Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 123


Seksyon 123

Devwa Sen yo an relasyon avèk moun k ap pèsekite yo, jan Joseph Smith, Pwofèt la tabli sa, pandan li te prizonye nan prizon Liberty, Missouri a. Seksyon sa a se yon ekstrè ki soti nan yon kourye pou Legliz la ki date 20 Mas 1839 (gade antèt seksyon 121 an).

1–6, Sen yo ta dwe koleksyone epi pibliye istwa soufrans yo ak pèsekisyon yo; 7–10, Se menm lespri ki te tabli fo kwayans yo ki dirije pèsekisyon kont Sen yo tou; 11–17, Anpil moun pami tout relijyon yo gen pou yo resevwa verite a.

1 Epi ankò, nou ta pwopoze pou nou konsidere si l ta apwopriye pou tout sen yo rasanble enfòmasyon sou tout aksyon, ak soufrans ak abi pèp ki nan Eta sa a te fè yo;

2 Ak tout injistis ak tout domaj yo te soufri, ni nan lespri yo ak nan kò yo ak byen materyèl yo;

3 Ak non tout moun ki te mele nan opresyon yo a, otan yo kapab rekonèt yo epi chèche konnen yo.

4 Epi petèt yon komite kapab lonmen tou pou chèche konnen bagay sa yo, pou pran nòt ak sipò; epi tou pou rasanble piblikasyon manti k ap gaye;

5 Ak tout bagay ki nan jounal, ak nan ansiklopedi, ak tout istwa manti ki pibliye, epi ki ekri, ak ki moun ki ekri yo, epi prezante tout melanj pèvèsite dyabolik negatif ak enpozisyon asasen ki te pratike sou pèp sa a—

6 Pou nou kapab pibliye yo non sèlman bay tout mond lan, men, pou nou prezante yo bay chèf gouvènman yo avèk tout koulè fènwa lanfè ki ladan yo, kòm dènye efò Papa nou ki nan syèl la ap fè ansanm avèk nou, anvan nou kapab reklame totalman epi konplètman pwomès ki pral rele l soti nan plas akachèt li a; epi tou pou tout nasyon an kapab rete san eskiz anvan l kapab voye pouvwa ponyèt pisan li a.

7 Se yon devwa san kondisyon nou dwe Bondye, zanj yo, zanj sa yo Bondye pral fè kanpe ansanm avèk nou yo, ak tèt pa nou, ak madanm nou, ak pitit nou yo ki te oblije koube anba lapenn, tristès, ak bezwen anba men asasen ki pi dane yo, tirani, ak opresyon, ki te soti anba enfliyans lespri sa a ki kontrekare avèk fòs tout kwayans zansèt yo, ki te plante manti, nan kè timoun yo, epi ki chaje mond lan avèk konfizyon, ki te devlope chak jou, epi ki se gwo kouran tout koripsyon kounyeya, epi tout a a ap plenn anba pwa inikite li a.

8 Se yon apwasenkant, se yon kòd solid; yo se menòt menm, ak chenn nan pye, ak kòd lanfè yo.

9 Se poutèt sa se yon devwa enperatif nou dwe non sèlman madanm nou ak pitit nou yo, men tou, vèv yo ak moun ki san papa yo, ki te gen mari yo ak papa yo aasasinen anba men terib li yo;

10 Pwofondè tenèb ak fènwa sa a ki ase pou l fè lanfè a tranble, kanpe rèd anba sezisman, pou figi l pal, epi pou men dyab la menm tranble epi pou l paralize.

11 Epi se yon devwa san kondisyon nou dwe tout jenerasyon k ap leve a, ak tout moun ki gen kè pwòp—

12 Paske toujou gen anpil moun sou tè a pami tout relijyon yo, lòt pati yo, ak denominasyon yo, ki aavèg anba fent lèzòm, ki chita ap rete tann nan erè, epi ki pa konnen verite a paske yo pa bkonnen ki kote pou yo jwenn li—

13 Se poutèt sa, pou nou kapab pa gaspiye epi blaze lavi nou lè n ap mennen nan limyè bagay tenèb akache yo, lè nou konnen yo—

14 Bagay sa yo dwe fèt avèk anpil onètete.

15 Pèsonn pa dwe konsidere yo tankou ti bagay piti; paske gen anpil bagay ki sere pou lavni, konsènan sen yo, ki depann sou bagay sa yo,

16 Nou konnen, frè m yo, yon gwo bato kapab abenefisye anpil nan men yon ti gouvènay tou piti pandan yon move tan, si l manevre nan direksyon van an ak vag yo.

17 Se poutèt sa, chè byenneme frè m yo, se pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou avèk kè akontan; epi apre sa nou kapab kanpe trankil, avèk asirans ki pi solid la, pou nou wè bsali Bondye, epi pou ponyèt li kapab aji.