Scripture Stories
Chapit 24: Amon rankontre papa Wa Lamoni


Chapit 24

Amon rankontre papa Wa Lamoni

Imaj
Lamoni ap pale avèk Amon

Wa Lamoni te vle mennen Amon rankontre papa li. Senyè a te avèti Amon pou l pa t ale paske papa Lamoni ta pral eseye touye li.

Imaj
Amon ak Lamoni

Senyè a te di Amon pou l tal nan peyi Middoni a olyesa, kote frè li, Aawon, te nan prizon. Wa Lamoni te ale avèk Amon.

Imaj
Amon ak Lamoni avèk papa Lamoni

Pandan yo t aprale a, yo te rankontre papa Wa Lamoni, ki sete wa sou tout peyi a. Li te mande Lamoni kote l ta prale avèk yon Nefit mantè.

Imaj
Lamoni, Amon, ak papa Lamoni

Wa Lamoni te pale papa l de Amon ak frè l la ki te nan prizon. Ankòlè, papa Lamoni te bay Lamoni lòd pou l te touye Amon epi pou l pa t ale Middoni.

Imaj
Papa Lamoni eseye touye Lamoni

Lamoni te refize touye Amon epi l te di ke limenm ak Amon ta pral libere Aawon. Papa Lamoni te vin pi fache toujou epi l te rale epe l pou l te touye Lamoni.

Imaj
Amon blese papa Lamoni

Amon te entèvni pou pwoteje Lamoni. Papa Lamoni te eseye touye Amon apresa, men Amon te defann tèt li, epi l te blese papa Lamoni nan bra.

Imaj
Amon ak papa Lamoni

Lè papa Lamoni te wè ke Amon te ka touye li, li te ofri Amon mwatye nan wayòm ni an si l te epanye lavi li.

Imaj
Amon ap pale ak papa Lamoni

Amon te di l ke l te bezwen pou Aawon ak konpayon li yo libere soti nan prizon epi l te vle pou Wa Lamoni konsève wayòm ni.

Imaj
Amon k ap trete blesi wa a

Papa Lamoni te reyalize ke Amon pa t vle fè l ditò. Li te etone wè kijan Amon te renmen pitit gason l lan. Li te envite Amon pou anseye l levanjil la.

Imaj
Wa Lamoni ap pale ak wa Middoni

Amon ak Wa Lamoni te ale Middoni. Lamoni te pale avèk wa nan kote sa a, epi yo te libere Aawon ak konpayon l yo soti nan prizon.

Imaj
Aawon ak konpayon l yo libere

Amon te tris pou wè kijan yo pa t byen trete yo. Yo te soufri anpil men yo te pasyan.