Scripture Stories
Chapit 9: Yon nouvo fwaye nan tè pwomiz la


Chapit 9

Yon nouvo fwaye nan tè pwomiz la

Imaj
Tè pwomiz la

Bato a ki t ap transpòte fanmi Leyi a te travèse oseyan an epi l te rive nan tè pwomiz la. Moun yo te monte tant yo.

Imaj
ap plante semans

Yo te prepare tè a epi yo te plante semans yo te pote yo.

Imaj
anpil zannimo

Pandan yo t ap mache vizite nouvo tè yo a, yo te dekouvri plizyè kalite zannimo. Yo te jwenn lò, ajan, ak kuiv.

Imaj
Nefi ap ekri

Bondye te di Nefi pou l te fè plak metal pou l te ka ekri sou yo. Nefi te ekri konsènan fanmi li ak vwayaj yo te fè yo. Li te ekri pawòl Bondye yo tou.

Imaj
Leyi ap pale ak fanmi li

Leyi te vin granmoun. Anvan l te mouri, li te pale ak pitit gason l yo epi l te di yo pou yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Li te beni pititpitit li yo tou.

Imaj
Laman ak Lemyèl fache kont Nefi

Apre lanmò Leyi, Laman ak Lemyèl te vin fache kont Nefi epi yo te vle touye li. Yo pa t vle pou Nefi, ki te ti frè yo, vin dirije yo.

Imaj
Nefi ak jis yo ap deplase

Senyè a te di Nefi pou l l te mennen moun ki te jis yo nan dezè a. Yo te vwayaje pandan plizyè jou epi finalman yo te rive nan yon peyi yo te rele Nefi.

Imaj
moun k ap pale

Moun ki te suiv Nefi yo te obeyi Bondye. Yo te travay anpil epi yo te beni. Nefi te anseye pèp li a pou yo te fè konstriksyon avèk bwa ak metal. Yo te konstwi yon bèl tanp.

Imaj
Lamanit

Moun ki te suiv Laman ak Lemyèl yo te rele Lamanit.

Imaj
Lamanit

Lamanit yo pa t obeyi Bondye epi li te retire yo nan prezans li. Lespri Senyè a pa t kapab rete avèk yo pazavan yo te repanti.

Imaj
Lamanit ka p batay avèk Nefit

Lamanit yo te plen mechanste epi yo te souvan al batay avèk Nefit yo.