Scripture Stories
Chapit 29: Alma anseye sou lafwa ak sou Pawòl Bondye a


Chapit 29

Alma anseye sou lafwa ak sou Pawòl Bondye a

Imaj
Alma ap anseye Zoramit yo

Alma te anseye Zoramit yo konsènan lafwa. Li te di ke moun ki mande yon siy anvan pou yo kwè yo pa gen lafwa.

Imaj
Alma k ap preche

Alma te di lafwa se kwè ke yon bagay vrè san w pa reyèlman wè li.

Imaj
men k ap plante semans

Li te eksplike ke lafwa grandi lè yon moun vle kwè epi tande pawòl Bondye a. Lè sa a, pawòl la plante nan kè moun nan, epi tankou yon semans, li kòmanse grandi.

Imaj
koup k ap gade pyebwa

Lè yon moun aprann plis apwopo levanjil la, semans la jèmen epi l kontinye grandi. Moun nan konnen ke semans la bon, epi lafwa l grandi vin pi solid.

Imaj
gason ak fi k ap rekòlte fwi

Alma te di ke menmjan yon bon semans pwodui bon fwi a, se konsa pawòl Bondye a pote benediksyon pou moun ki gen lafwa yo.