Scripture Stories
Chapit 25: Aawon anseye papa Wa Lamoni


Chapit 25

Aawon anseye papa Wa Lamoni

Imaj
Aawon ak konpayon vwayaj

Lespri a te gide Aawon ak konpayon l yo al nan peyi Nefi a pou yo te anseye papa Lamoni, wa sou tout Lamanit yo.

Imaj
Aawon ap pale ak wa

Aawon te di wa a ke l sete frè Amon. Wa a t ap reflechi sou bonte Amon ak sou sa Amon te di l yo.

Imaj
Aawon ap pale ak wa

Aawon te mande wa a si l te kwè nan Bondye. Wa a te di li pa t sèten men, si Aawon te di l ke Bondye egziste, li t ap kwè. Aawon te asire wa a ke Bondye vivan.

Imaj
Aawon ap li ekriti pou wa a

Aawon te li ekriti yo pou wa a. Li te anseye li konsènan Kreyasyon tè a, Chit Adan an, ak misyon Jezikri.

Imaj
wa ap pale ak Aawon

Wa a te mande kisa l te bezwen fè pou l te ka gen Sentespri a epi pare pou l viv avèk Bondye. Wa a te dispoze pou l te fè nenpòt bagay, menm abandone wayòm ni an.

Imaj
Aawon ap pale ak wa

Aawon te di wa a li te bezwen repanti konplètman pou peche l yo. Li te bezwen priye epi gen lafwa nan Bondye.

Imaj
wa ap priye

Wa a te priye pou l te konnen si te gen yon Bondye vrèman. Li te di ke l t ap abandone tout peche li.

Imaj
wa a atè

Wa a te tonbe atè epi sete kòmsi l te mouri. Lè rèn nan te wè li, li te panse ke Aawon ak konpayon l yo te touye wa a.

Imaj
rèn ap bay sèvitè lòd

Rèn nan te bay sèvitè yo lòd pou yo te touye Aawon ak konpayon l yo, men sèvitè yo te pè fè sa. Li te voye yo al chèche moun ki pou te fè sa.

Imaj
Aawon kòmande wa a pou l leve

Anvan yon foul moun te gentan rasanble pou koze pwoblèm, Aawon te pran men wa a epi l te di l pou l te leve. Wa a te kanpe.

Imaj
wa a kalme mandanm li

Wa a te kalme madanm ni ak sèvitè l yo ki te pè epi li te anseye yo levanjil la. Yo tout te kwè nan Jezikri.