil bagay mechan.

Mozya 11:1–13

Imaj
Wa Noye

Noye te dirije pèp li a pou l te vin mechan tou. Yo pa t suiv Senyè a.

Mozya 11:7, 11, 14–15, 19

Imaj
Abinadi ap gade moun k ap fè move bagay

Yon pwofèt Bondye ki te rele Abinadi t ap viv nan peyi a. Senyè a te voye Abinadi al di Noye ak pèp li a pou yo repanti.

Mozya 11:20

Imaj
Abinadi k ap pale avèk moun yo

Abinadi te di moun yo Senyè a te vle pou yo repanti. Si yo pa t repanti, Senyè a t ap kite enmi yo vini nan peyi yo a epi pran kontwòl yo. Enmi yo t ap rann lavi a difisil anpil pou Noye ak pèp li.

Mozya 11:20–25

Imaj
Moun ki fache

Moun yo te fache avèk Abinadi pou sa li te di a. Yo te vle touye li, men Senyè a te kenbe Abinadi an sekirite epi l te ede l chape.

Mozya 11:26

Imaj
Wa Noah sere men li ansanm epi l pale avèk prèt yo

Noye te vle touye Abinadi tou. Noye pa t kwè nan Senyè a. Limenm ak pèp li a pa t repanti.

Mozya 11:27–29

Imaj
Abinadi kenbe plak yo epi l pale ak fanmi

Dezan apre, Senyè a te voye Abinadi retounen pou avèti pèp la. Abinadi te di pèp la ke enmi yo ta pral pran kontwòl peyi a paske yo pa t repanti. Moun yo te fache kont Abinadi. Yo te di yo pa t fè anyen ki mal epi yo pa t ap repanti. Yo te mare Abinadi epi yo te mennen li devan Noye.

Mozya 12:1–16

Imaj
Abinadi ajenou avèk do li nan direksyon Wa Noe

Noye ak prèt li yo te vini avèk yon plan. Prèt yo te eseye twonpe Abinadi nan poze l anpil kesyon. Men Abinadi te reponn yo bravman. Prèt yo te etone devan repons Abinadi yo. Yo pa t ka pran l nan pyèj. Abinadi te di prèt yo ke yo te pi sousye yo de lajan pase fè sa ki dwat.

Mozya 12:17–37

Imaj
Abinadi kanpe epi l ap briye

Noye te di prèt li yo pou yo te touye Abinadi. Men, Abinadi te avèti yo pou yo pa t touche li. Figi li t ap briye avèk pouvwa Bondye. Abinadi te di prèt yo pa t anseye lwa Bondye yo. Abinadi te anseye yo ke Jezikri ta pral fèt, mouri pou nou, epi pral resisite. Li te di Jezi t ap padone yo si yo te repanti.

Mozya 13; 16:6–15

Imaj
Abinadi ap gade Wa Noye

Abinadi te fini mesaj Senyè a te voye l pou l te bay la. Noye te toujou fache. Li te di prèt yo pou yo te pran Abinadi epi touye li.

Mozya 17:1

Imaj
Wa Noye ap gade Abinadi pandan Alma ap reflechi epi lòt prèt yo fache.

Yon prèt, Alma, te kwè Abinadi. Alma te eseye sove Abinadi. Men kounyea Noye te move kont Alma tou epi li te fòse li pou l t ale.

Mozya 17:2–3

Imaj
Alma al kache lwen prèt mechan yo

Prèt yo te di Abinadi Li te kapab viv si li te di ke sa li te anseye yo pa te vrè. Men Abinadi te di li te anseye laverite. Noye ak prèt li yo te vin fache ankò. Yo te deside touye Abinadi avèk dife. Gad Noye yo te eseye touye Alma tou. Men Alma te kache epi l te ekri tout pawòl Abinadi yo.

Mozya 17:3–13, 20