Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 98


Seksyon 98

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio 6 Out 1833. Revelasyon sa a te vini kòm konsekans pèsekisyon kont Sen yo nan Missouri. Gwoupman manm Legliz ki t ap ogmante nan Missouri yo te twouble kèk lòt kolon, ki te santi yo menase pa kantite Sen yo, pa enfliyans politik ak ekonomik yo, ak diferans kiltirèl ak relijye yo. An Jiyè 1833, yon popilas te detwi pwopriyete Legliz la, yo te vide goudwon ak plim poul sou de manm Legliz, epi yo te mande Sen yo pou yo te pati kite Konte Jackson. Malgre kèk nouvèl konsènan pwoblèm nan Missouri yo te siman rive kote Pwofèt la nan Kirtland (anviwon 900 kilomèt distans), se sèlman pa revelasyon li te ka konnen karaktè serye sitiyasyon ki te genyen an lè sa a.

1–3, Afliksyon Sen yo pral pou byen yo; 4–8, Sen yo dwe aksepte lalwa konstitisyon peyi a; 9–10, Yo ta dwe sipòte moun ki onèt, saj, epi ki bon pou gouvène peyi a; 11–15, Moun ki bay lavi yo pou kòz Senyè a pral gen lavi etènèl; 16–18, Renonse ak lagè epi pwoklame lapè; 19–22, Sen yo ki nan Kirtland yo resevwa repwòch ak kòmandman pou yo repanti; 23–32, Senyè a revele lalwa Li ki gouvène pèsekisyon ak afliksyon ki enpoze sou pèp Li a; 33–38, Lagè jistifye sèlman lè Senyè a kòmande l; 39–48, Sen yo dwe padone ènmi yo, epi ènmi yo ap chape anba vanjans Senyè a si yo repanti.

1 An verite M di nou, zanmi m yo, pa a, rekonfòte kè ou; wi, rejwi tout tan, epi nan tout bagay bay bremèsiman;

2 aRete tann Senyè a avèk pasyans, paske priyè nou yo antre nan zòrèy Senyè tout Lame a yo, epi yo anrejistre avèk so epi ak testaman sa a Senyè a te sèmante epi l te dekrete pou l akòde bagay sa a.

3 Senyè a di, se poutèt sa, li ba nou pwomès sa a, avèk yon alyans ki pa kapab chanje pou yo akonpli; epi tout bagay ki te aaflije nou pral travay ansanm pou byen nou, epi pou laglwa non mwen.

4 Epi kounyeya, an verite m di nou, konsènan lalwa peyi a, se volonte m pou pèp mwen an obsève pou l fè tout bagay m kòmande yo.

5 Epi alalwa sa a ki pou peyi a, ki bkonstitisyonèl la, ki sipòte prensip libète a, paske l kenbe dwa ak privilèj yo, li pou tout limanite, epi li jis devan mwen.

6 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m jistifye nou, ak frè nou yo ki nan legliz mwen an, lè n ap aksepte lalwa sa a ki se lalwa konstitisyon peyi a;

7 Men, daprè sa ki konsène lalwa lòm, nenpòt sa ki plis oubyen mwens pase sa, li soti nan mal.

8 Mwen menm, Senyè Bondye a, m fè nou alib, se poutèt sa, nou gade lib; epi lalwa a fè nou lib tou.

9 Sepandan, lè amechan ap dirije, pèp la plenyen.

10 Se poutèt sa, yo ta dwe chèche avèk dilijans moun ki aonèt ak moun ki saj, epi nou ta dwe sipòte bon moun ak moun ki saj; otreman, nenpòt bagay ki mwens pase sa li soti nan mal.

11 Epi m ba nou yon kòmandman pou nou abandone tout mal epi pou nou atache nou avèk tout byen, pou nou kapab viv avèk chak apawòl ki soti nan bouch Bondye.

12 Paske l ap abay moun ki fidèl yo liy sou liy, presèp sou presèp; epi m ap beseye nou pou m kapab teste ou.

13 Epi nenpòt moun ki abay vi l nan kòz mwen, poutèt non mwen, l ap jwenn li ankò, lavi etènèl menm.

14 Se poutèt sa, Senyè a di, pa a ènmi nou yo, paske m dekrete nan kè mwen, pou m bteste nou nan tout bagay, pou wè si n ap rete nan alyans mwen an, menm jouk nan clanmò, pou nou kapab rete diy.

15 Paske si nou pa rete nan alyans mwen an, nou pa diy pou mwen.

16 Se poutèt sa, arenonse avèk blagè epi pwoklame clapè, epi chèche avèk dilijans pou fè kè pitit yo dvire sou papa yo, epi kè papa yo sou pitit yo;

17 Epi ankò, kè aJuif yo sou pwofèt yo, epi kè pwofèt yo sou Juif yo; pou m pa vin frape tout tè a avèk yon malediksyon, epi tout chè konsonmen devan mwen.

18 Pa kite kè nou twouble; paske gen aanpil palè lakay Papa m, epi m prepare yon plas pou nou; epi kote Papa m avèk mwen ye, se la n ap ye tou.

19 Gade, mwen menm Senyè a m pa kontan avèk anpil moun ki nan legliz Kirtland nan;

20 Paske yo pa abandone peche yo, ak chemen mechan yo, lògèy ki nan kè yo a, ak konvwatiz yo, ak tout bagay detestab yo, epi pou yo obsève pawòl sajès yo ak lavi etènèl m ba yo a.

21 An verite m di nou, mwen menm Senyè a, m ap achatye yo epi m ap fè tout bagay m te mete sou lis, si yo pa repanti pou yo obsève tout bagay m te di yo.

