Scripture Stories
Chapit 43: Jezikri parèt devan Nefit yo


Chapit 43

Jezikri parèt devan Nefit yo

Imaj
Nefit yo ap reyini

Anpil Nefit te reyini bò tanp Bountiful la. Yo te emèveye devan gwo chanjman yo nan peyi a.

Imaj
moun k ap pale

Moun yo t ap pale konsènan Jezikri ak siy lanmò l yo.

Imaj
moun ki te tande vwa dous la

Pandan yo t ap pale, yo te tande yon vwa piti ki te soti nan syèl la. Li te mete yon chalè nan kè yo.

Imaj
gason ki kenbe fi

Odepa yo pa t konprann vwa a, men, lè l te pale twazyèm fwa a, yo te konprann ni.

Imaj
moun k ap koute

Vwa a sete vwa Pè Selès la. Li te prezante Jezikri epi l te di moun yo pou yo te koute li.

Imaj
Jezi nan mitan moun yo

Jezikri te desann soti nan syèl la epi l te kanpe nan mitan moun yo. Yo te pè pale paske yo pa t konprann sa k t ap pase a. Yo te panse ke Jezi sete yon zanj.

Imaj
Jezi ap pale ak moun yo

Li te di yo ke l sete Jezikri, moun pwofèt yo te di ki t ap vini an.

Imaj
Jezi avèk moun yo

Jezi te di moun yo vini epi touche mak yo sou kote li ak nan men l ak pye li, kote yo te klouwe l sou kwa a.

Imaj
Jezi chita avèk timoun

Jezi te vle moun yo konnen ke l sete Bondye yo a epi li te mouri pou peche yo.

Imaj
Kris la ak Nefit yo

Youn pa youn moun yo te touche mak nan kote, men, ak pye Jezi yo. Moun yo te konnen l sete Sovè a.

Imaj
moun k ap adore Jezi

Apresa moun yo te bay Jezi louwanj epi yo te tonbe nan pye li epi yo te adore li.

Imaj
Jezi ap bay mesye yo prètriz

Jezi te aple Nefi ak 11 lòt mesye vin jwenn ni. Li te ba yo pouvwa prètriz la epi l te anseye yo fason kòrèk pou batize a.

Imaj
Jezi ap anseye moun yo

Li te di Nefit yo pou yo te kwè nan li, repanti, epi kenbe kòmandman yo. Si yo pa t fè sa, yo pa ta p ka antre nan wayòm ni an.

Imaj
Jezi ap anseye moun yo

Li te anseye Nefit yo kijan pou yo te priye Pè Selès la. Li te anseye yo konsènan jèn tou epi l te di yo t ap jwenn padon si youn te padone lòt.

Imaj
Jezi ap anseye moun yo

Apre l te fin anseye moun yo anpil bagay, Jezi te di yo pou yo t al lakay yo epi reflechi epi priye sou sa l te di yo.

Imaj
Nefit k ap kriye

Nefit yo te kòmanse kriye. Yo pa t vle Jezi ale kite yo.

Imaj
Jezi anseye moun yo

Jezi te renmen Nefit yo. Li te di yo pou yo te mennen moun ki te malad oswa aflije yo ba li pou l te ka geri yo.

Imaj
Jezi ap geri timoun

Jezi te geri moun sa yo. Tout moun te bese tèt yo epi yo te adore li.