Scripture Stories
Chapit 18: Jèn Alma Repanti


Chapit 18

Jèn Alma Repanti

Imaj
Alma òdone lòt moun

Wa Mozya te chwazi Alma kòm dirijan Legliz la nan Zarayemla. Apresa, Alma te chwazi lòt gason pou te ede l anseye Nefit yo.

Imaj
kwayan yo sibi pèsekisyon

Alma ak Wa Mozya te enkyè paske moun ki te enkwayan yo t ap fè manm Legliz yo soufri poutèt kwayans yo.

Imaj
Jèn Alma

Alma te gen yon pitit gason ki te rele Alma. Jèn Alma pa t kwè nan ansèyman papa l yo epi l te vin yon moun ki te mechan.

Imaj
Jèn Alma ak pitit gason Wa Mozya yo

Jèn Alma ak kat pitit gason Wa Mozya yo te goumen kont Legliz la. Yo te pèsyade anpil moun pou yo te kite Legliz la epi vin mechan.

Imaj
Alma ap priye

Alma te priye pou pitit gason l lan te aprann verite a epi repanti.

Imaj
Jèn Alma ak pitit Wa Mozya yo

Jèn Alma ak pitit gason Wa Mozya yo te kontinye ap eseye detwi Legliz la.

Imaj
zanj parèt devan gason

Yon jou, yon zanj te parèt devan yo Zanj la te pale avèk yon vwa ki te souke tè a.

Imaj
jèn gason ki panike pa zanj lan

Senk jèn gason yo te sitèlman pè ke yo te tonbe atè. Odepa, yo pa t ka konprann kisa zanj lan t ap di.

Imaj
zanj parèt devan Alma, pi jèn nan

Yon zanj te vini an repons a priyè manm Legliz yo. Zanj lan te mande jèn Alma poukisa l t ap konbat Legliz la.

Imaj
Jèn Alma

Tè a te souke lè zanj lan te di jèn Alma pou l te sispann eseye detwi Legliz la.

Imaj
tigason ki tonbe atè

Jèn Alma ak pitit gason Mozya yo te tonbe ankò. Yo te wè yon zanj, epi yo te konnen pouvwa Bondye te souke tè a.

Imaj
Jèn Alma atè a

Jèn Alma te sitèlman etone ke l pa t ka pale. Li te vin tèlman fèb ke l pat ka menm bouje men li.

Imaj
Y ap pote jèn Alma

Pitit gason Mozya yo te pote jèn Alma bay papa li epi yo te di l tout sa k te rive yo.

Imaj
Alma ap priye

Alma te kontan. Li te konnen ke Bondye te reponn priyè l yo.

Imaj
jèn Alma nan kabann

Alma te rele yon foul moun vin rasanble pou yo te vin wè sa Senyè a te fè pou pitit gason l la ak pou pitit gason Mozya yo.

Imaj
Alma ap beni pitit gason li

Alma, ansanm ak lòt dirijan Legliz yo, te jene ak priye epi yo te mande Bondye pou l te ede jèn Alma rejwenn fòs li.

Imaj
Jèn Alma k ap pale ak papa li

Apre de jou ak de nuit, jèn Alma te vin ka pale ak bouje.

Imaj
Jèn Alma ap pale ak lòt moun

Li te di moun yo ke l te repanti pou peche l yo epi Bondye te padone li.

Imaj
Jèn Alma k ap anseye

Li te anseye ke tout moun dwe vin jis pou yo ka antre nan wayòm Bondye a. Li te pale yo tou sou gwo doulè li te soufri akoz peche l yo.

Imaj
Alma pi Jèn nan

Jèn Alma te kontan paske l te repanti epi Bondye te padone li. Li te konnen Bondye renmen li.

Imaj
gason ka p anseye

Jèn Alma ak pitit gason Wa Mozya yo te kòmanse anseye verite a nan tout peyi a, pou yo te di tout moun sa yo te wè ak sa yo te tande.

Imaj
Jèn Alma ap anseye moun

Yo te eseye korije domaj yo te lakoz yo. Yo te eksplike moun yo ekriti yo epi yo te anseye yo konsènan Jezikri.

Imaj
Jèn Alma ap batize lòt moun

Bondye te beni jèn Alma ak pitit gason Mozya yo pandan yo t ap anseye levanjil la. Anpil moun te tande yo epi kwè yo.