Scripture Stories
Chapit 13: Zenif


Chapit 13

Zenif

Imaj
Nefit k ap mache

Zenif ak yon gwoup Nefit te kite kay yo nan Zarayemla epi yo te vwayaje ale nan peyi Nefi a, kote lòt Nefit yo te viv yon fwa a.

Imaj
Nefit k ap pale ak Wa Laman

Yo te jwenn Lamanit yo ap viv la. Zenif ak kat nan moun ni yo te mache antre nan vil la pou yo te pale avèk wa a. Yo te mande Wa Laman si yo te ka viv nan peyi l la.

Imaj
Wa Laman

Wa Laman te di yo te ka gen de nan vil li yo. Wa a te vle pou yo te viv nan peyi l la pou l l te ka fè yo vin esklav li.

Imaj
Nefit yo ka p plante

Pèp Zenif la te bati kay epi yo te monte miray alantou vil yo. Yo te plante anpil kalite grenn ak fwi. Yo te gen twoupo bèt tou.

Imaj
Lamanit yo ap atake Nefit yo

Wa Laman te di pèp li a ke Nefit yo t ap vin twò puisan. Avan lontan, anpil Lamanit te kòmanse atake Nefit yo epi vòlè bèt ak rekòt yo.

Imaj
Nefit k ap kouri

Nefit yo te kouri al nan vil Nefi a. La, Zenif te ame pèp la avèk lansflèch ak flèch, epe, baton, ak fistibal. Yo te mache al konbat Lamanit yo.

Imaj
Nefit k ap priye

Avan yo t al batay, Nefit yo te priye, pou yo te mande èd Bondye. Bondye te beni Nefit yo avèk fòs anplis, epi yo te gen viktwa sou Lamanit yo.

Imaj
gadyen avèk brebi

Apre batay la, Zenif te mete gad toutotou vil Nefit yo. Li te vle pwoteje pèp li a ak bèt yo kont Lamanit yo.

Imaj
fi k ap koud

Nefit yo te viv nan lapè pandan anpil ane. Mesye yo te travay nan jaden yo, epi fi yo te woule fil epi yo te fè rad.

Imaj
batay

Wa Laman te mouri epi pitit gason l la te vin wa. Nouvo wa a te voye lame li pou konbat Nefit yo.

Imaj
Nefit k ap kontwole Lamanit

Nefit yo te resevwa fòs nan men Senyè a ankò. Yo te touye anpil Lamanit, epi rès yo te kouri.