Scripture Stories
Chapit 52: Destriksyon Jaredit yo


Chapit 52

Destriksyon Jaredit yo

Imaj
Wa Jaredit

Jaredit yo te grandi an kantite epi yo te vin rich. Yo te chwazi yon wa pou te dirije yo.

Imaj
Jaredit mechan yo

Anpil ane te pase, epi Jaredit yo te vin mechan. Senyè a te voye pwofèt pou te di yo pou yo repanti oubyen yo t ap detwi.

Imaj
Jaredit ap kouri

Moun yo pa t koute pwofèt yo. Yo te eseye touye yo.

Imaj
batay

Te gen lagè ak grangou nan peyi a. Anpil Jaredit te mouri.

Imaj
Etè ap preche

Senyè a te voye yon lòt pwofèt, ki te rele Etè. Li te preche maten rive aswè, pou l te di Jaredit pou yo te kwè nan Bondye epi repanti.

Imaj
Etè ap preche moun yo

Etè te di Jaredit yo si yo te kwè nan Bondye, yon jou yo t ap viv avèk Pè Selès la nan yon pi bon mond.

Imaj
Jaredit yo te fòse Etè kite vil la

Etè te di Jaredit yo anpil bagay enpòtan, men yo pa t kwè li. Yo te fè l kite vil la.

Imaj
Etè kache nan yon twouwòch

Etè te kache nan yon twouwòch pandan lajounen pou yo pa t touye li. Aswè li te soti pou l te wè sa k tap pase avèk Jaredit yo.

Imaj
Etè ap ekri sou plak yo

Li te fin ekri istwa Jaredit yo pandan l te nan kache a.

Imaj
Etè ap pale avèk Koryantoumr

Senyè a te voye Etè kote Koryantoumr, ki sete yon wa Jaredit mechan. Etè te di li pou l te repanti oubyen li t ap viv pou l te asiste lanmò tout pèp li a.

Imaj
gad ka p kouri dèyè Etè

Koryantoumr ak pèp li a pa t repanti. Li te eseye fè touye Etè, men Etè te kouri epi l t al kache nan yon twouwòch.

Imaj
gason ap dòmi avèk epe

Moun yo te sitèlman mechan ke Senyè a te modi peyi a. Yo pa t ka depoze zouti yo ak epe yo atè paske nan demen, tout t ap disparèt.

Imaj
batay

Tout Jaredit yo te batay nan lagè yo, enkli fi yo ak timoun yo. Koryantoumr te dirije yon lame epi yon mesye ki te rele Chiz te dirije yon lòt.

Imaj
Koryantoumr ak Chiz k ap batay

Koryantoumr ak Chiz sete de mesye mechan. Sentespri a te abandone Jaredit yo akoz mechanste yo. Satan te gen tout pouvwa sou yo.

Imaj
Koryantoumr

Jaredit yo te goumen jiskaske Koryantoumr ak Chiz sete sèl moun ki te rete. Lè Chiz te pèdi konesans akoz li te pèdi twòp san, Konryantoumr te koupe tèt li.

Imaj
Koryantoumr ak pèp Zarayemla a

Pwofesi Etè yo te akonpli: Koryantoumr sete dènye Jaredit ki te ret vivan. Pèp Zarayemla te jwenn ni.

Imaj
Etè ap ekri sou plak yo

Etè te fin ekri istwa Jaredit yo. Yo te detwi nèt akoz mechanste yo. Nefit yo te vin jwenn anal Jaredit yo nan apre.