Scripture Stories
Chapit 46: Jezikri anseye Nefit yo epi l priye avèk yo


Chapit 46

Jezikri anseye Nefit yo epi l priye avèk yo

Imaj
moun k ap mache aswè

Nefit ki te wè Jezikri yo t al di zanmi yo ke l t ap tounen nan demen. Anpil moun te fè anpil efò pou yo t ale kote Jezi ta pral ye a.

Imaj
moun k ap priye

Nan demen maten Nefi ak lòt disip yo te anseye gwoup ki te reyini yo. Apresa disip yo te priye pou yo te ka resevwa Sentespri a.

Imaj
disip k ap resevwa batèm

Nefi te antre nan dlo a epi l te batize. Apresa li te batize lòt disip yo.

Imaj
zanj desann soti nan syèl la

Apre yo te fin batize, disip yo te resevwa Sentespri a. Sete kòmsi dife te antoure yo, epi zanj te desann soti nan syèl la epi yo te sèvi yo.

Imaj
Jezi avèk anj yo

Pandan zanj yo te avèk disip yo, Jezi te vini nan mitan yo.

Imaj
Nefi ap priye

Kris la te di tout Nefit yo pou yo te mete yo ajenou. Li te di disip li yo pou yo te priye.

Imaj
Jezi k ap priye

Pandan yo t ap priye, Jezi te fè yon ti deplase ale lwen moun yo epi li te mete l ajenou epi l te priye Pè Selès la.

Imaj
Jezi k ap priye

Jezi te remèsye Pè Selès la paske li te bay disip li yo Sentespri a. Apresa li te mande pou tout moun ki te kwè nan pawòl disip yo te resevwa Sentespri a.

Imaj
Jezi ap beni disip yo

Jezi te beni disip li yo pandan yo t ap priye a. Li te souri ba yo, epi yo te vin blan menmjan ak figi li ak rad li.

Imaj
Jezi ap priye avèk disip yo

Jezi te priye ankò pou disip li yo. Li te kontan pou gwo lafwa yo.

Imaj
Jezi ap pale ak moun yo

Kris la te di moun yo pou yo te sispann priye men pou yo te kontinye priye nan kè yo. Apresa li te ba yo sentsèn.

Imaj
Jezi ap beni pen an

Pèsonn pa t pote pen ni diven, men Sovè a te founi yo nan yon fason mirakile.

Imaj
Joseph Smith kenbe ekriti yo

Jezikri te di Nefit yo ke levanjil li a t ap gen pou l retounen sou tè a nan dènye jou yo.

Imaj
Kris k ap pale ak Nefi

Li te di yo pou te etidye ekriti yo, epi li te fè Nefi ekri akonplisman rès pwofesi Samyèl, Lamanit la, te bay yo nan anal yo.

Imaj
Jezi anseye apati ekriti yo

Apresa Jezi te anseye moun yo nan ekriti yo. Li te di yo pou youn te anseye lòt bagay li te anseye yo.

Imaj
Nefi ap batize

Jezi te retounen nan syèl la, epi disip li yo te anseye moun yo. Moun ki te kwè yo te batize epi yo te resevwa Sentespri a.

Imaj
Nefit yo ap pote joumou

Nefit yo te kòmanse obeyi tout kòmandman yo.