Scripture Stories
Chapit 34: Elaman ak 2000 Jèn Gèrye yo


Chapit 34

Elaman ak 2000 Jèn Gèrye yo

Imaj
gad sou miray yo

Pèp Amon an te pwomèt Bondye ke yo pa t ap janm batay ankò. Yo te viv toupre Nefit yo, epi Nefit yo te pwoteje yo.

Imaj
mesye k ap pale avèk Elaman

Lè lenmi pèp Amon yo te atake Nefit yo, pèp Amon an te vle kraze pwomès yo a pou yo te ka al ede Nefit yo batay.

Imaj
Elaman ap pale ak gwoup

Elaman ak lòt dirijan Nefit yo pa t vle pou pèp Amon an kraze pwomès yo te fè Bondye a.

Imaj
pitit gason pèp Amon an

Jèn pitit gason moun pèp Amon yo pa t fè pwomès la. Yo te vle ede lame Nefit la batay pou libète.

Imaj
2000 gèrye yo

Demil jèn mesye sa yo te chwazi pou yo te defann peyi yo. Yo te mande Elaman pou l te vin dirijan yo.

Imaj
twa gèrye yo

Jèn gason sa yo te vanyan, yo te brav, ak fèm. Yo te onèt epi yo te diy pou konfyans tou, epi yo te kenbe kòmandman Bondye yo.

Imaj
Elaman avèk gèrye yo

Elaman te mennen 2000 jèn gèrye l yo nan batay. Li te rele yo pitit gason li, epi yo te rele l papa.

Imaj
Elaman ap dirije gèrye yo

Malgre piti gason Elaman yo pa t janm te konn batay, yo pa t pè. Manman yo te anseye yo pou gen lafwa nan Bondye epi konnen ke li t ap ede yo.

Imaj
gèrye yo ap batay

Elaman ak lame li a te mennen plizyè batay kont Lamanit yo. Jèn gason sa yo te obeyi tout lòd Elaman yo.

Imaj
gèrye yo apre batay la

Yo te batay kourajezman epi yo te ede pouse do lènmi yo lwen. Apre batay la Elaman te reyalize ke tout pitit li yo te blese men yo youn pa t mouri.

Imaj
Elaman ak gèrye

Sete yon mirak. Elaman te kontan anpil. Li te konnen ke jèn gason sa yote pwoteje akòz gwo lafwa yo nan Bondye.