Scripture Stories
Chapit 40: Samyèl, Lamanit la, pale de Jezikri


Chapit 40

Samyèl, Lamanit la, pale de Jezikri

Imaj
Lamanit k ap mache

Lamanit yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Yo te vin pi jis pase Nefit yo.

Imaj
Samyèl ap preche Nefit yo

Samyèl, yon pwofèt Lamanit, te ale Zarayemla pou l te preche Nefit mechan yo. Li te di yo pou yo te repanti.

Imaj
Samyèl k ap kouri pou gad Nefit yo.

Nefit yo te mete Samyèl deyò nan vil la, epi l te kòmanse retounen al nan peyi li.

Imaj
Samyèl ap priye

Men Senyè a te di Samyèl pou l te retounen Zarayemla epi di pèp la sa Bondye t ap mete nan kè li.

Imaj
Samyèl ap preche sou yon miray

Nefit yo pa t kite Samyèl tounen antre nan vil la, konsa, li te grenpe sou tèt miray vil la epi l te kanpe la pou l te preche.

Imaj
moun ap koute Samyèl

Li te pwofetize ke Nefit yo ta pral detwi nan 400 zan amwenske moun yo te repanti epi yo te vin gen lafwa nan Jezikri.

Imaj
Samyèl ap pale

Samyèl te di Nefit yo ke Jezikri t ap vin pran nesans nan senkan epi li t ap sove tout moun ki kwè nan li.

Imaj
zetwal anlè Bètleyèm

Samyèl te pale yo konsènan siy nesans Jezi yo. Yon nouvo zetwal t ap parèt, epi nuit anvan nesans Jezi t ap fèt la pa t ap fènwa.

Imaj
mesye ki chita nan fènwa

Samyèl te pale yo de siy sou lanmò Jezi yo. Ta pral gen twa jou fènwa total—solèy la, lalin nan, ak zetwal yo pa t ap briye.

Imaj
zèklè ap frape bilding yo

Ta pral gen loraj ak zèklè ak tranblemandtè tou. Montay yo ta pral kraze, epi anpil vil ta pral detwi.

Imaj
Nefit yo ap pale ak Nefi

Kèk Nefit te kwè Samyèl epi yo te repanti pou peche yo. Yo t al jwenn Nefi, yon Nefit jis ki te kapab batize yo.

Imaj
moun kap lanse flèch sou Samyèl

Rès Nefit yo pa t kwè Samyèl. Yo te voye wòch epi yo te lanse flèch kont li. Men Senyè a te pwoteje li, epi okenn nan wòch yo ni flèch yo pa t touche li.

Imaj
Nefit yo ap lanse flèch

Lè moun yo te wè yo pa t ka touche li, plis moun te vin kwè epi yo t al jwenn Nefi pou l te batize yo.

Imaj
Nefi ap batize gason

Nefi te anseye moun yo konsènan Jezi tou. Li te vle yo kwè nan Jezi, repanti, epi vin batize.

Imaj
mesye k ap grenpe nechèl

Men, pifò nan Nefit yo pa t kwè Samyèl. Yo te eseye kaptire li.

Imaj
Samyèl vole desann sou miray la

Samyèl te vole desann sou miray la epi l te kouri ale nan peyi li.

Imaj
Samyèl ap anseye Lamanit yo.

Samyèl te kòmanse anseye Lamanit yo. Yo pa t janm te tande pale de li ankò pami Nefit yo.