Scripture Stories
Chapit 39: Nefi resevwa gwo pouvwa


Chapit 39

Nefi resevwa gwo pouvwa

Imaj
Nefi ap reflechi

Nefi t ap mache rantre lakay li, pandan l t ap reflechi sou sa Senyè a te montre li ak sou mechanste Nefit yo. Li te tris akoz mechanste yo.

Imaj
Nefi ap priye

Senyè a te pale avèk Nefi epi l te louwe l paske l te obeyisans epi l te travay si di pou l te anseye levanjil la.

Imaj
Nefi

Nefi te resevwa pouvwa pou l te fè nenpòt bagay. Senyè a te konnen li t ap itilize pouvwa sa a avèk jistis.

Imaj
Nefi ap mache

Senyè a te di Nefi pou l te avèti Nefit yo ke si yo pa t repanti, yo t ap detwi. Nefi te ale imedyatman pou l te avèti pèp la.

Imaj
Nefit yo atake Nefi

Nefit yo pa t kwè Nefi. Yo te eseye jete l nan prizon, men pouvwa Bondye te pwoteje li.

Imaj
Nefi ap mache ale

Nefi te deklare pawòl Bondye a bay tout Nefit yo.

Imaj
moun ka p batay

Men, pèp la te vin pi mechan toujou epi youn te kòmanse batay ak lòt.

Imaj
Nefi ap priye

Nefi te priye pou yon grangou te rive, nan lespwa ke yon rate manje t ap fè Nefit yo vin pi enb epi ede yo repanti.

Imaj
mesye sou tè sèk

Grangou a te rive. Pat gen okenn lapli, konsa tè a te seche epi plantasyon yo pat kapab grandi. Pèp la te sispann batay.

Imaj
yon fanmi k ap priye

Nefit yo te grangou epi anpil nan yo te mouri. Sak te siviv yo te kòmanse sonje Senyè a ak sa Nefi te anseye yo.

Imaj
moun k ap pale ak jij yo

Moun yo te repanti pou peche yo epi apresa yo te sipliye jij yo pou yo te mande Nefi kanpe grangou a. Jij yo te ale kote Nefi.

Imaj
Nefi ap priye

Lè Nefi te wè ke pèp la te vin pi enb epi yo te repanti, li te mande Senyè a pou l te sispann grangou a.

Imaj
loun nan lapli

Senyè a te reponn priyè Nefi, epi lapli te kòmanse tonbe Anvan lontan semans yo t ap grandi ankò. Pèp la te glorifye Bondye epi yo te vin konnen ke Nefi sete yon gwo pwofèt.

Imaj
Nefit yo ap travay

Pifò nan Nefit yo te rantre nan Legliz la. Yo te vin rich, epi vil yo te devlope. Te gen lapè nan peyi a.

Imaj
Lamanit yo atake Nefit yo

Apresa kèk Nefit ki te rantre nan gwoup Lamanit yo te atake Nefit yo.

Imaj
gèrye yo

Nefit yo te eseye defèt lenmi yo, ki te vin tounen vòlè Gadyanton yo, men yo pa t ka fè paske yomenm you te retounen vin mechan ankò.

Imaj
Nefit yo ap pote panye

Lè Nefit yo te jis, Senyè a te beni yo. Lè yo te ògeye epi yo te bliye Senyè a, li te ba yo pwoblèm pou l te ede yo sonje li.