Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 119


Seksyon 119

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Far West, Missouri, 8 Jiyè 1838, kòm repons pou siplikasyon li a: “O Senyè! Montre sèvitè w yo konbyen ou rekòmande nan byen pèp ou a pou ladim.” Lwa ladim nan, jan nou konprann li jodi a, Legliz la pa t resevwa l anvan revelasyon sa a. Ekspresyon ladim nan nou fèk site a ak nan revelasyon anvan yo (64:23; 85:3; 97:11) te konn vle di non sèlman yon-dizyèm, men tou, tout ofrann volonte, oubyen kontribisyon pou finans Legliz la. Revelasyon sa a te vini apre Sen yo te pase anba gwo difikilte finansye nan Missouri ak Ohio akoz konstriksyon Tanp Kirtland nan; pèsekisyon nan Konte Jackson, Missouri; ak yon kriz finansye nan tout peyi a. Sen yo te kontinye bati kominote nan Missouri tou.

1–5, Sen yo dwe peye kantite ki anplis nan byen yo epi apresa, pou yo bay chak lane, kòm ladim, dizièm pati nan revni yo; 6–7, Jan sa a pral sanktifye pey Siyon an.

1 An verite, Senyè a te di, m rekòmande tout byen yo gen anplis pou nou mete nan men evèk legliz mwen an ki nan Siyon an,

2 Pou bati kay mwen an, epi pou fè fondasyon Siyon epi pou prètriz la, epi pou dèt prètriz Legliz mwen an.

3 Epi se pral kòmansman ladim pèp mwen an.

4 Epi Senyè a di, apre sa, moun ki te peye ladim sa yo pral peye yon dizyèm nan tout enterè yo chak ane; epi sa pral yon lalwa regilye pou yo pou tout tan, pou prètriz sen mwen an.

5 An verite m di nou konsa, se pral konsa, tout moun ki rasanble nan peyi Siyon an pral peye ladim nan sou byen yo gen anplis, epi y ap obsève lalwa sa a, oubyen yo p ap diy pou yo rete pami nou.

6 Epi m di nou, si pèp mwen an pa obsève lalwa sa a, pou yo kenbe l sen, epi avèk lalwa sa a pou yo sanktifye tè Siyon an pou mwen, pou kòmandman ak jijman m yo rete sou li, pou l kapab sa ki pi sen an, gade, an verite m di nou, li p ap yon peyi Siyon pou nou.

7 Epi sa ap yon egzanp pou tout pye ki nan Siyon yo. Se konsa sa ye. Amèn.