22 Epi ankò m di nou, si nou obsève pou nou a tout bagay m kòmande nou, mwen menm Senyè a, m ap detounen tout kòlè ak endiyasyon lwen nou, epi bpòt lanfè a p ap gen pouvwa sou nou.

23 Kounyeya, m ap pale avèk nou konsènan fanmi nou—si lèzòm afrape nou, oubyen fanmi nou yon fwa, epi nou sipòte l avèk pasyans epi nou pa revòlte kont yo, ni tou nou pa chèche revanj, n ap rekonpanse;

24 Men, si nou pa sipòte l avèk pasyans, l ap konte pou nou atankou yon bagay ou byen merite.

25 Epi ankò, si ènmi nou frape nou yon dezyèm fwa, epi nou pa revòlte kont ènmi nou, epi ou sipòte l avèk pasyans, rekonpans nou ap san fwa plis.

26 Epi ankò, si l frape nou yon twazyèm fwa, epi nou sipòte l avèk apasyans, rekonpans nou ap double kat fwa;

27 Epi twa temwayaj sa yo ap kanpe kont ènmi nou si l pa repanti, epi l p ap efase.

28 Epi kounyeya, an verite m di nou, si ènmi sa a chape anba vanjans mwen, epi li pa tonbe nan jijman devan mwen, lè sa a nou pa dwe manke aavèti l nan non mwen, pou l pa vini sou nou ankò, ni sou fanmi nou, menm pitit pitit nou yo sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.

29 Epi apre sa, si l vini sou nou oubyen sou pitit nou, oubyen pitit pitit nou sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon an, m ap livre ènmi nou nan men nou;

30 Epi si nou epanye l, n ap rekonpanse pou lajistis nou; ak pitit nou yo ak pitit pitit nou yo jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.

31 Sepandan, ènmi nou nan men nou, epi si nou rekonpanse l pou zèv li yo nou jistifye; si l te chèche pran vi nou, epi li mete vi nou an danje, ènmi nou an nan men nou epi nou jistifye.

32 Gade, se lalwa sa a m te bay sèvitè m nan, Nefi, ak apapa nou yo, Joseph, ak Jakòb, ak Izarak, ak Abraram, ak tout ansyen pwofèt ak apot mwen yo.

33 Epi ankò, se alalwa sa a m te bay ansyen moun mwen yo, pou yo pa ale nan goumen kont okenn lòt nasyon, fanmi, lang oubyen pèp, san mwen menm Senyè a m pa kòmande yo.

34 Epi si nenpòt nasyon, lang, oubyen pèp ta deklare lagè kont yo, yo dwe leve yon banyè alapè devan pèp, nasyon, oubyen lang sa a dabò;

35 Epi si pèp sa a pa aksepte lapè yo ofri a, ni dezyèm fwa ak twazyèm fwa a, yo te dwe pote temwayaj sa yo devan Senyè a;

36 Apre sa, mwen menm Senyè a, m t ap ba yo yon kòmandman, epi m t ap jistifye yo pou y al goumen kont nasyon sa a, lang sa a, oubyen pèp sa a.

37 Epi mwen menm Senyè a, m t ap agoumen nan batay yo a, ak batay pitit yo a, ak batay pitit pitit yo a, jistan yo vanje tèt yo sou tout ènmi yo, jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.

38 Senyè Bondye nou an di, gade, se yon egzanp pou tout pèp, pou jistifikasyon devan m.

39 Epi ankò, an verite m di nou, si apre ènmi nou an te vini sou nou pou premye fwa a, li repanti epi l vin priye pou padon, nou dwe padone l, epi nou pa dwe kenbe sa kòm yon temwayaj kont ènmi nou an ankò—

40 Epi eksetera, jouk nan dezyèm ak twazyèm fwa a; epi osi souvan ènmi nou an repanti nan peche kont nou, nou dwe apadone l, jouk sou swasanndis fwa swasanndis.

41 Epi si l peche kont nou epi l pa repanti pou premye fwa, malgre sa nou dwe padone l.

42 Epi si l fè peche kont nou pou dezyèm fwa a, epi l pa repanti, malgre sa nou dwe padone l.

43 Epi si l fè peche kont nou pou twazyèm fwa, epi l pa repanti, nou dwe padone l tou.

44 Men, si l fè peche kont nou pou katriyèm fwa nou pa dwe padone l, men nou dwe pote temwayaj sa yo devan Senyè a; epi yo p ap efase jistan l repanti epi l rekonpanse nou kat fwa plis nan tout bagay li te peche kont nou.

45 Epi si l fè sa, nou dwe padone l avèk tout kè nou; epi si l pa fè sa, mwen menm Senyè a, m ap avanje nou kont ènmi nou an san fwa plis;

46 Ak sou pitit li yo, ak sou pitit pitit tout moun ki rayi m, jouk nan atwazyèm ak katriyèm jenerasyon an.

47 Men si timoun yo repanti, oubyen pitit pitit yo, epi yo aretounen vin jwenn Senyè Bondye yo a, avèk tout kè yo, epi avèk tout pouvwa yo, panse yo, ak fòs yo, epi yo peye kat fwa pou tout peche yo te fè yo, oubyen papa yo te fè, oubyen papa papa yo, apre sa, nou dwe detounen endiyasyon nou;

48 Epi Senyè Bondye nou an di, avanjans p ap vini sou yo ankò, epi peche yo p ap janm prezante ankò kòm yon temwayaj devan Senyè a kont yo. Amèn.