Chapit 50
Jaredit yo kite Babèl
Jarèd ak frè l la sete gason jis ki te viv nan yon vil ki te rele Babèl. Yo te viv dè santèn ane avan Nefit yo.
Etè 1:33; Jenèz 11:9
Pifò nan moun Babèl yo sete mechan. Yo te bati yon tou pou yo te eseye rive nan syèl la. Senyè a te vin fache epi l te chanje lang yo.
Jenèz 11:4, 7
Jarèd te mande frè l la pou l te priye epi mande Senyè a pou l pa t chanje lang fanmi li ak zanmi l yo.
Frè Jarèd la te priye, epi Senyè a te reponn priyè li. Jarèd, frè l la, ak fanmi yo ak zanmi yo te toujou ka konprann youn lòt.
Senyè a te di frè Jarèd la pou l te rasanble fanmi l ak zanmi li yo epi kite peyi a. Yo te pran bèt yo ak tout kalite semans avèk yo.
Senyè a te di l t ap dirije Jaredit yo al nan yon tè pwomiz.
Jaredit yo te pran zwazo ak pwason pou mennen avèk yo.
Yo te pran abèy tou.
Jaredit yo te vwayaje nan dezè a. Senyè a te pale avèk yo nan yon nyaj epi l te di yo ki wout pou yo te fè.
Senyè a te di ke moun ki viv nan tè pwomiz la dwe sèvi Bondye oubyen y ap detwi.
Lè Jaredit yo te rive bò lanmè a, yo te monte tant yo. Yo te rete bò lanmè a pandan katran.