Scripture Stories
Chapit 20: Alma ak Neyò


Chapit 20

Alma ak Neyò

Imaj
Jèn Alma avèk lòt moun

Avan Wa Mozya te mouri, Nefit yo te chwazi jij pou dirije yo. Alma pi jèn nan te vin premye jij anchèf la. Li sete dirijan Legliz la tou.

Imaj
Neyò anseye mansonj

Yon gwo gason byen wo ki te rele Neyò te kòmanse anseye mansonj. Li te di tout moun t ap sove, kit yon bon kit yo pa bon. Anpil moun te kwè Neyò.

Imaj
Jideyon ak Neyò

Neyò te preche kont Legliz Bondye a, men yon mesye jis ki te rele Jideyon te defann legliz la. Neyò te diskite avèk Jideyon, men Jideyon te pale avèk pawòl Bondye.

Imaj
Neyò touye Jideyon

Neyò te fache epi l te rale epe li epi l te touye Jideyon.

Imaj
Y ap mennen Neyò devan Alma

Yo te mennen Neyò pou Alma te jije li. Neyò te defann tèt li avèk enèji.

Imaj
Alma ak Neyò

Men Alma te di Neyò te koupab paske li te anseye pèp la pou yo te vin mechan epi li te touye Jideyon.

Imaj
Alma

Alma te di Neyò te dwe pini paske l te touye Jideyon Daprè lalwa, Neyò te dwe mouri.

Imaj
Yo kòmanse touye Neyò

Yo te mennen Neyò sou yon kolin tou pre a epi yo te touye li. Avan l te mouri, li te di ke tout bagay li te anseye yo te fo. Men anpil moun te toujou kwè nan fo ansèyman Neyò yo.

Imaj
moun y ap pase nan betiz

Moun sa yo te renmen richès yo epi pa t vle obeyi kòmandman Bondye yo. Yo te pase manm Legliz yo nan betiz epi yo te goumen avèk yo epi batay avèk yo.

Imaj
yon koup y ap pase nan betiz

Moun jis yo te kontinye obeyi kòmandman yo epi yo pa t plenyen menm lè disip Neyò yo te fè yo ditò.

Imaj
gason k ap pataje

Manm Legliz yo te pataje tout bagay yo te genyen avèk pòv yo. Yo te obeyi kòmandman yo, Bondye te beni yo.