Scripture Stories
Chapit 32: Kapitèn Mowoni ak EtandaLibète a


Chapit 32

Kapitèn Mowoni ak Etanda Libète a

Imaj
Amalikya k ap pale

Yon mesye mechan ki rele Amalikya te vle vin wa sou Nefit yo. Anpil Nefit te kite Legliz la pou yo te suiv li.

Imaj
Amalikya

Si Amalikya te vin wa, li t ap detwi Legliz Bondye a epi retire libète pèp la.

Imaj
Mowoni k ap siveye Amalikya

Lè Kapitèn Mowoni, dirijan lame Nefit yo, te tande plan Amalikya pou l te vin wa a, li te fache.

Imaj
Mowoni k ap ekri sou yon drapo

Mowoni te chire vès li pou l te fè yon drapo. Sou li l te ekri yon mesaj pou te raple moun yo pou yo te defann relijyon yo, libète yo ak lapè yo.

Imaj
Mowoni k ap priye

Mowoni te mete drapo a sou yon bwa epi l te rele l etanda libète a. Apresa avèk gwo inifòm konba l sou li, li te ajenou pou l te priye.

Imaj
Mowoni k ap priye

Li te mande Bondye pou l te pwoteje moun ki te kwè nan Jezikri yo epi l te priye pou libète nan peyi a, ke l te rele yon peyi libète.

Imaj
Mowoni k ap brandi drapo

Mowoni te ale nan mitan pèp la. Pandan l ap brandi drapo a, li te rele yo pou yo te vin ede pwoteje libète yo.

Imaj
moun ki antoure Mowoni

Moun yo te vini soti tout kote nan peyi a. Yo te pwomèt pou yo te obeyi kòmandman Bondye yo epi pou yo te batay pou libète.

Imaj
Amalikya ak moun ki t ap suiv li yo pete kouri

Lè Amalikya te wè kantite Nefit ki te ralye avèk Mowoni, li te kraponnen. Limenm ak moun ki t ap suiv li yo te kouri al ini yo avèk Lamanit yo.

Imaj
Mowoni ak lame li

Mowoni ak lame l la a te eseye bloke yo, men Amalikya ak kèk nan mesye l yo te chape.

Imaj
drapo ki monte sou toudekontwòl

Mowoni te mete yon etanda libète sou chak toudekontwòl nan peyi Nefit yo. Nefit yo te konsève libète yo epi yo te vin gen lapè ankò.