Scripture Stories
Chapit 49: Mòmon ak ansèyman l yo


Chapit 49

Mòmon ak ansèyman l yo

Imaj
de gwoup mesye

Anpil ane apre Jezikri te vizite Nefit yo, yon ti gwoup moun te kite Legliz la epi yo te rele tèt yo Lamanit.

Imaj
gwoup ka p pale

Alafen, prèske tout moun yo te vin mechan, ni Nefit yo ni Lamanit yo.

Imaj
Amawon kache anal yo

Yon mesye jis, Amawon, te kenbe anal sakre yo. Sentespri a te di li pou l te kache yo pou yo te ka ansekirite.

Imaj
Amawon ap pale a jèn Mòmon

Amawon te di Mòmon, yon tigason 10 zan, kikote anal yo te kache. Amawon te konnen ke l te ka fè Mòmon konfyans.

Imaj
Amawon ak Mòmon

Lè l te gen 24 tran, Mòmon te gen pou l te pran plak yo epi pou l te ekri apwopo pèp li a sou yo.

Imaj
Nefit ak Lamani t k ap batay

Lè Mòmon te gen 11 zan, yon lagè te kòmanse ant Nefit yo ak Lamanit yo. Nefit yo te genyen lagè a, epi lapè te retounen.

Imaj
moun k ap bwè

Men Nefit yo te sitèlman mechan ke Senyè a te retire twa disip yo, sa k te mete fen nan mirak ak gerizon yo. Sentespri a pa t ap gide pèp la ankò.

Imaj
Mòmon

Lè Mòmon te vin gen 15 zan, Jezikri te vizite li. Mòmon te aprann plis konsènan Sovè a ak bonte li.

Imaj
Mòmon ap siveye de mesye

Mòmon te vle preche pèp la, men Jezi te di l non paske moun yo te twò mechan. Kè yo te monte kont Bondye.

Imaj
Mòmon kòm dirijan militè

Avan lontan yon lòt lagè te kòmanse. Mòmon te gran ak puisan, epi Nefit yo te chwazi l pou l te dirije lame yo a.

Imaj
Mòmon ap pale ak lame a

Nefit yo te konbat Lamanit yo pandan anpil ane. Mòmon te eseye ankouraje pèp li a pou yo te batay pou fanmi yo ak fwaye yo.

Imaj
batay

Men, Nefit yo te vin sitèlman mechan ke Senyè a pa t vle ede yo ankò.

Imaj
Mòmon ap pale avèk meseye yo

Mòmon te di Nefit yo ke yo t ap epanye sèlman si yo te repanti epi vin batize. Men moun yo te refize.

Imaj
Mòmon ap siveye lame a

Yo te vante tèt yo poutèt fòs yo, yo te di yo ta pral touye tout Lamanit yo. Akoz mechanste Nefit yo, Mòmon te refize kontinye dirije yo.

Imaj
Mòmon kanpe avèk lame a

Lamanit yo te kòmanse venk Nefit yo nan chak batay. Mòmon te deside dirije lame Nefit yo ankò.

Imaj
Mòmon chita

Li te konnen ke Nefit mechan yo pa t ap gen lagè a. Yo pa t repanti ni priye pou yo te jwenn èd yo te bezwen an.

Imaj
Mòmon dekouvri anal yo

Mòmon te pran tout anal yo soti nan Kolin Kimora a kote Amawon te kache yo a epi l te ekri pou moun ki te pral li anal sa yo yon jou yo.

Imaj
Mòmon avèk anal sakre yo

Li te vle tout moun, enkli Juif yo, konnen konsènan Jezikri, pou yo repanti epi batize, epi viv levanjil la epi jwenn benediksyon.

Imaj
Mòmon ap ekri sou plak sakre yo

Lespri a te enspire Mòmon pou l te mete ti plak Nefi yo, ki te gen pwofesi sou vini Kris la, avèk plak Mòmon yo.

Imaj
Lame Mòmon an

Mòmon te dirije Nefit yo nan peyi Kimora a, kote yo te prepare yo pou yo te konbat Lamanit yo ankò.

Imaj
Mòmon kenbe plak yo

Mòmon te kòmanse granmoun. Li te konnen sa ta pral dènye batay la. Li pa t vle pou Lamanit yo te jwenn anal sakre yo epi detwi yo.

Imaj
Mòmon ab bay Mowoni plak yo

Konsa, li te bay pitit gason li, Mowoni, plak Mòmon yo, epi l te kache rès plak yo nan Kolin Kimora a.

Imaj
Nefit yo ap mounri

Lamanit yo te atake epi yo te touye tout Nefit yo, eksepte 24 Nefit. Mòmon te blese.

Imaj
Mòmon blese

Mòmon te tris dèske si anpil Nefit te mouri konsa, men li te konnen ke yo te mouri paske yo te rejte Jezi.

Imaj
Jezikri

Mòmon te eseye anseye Nefit yo verite a. Li te di yo kijan sa te enpòtan pou yo te gen lafwa nan Jezikri.

Imaj
Mòmon ap anseye

Li te eseye anseye yo pou yo te gen esperans atravè Ekspyasyon Jezikri a epi pou yo te gen charite, ki se lanmou pi Kris la.

Imaj
Mòmon ap ekri lèt

Epi Mòmon te ekri lèt voye bay pitit gason li, Mowoni, ki te te anseye Nefit yo levanjil la tou.

Imaj
Mowoni ap li lèt

Mòmon te ekri osijè mechanste terib Nefit yo. Li te di Mowoni pou l te rete fidèl nan Jezikri.

Imaj
Mòmon te mouri

Lamanit yo te touye Mòmon ak tout Nefit yo, eksepte Mowoni, ki te fin ekri anal yo.