Scripture Stories
Chapit 11: Enòs


Chapit 11

Enòs

Imaj
Jakòb bay Enòs plak yo

Enòs sete pitit gason Jakòb. Li te kenbe plak yo epi li te ekri sou yo apre papa l te fin mouri.

Imaj
Enòs al lachas

Yon jou Enòs t ale lachas nan forè a. Li te reflechi sou ansèyman papa l yo epi l te vle jwenn padon pou peche li.

Imaj
Enòs k ap priye

Enòs te mete ajenou epi l te priye Bondye. Li te priye tout jounen an epi li te kontinye priye lè lannuit te rive.

Imaj
Enòs k ap priye

Bondye te di Enòs ke akoz lafwa li nan Jezikri, peche l yo te padone.

Imaj
Enòs k ap priye

Apresa Enòs te mande Senyè a pou l te beni Nefit yo. Li te priye pou yo, epi Senyè a te di l ke l t ap beni yo si yo te obeyi kòmandman l yo.

Imaj
Lamanit

Enòs te vle Senyè a beni Lamanit yo. Li te priye avèk anpil lafwa, epi Senyè a te pwomèt pou l te fè sa Enòs te mande a.

Imaj
Lamanit ka p batay ak Nefit

Malgre Lamanit yo te konbat Nefit yo epi te eseye detwi anal yo, Enòs te priye pou yo te ka vin yon pèp jis.

Imaj
Enòs k ap priye

Enòs te priye pou anal ki te nan men l yo te ka rete entak. Senyè a te pwomèt li ke yon jou li t ap bay Lamanit yo ansèyman ki te ekri nan anal sa yo.

Imaj
Enòs ap preche Nefit yo

Enòs te preche Nefit yo. Li te vle yo kwè nan Bondye epi kenbe kòmandman yo.

Imaj
Lamanit ap travay

Nefit yo te eseye anseye Lamanit yo levanjil la, men yo pa t vle tande. Lamanit yo te rayi Nefit yo.

Imaj
Enòs ap ekri

Enòs te pase lavi li ap anseye moun yo konsènan Jezi ak levanjil la. Li te sèvi Bondye epi l te renmen l tout lavi li.