Scripture Stories
Chapit 42: Siy sou Krisifiksyon Kris la


Chapit 42

Siy sou Krisifiksyon Kris la

Imaj
gason ki kenbe men tifi

Tranntwazan te pase depi moun yo te wè siy sou nesans Jezikri yo.

Imaj
moun ka p gade syèl la

Kounyea yo t ap siveye siy sou lanmò l yo; twa jou fènwa yo.

Imaj
moun ka p diskite

Kèk nan yo pa t kwè ke siy yo t ap parèt. Yo te diskite avèk moun ki te kwè yo.

Imaj
gason nan tanpèt

Yon jou yon gwo tanpèt te leve. Te gen yon van terib.

Imaj
gason ki chita

Zeklè t ap flache, epi loray t ap souke tout tè a.

Imaj
gason k ap kouri

Vil Zarayemla a te pran dife. Vil Mowoni an te plonje antre anba lanmè a. Vil Mowoniya a te antere.

Imaj
gason ak timoun

Yon tranblemandtè te sekwe tout tè a nèt. Wout prensipal yo te demoli, epi batiman yo te kraze. Anpil vil te detwi, epi anpil moun te mouri.

Imaj
tanpèt kouvri peyi a

Tanpèt la ak tranblemandtè a te dire prèske twazèdtan.

Imaj
moun ka p mache nan fènwa

Lè tanpèt ak tranblemandtè a te sispann, yon fènwa epè te kouvri peyi a. Pa t gen limyè okenn kote. Moun yo te ka menm santi fènwa a.

Imaj
fanmi nan fènwa

Fènwa a te dire twa jou. Balèn pa t ka limen, epi moun yo pa t ka wè solèy, lalin, ni zetwal yo.

Imaj
moun ka p rele nan fènwa

Moun yo te rele akoz fènwa a, destriksyon an, ak lanmò. Yo te regrèt paske yo pa t repanti pou peche yo.

Imaj
moun nan fènwa

Apresa moun yo te tande vwa Jezikri.

Imaj
fènwa nan peyi detwi

Jezi te pale yo de destriksyon terib ki te fèt nan peyi a. Li te di yo ke moun pi mechan yo te mouri.

Imaj
moun ka p priye nan fènwa

Li te di yo ke moun ki pa t mouri yo te bezwen repanti. Si yo te fè sa epi yo te vinn jwenn ni, li t ap beni yo.

Imaj
moun nan fènwa

Moun yo te sitèlman sezi lè yo te tande vwa a ke yo te sispann rele. Tout bagay te fè silans pandan plizyè èdtan.

Imaj
fanmi nan fènwa

Apresa Jezi te pale ankò, pou l te di ke l te souvan eseye ede moun yo. Si yo te vle repanti kounyea, yo te ka toujou tounen vin jwenn ni.

Imaj
moun ap kade anlè

Apre twa jou, fènwa a te disparèt. Moun yo te rejwi epi yo te remèsye Senyè a ak lajwa.