Scripture Stories
Chapit 30: Alma bay pitit gason l yo konsèy


Chapit 30

Alma bay pitit gason l yo konsèy

Imaj
Alma k ap pale ak pitit gason l yo

Alma pa t kontan akoz jan Nefit yo te vin mechan. Li te pale avèk chak nan pitit gason l yo konsènan viv nan ladwati.

Imaj
zanj avèk Alma ak pitit gason Mozya yo

Alma te di Elaman, pi gran pitit gason l lan, pou l te gen konfyans nan Bondye. Li te pale l konsènan zanj la Bondye te voye pou l te di Alma pou l te sispann detwi Legliz la.

Imaj
Alma ap soufri nan kabann

Pandan twa jou Alma te soufri akoz kilpabilite li. Apresa, li te sonje ansèyman papa l yo konsènan Jezi, epi l te konnen peche l yo te ka padone.

Imaj
Alma

Alma te priye pou l te jwenn padon, epi lajwa te ranplase doulè nan nanm ni an. Li te jwenn padon paske l te gen lafwa nan Jezikri epi l te repanti.

Imaj
Alma ap anseye

Apati moman sa a, Alma te anseye lòt moun levanjil la pou yo te ka santi menm lajwa l te santi a. Bondye te beni Alma akoz konfyans li nan Bondye.

Imaj
Alma k ap bay Elaman rejis yo

Alma te bay Elaman anal sakre yo epi l te di l pou l te kontinye ekri istwa pèp yo a.

Imaj
Alma k ap pale ak Elaman

Alma te di l ke si l te kenbe kòmandman yo, Bondye t ap beni li epi ede l t ap pwoteje anal yo.

Imaj
Alma ak Elaman

Alma te di Elaman tou pou l te priye chak maten ak chak swa epi pou l te pale avèk Bondye konsènan tout sa l t ap fè pou Bondye te ka ede l ak gide li.

Imaj
Chiblon

Alma te kontan avèk pitit gason li, Chiblon, ki te yon misyonè brav kay Zoramit yo. Chiblon te rete fidèl menm lè yo te voye wòch sou li.

Imaj
Alma ak Chiblon

Alma te raple Chiblon ke sèl fason pou yon moun sove se atravè Jezikri. Apresa, Alma te ankouraje pitit gason l lan pou l te kontinye anseye lavanjil la.

Imaj
Koryanton

Pitit gason Alma a, Koryanton, pa t kenbe kòmandman yo. Li pa t yon misyonè fidèl pandan l t ap anseye Zoramit yo.

Imaj
Alma

Akoz desa Koryanton te fè, Zoramit yo pa t kwè nan ansèyman Alma yo.

Imaj
Alma ak Koryanton

Alma te di Koryanton ke moun pa ka kache peche yo devan Bondye epi ke Koryanton te bezwen repanti.

Imaj
Alma

Alma te anseye pitit gason l lan ke tout moun ap resisite men se sèlman jis yo ki pral viv avèk Bondye.

Imaj
Alma ak Koryanton

Alma te di, lavi sa a se moman pou moun yo repanti epi sèvi Bondye.

Imaj
Alma bay Koryanton ekriti yo

Alma te raple Koryanton ke l te aple pou l te yon misyonè epi l te di l pou l te retounen kote Zoramit yo epi anseye pèp la pou l repanti.

Imaj
Alma ak pitit gason li k ap anseye

Alma ak pitit gason l yo te kontinye anseye levanjil la. Yo te anseye avèk pouvwa prètriz la.