Scripture Stories
Chapit 3: Leyi kite Jerizalèm


Chapit 3

Leyi kite Jerizalèm

Imaj
Rèv Leyi sou vwayaj la

Senyè a te kontan avèk Leyi epi yon jouswa li te pale avèk li nan yon rèv. Li te di Leyi pou l te pran fanmi l epi kite Jerizalèm. Leyi te obeyi Senyè a.

Imaj
fanmi an nan dezè a

Fanmi Leyi te rasanble manje ak tant yo. Yo te kite kay yo ak lò ak lajan yo epi yo te pati al nan dezè a.

Imaj
Leyi, Sarya, ak kat pitit gason

Leyi ak madanm ni, Sarya, te gen kat pitit gason. Non yo sete Laman, Lemyèl, Sam, ak Nefi.

Imaj
tant yo ak fanmi an

Apre yo te vwayaje pandan twa jou, fanmi Leyi te tabli kan yo nan yon vale toupre yon rivyè.

Imaj
Leyi ak lotèl

Leyi te bati yon lotèl avè wòch epi l te prezante ofrann bay Bondye. Li te remèsye Bondye paske l te sove fanmi li anba destriksyon.

Imaj
Leyi, Laman, ak Lemyèl

Leyi te rele rivyè a Laman epi vale a Lemyèl. Leyi te vle pitit gason l yo te vin tankou rivyè a ak vale a, pou yo te kontinyèlman al jwenn Bondye epi inebranlab nan kenbe kòmandman yo.

Imaj
Laman ak Lemyèl

Laman ak Lemyèl te panse papa yo te fou paske l te abandone Jerizalèm ak richès yo te posede yo. Yo pa t kwè ke Jerizalèm ta pral detwi.

Imaj
Nefi ap priye

Nefi te vle konprann bagay Leyi te wè yo. Li te priye pou l te ka konnen si papa l te fè yon bon bagay lè l te kite Jerizalèm nan.

Imaj
Nefi ap priye

Jezikri te vizite Nefi epi l te di l ke pawòl Leyi yo sete verite. Nefi te kwè epi l pa t rebele jan Laman ak Lemyèl te fè a.

Imaj
Nefi ap pale ak Sam

Nefi te di frè l yo sa Jezi te di li. Sam te kwè Nefi, men Laman ak Lemyèl pa t vle kwè.

Imaj
Nefi ap pale ak frè l yo

Senyè a te pwomèt Nefi ke l t ap beni akoz lafwa li. Li t ap vin yon dirijan sou tèt frè l yo.