Scripture Stories
Chapit 53: Mowoni ak ansèyman l yo


Chapit 53

Mowoni ak ansèyman l yo

Imaj
Mowoni ap ekri sou plak

Apre Mòmon te fin mouri, Mowoni te rete poukont li. Li te fini anal yo papa l te ba li yo.

Imaj
Mowoni ap gade Joseph Smith

Mowoni te konnen plak lò yo t ap gen pou yo te sòti anba tè a yon jou.

Imaj
koup avèk Liv Mòmon an

Pawòl sou plak lò yo pale de Jezikri. Yo rann temwayaj epi anseye moun fason pou yo viv nan ladwati.

Imaj
Lamanit k ap kaptire Nefit

Lamanit mechan yo te touye chak Nefit ki pa t vle renye Jezikri.

Imaj
Mowoni kache pou Lamanit yo

Mowoni pa t janm renye Jezikri. Li te deplase toutan, pou l te ka kache pou Lamanit yo.

Imaj
Mowoni k ap ekri sou plak lò yo

Mowoni te ekri plis bagay sou plak lò yo, espesyalman pou Lamanit nan dènye jou yo.

Imaj
jèn gason k ap beni sentsèn

Li te ekri anpil bagay enpòtan, enkli pawòl priyè sentsèn yo.

Imaj
moun k ap batize

Mowoni te ekri ke sèl moun ki te ka resevwa batèm se moun ki deside repanti pou peche yo epi sèvi Jezikri.

Imaj
Jezikri

Mowoni te vle pou tout moun kwè nan Jezikri epi vin aprann konnen li. Li te di tout bon bagay sòti nan Kris la.

Imaj
Mowoni ap ekri sou plak

Mowoni te ekri ke si moun yo renmen Bondye epi yo suiv li, yo ka vin pafè.

Imaj
Mowoni

Mowoni te konnen ke apre li mouri l fin t ap resisite epi li tap viv avèk Pè Selès la ak Jezikri.