Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 115


Seksyon 115

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Far West, Missouri, 26 Avril 1838, ki fè konnen volonte Bondye konsènan konstriksyon anplasman sa a ak yon kay pou Senyè a. Revelasyon sa a se pou ofisye prezidan yo ak manm yo nan Legliz la.

1–4, Senyè a rele legliz Li a Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo; 5–6, Siyon ak pye li yo se anplasman pou defans ak refij sen yo; 7–16, Sen yo resevwa lòd pou bati yon kay pou Senyè a nan Far West la; 17–19, Joseph Smith gen kle wayòm Bondye a sou tè a.

1 An verite men sa Senyè a di nou, sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, ak sèvitè m nan, Sidney Rigdon, ak sèvitè m nan Hyrum Smith, ak konseye nou yo ki pral lonmen apre sa;

2 Epi tou ou menm sèvitè m nan, Edward Partridge, ak konseye li yo;

3 Epi tou sèvitè fidèl mwen yo ki nan gran konsèy legliz mwen an nan Siyon, paske se konsa yo dwe rele l, epi tout ansyen yo ak pèp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou mwen yo ki dispèse nan tout mond lan.

4 Paske se konsa legliz mwen an pral nan dènye jou yo, ki vle di Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

5 An verite m di nou tout: Leve epi briye, pou limyè nou kapab yon modèl pou nasyon yo;

6 Pou rasanbleman ansanm sou tè Siyon an ak nan pye li yo kapab fèt kòm yon defans, epi kòm yon refij kont siklòn epi kont kòlè ki pral vide san mezi sou tout tè a.

7 Se pou vil Far West la tounen yon tè sen ki konsakre pou mwen; epi yo pral rele li vil ki pi sen an, paske tè kote nou kanpe a sen.

8 Se poutèt sa, m kòmande nou pou nou bati yon kay nan non mwen pou rasanbleman sen mwen yo ansanm, pou yo kapab adore m.

9 Epi se pou gen yon kòmansman nan travay sa a, ak yon fondasyon, yon travay preparatwa nan ete k ap vini an;

10 Epi se pou kòmansman an fèt nan katriyèm jou Jiyè pwochen an; epi depi lè sa a se pou pèp mwen an travay avèk dilijans pou bati yon kay pou non mwen;

11 Epi nan yon ane, kòmanse pou jodi a, se pou yo rekòmanse poze fondasyon kay mwen an.

12 Konsa, se pou yo travay avèk dilijans, kòmanse depi jodi a, jistan l fini.

13 An verite m di nou, se pa pou sèvitè m nan, Joseph, ni sèvitè m nan Sidney, ni sèvitè m nan Hyrum, fè dèt ankò pou bati yon kay pou non mwen;

14 Men, fè bati yon kay pou non mwen daprè modèl m pral montre yo a.

15 Epi si pèp mwen pa bati l daprè modèl m pral montre prezidans yo a, m p ap aksepte l nan men yo.

16 Men, si pèp mwen an bati l daprè modèl m pral montre prezidans yo a, sèvitè m yo menm, Joseph ak konseye l yo, lè sa a m ap aksepte l nan men pèp mwen an.

17 Epi ankò, an verite m di nou, se volonte m pou vil Far West la bati rapid rapid pou rasanbleman sen mwen yo;

18 Epi lòt plas ta dwe tabli kòm pye nan rejyon ki alantou yo, jan sa manifeste devan sèvitè m nan, Joseph, tanzantan.

19 Paske gade, m ap avèk li epi m ap sanktifye l devan pèp la; paske m te ba li kle wayòm ak ministè sa a. Se konsa sa ye. Amèn.