Scripture Stories
Chapit 33: Patizan-wa yo kont moun lib yo


Chapit 33

Patizan-wa yo kont moun lib yo

Imaj
Paworan ap pale ak lòt moun

Kèk Nefit te vle pou Paoran, jij anchèf la, te chanje kèk nan lwa yo.

Imaj
moun ki fache

Lè Paoran te refize, moun yo te vin fache epi yo te vle ranplase Paoran kòm jij anchèf. Yo te vle gen yon wa, nan plas jij yo.

Imaj
de mesye k ap pale

Anba tit ’moun-wa yo’, yo te espere ke youn nan yo t ap vin wa epi l t ap gen pouvwa sou pèp la.

Imaj
gwoup mesye ka p priye

Yo te rele Nefit ki te vle kenbe Paoran kòm jij anchèf yo ’moun-lib yo’. Yo te vle lib pou yo te viv ak adore jan yo te chwazi.

Imaj
Mesye yo an liy pou y al vote

Pèp la te vote ant ’moun-lib yo’ ak ’moun--wa yo’. Pifò nan yo te vote pou moun-lib yo.

Imaj
Lame Lamanit

Pandan tan sa a, Amalikya t ap rasanble yon gwo lame Lamanit pou l te vin atake Nefit yo.

Imaj
patizan-wa yo

Lè moun-wa yo te tande Lamanit yo t ap rive, yo te kontan epi yo te refize ede defann peyi yo.

Imaj
Mowoni k ap siveye moun-wa yo

Kapitèn Mowoni te fache kont moun-wa yo paske yo pa t vle batay. Li te travay di pou l te konsève libète Nefit yo.

Imaj
Mowoni k ap pale avèk gouvènè a

Li te mande gouvènè a pouvwa pou l te oubyen fòse moun-wa yo batay oubyen touye yo.

Imaj
gouvènè k ap pale avèk Mowoni

Lè gouvènè a, Paworan, te bay Mowoni pouvwa sa a, Mowoni te kondui lame li a kont moun-wa yo.

Imaj
Nefit ak Lamanit k ap batay

Anpil nan moun-wa yo te mouri; yo te mete kèk nan prizon. Rès yo te dakò pou yo te ede defann peyi yo kont Lamanit yo.