Chapit 12
Wa Benjamen
Wa Benjamen sete yon wa Nefit jis. Avèk èd lòt gason jis, li te etabli lapè nan peyi a.
Wa Benjamen te vin granmoun epi l te vle pale avèk pèp li a. Li te bezwen di yo ke pitit gason li, Mozya, ta pral vin pwochen wa a.
Moun te soti tout kote nan peyi a epi yo te rasanble tou pre tanp lan. Yo te enstale tant yo yon fason pou pòt yo te anfas tanp lan.
Wa Benjamen te kanpe sou yon yon toudegad pou Nefit yo te ka tande li.
Li te di pèp li a ke l te travay anpil pou l te sèvi yo. Li te di yo ke fason pou yo sèvi Bondye se nan sèvi youn lòt.
Wa Benjamen te di pèp la pou yo obeyi kòmandman Bondye yo. Moun ki te kenbe kòmandman yo fidèlman t ap gen bonè epi yon jou yo va viv avèk Bondye.
Wa Benjamen te di Jezikri ta pral pran nesans sou tè a anvan lontan. Manman l t ap rele Mari.
Jezi ta pral akonpli mirak. Li ta pral geri malad epi fè rmò retounen gen lavi. Li ta pral fè avèg wè ak moun soud tande.
Jezi ta pral soufri epi mouri pou peche tout moun. Moun ki repanti epi gen lafwa nan Jezi yo ap jwenn padon pou peche yo.
Wa Benjamen te di Nefit yo ke moun mechan ta pral fwete Jezi. Apresa yo t ap krisifye li.
Apre twa jou Jezi t ap resisite.
Lè Wa Benjamen te fin pale, Nefit yo te tonbe atè. Yo te regrèt paske yo te peche epi yo te vle repanti.
Moun yo te gen lafwa nan Jezikri, epi yo te priye pou yo te jwenn padon.
Sentespri a te ranpli kè yo. Yo te konnen ke Bondye te padone yo epi ke l te renmen yo. Yo te santi lapè ak lajwa.
Wa Benjamen te di pèp la pou yo kwè nan Bondye. Li te vle pou yo konnen ke Bondye te kreye tout bagay epi ke li saj ak puisan.
Wa Benjamen te di pèp la pou yo gen imilite epi priye chak jou. Li te vle pèp li a toujou sonje Bondye epi rete fidèl.
Li te di paran yo pou yo pa t kite pitit yo goumen ni fè dispit.
Li te di yo pou yo te anseye timoun yo pou yo rete obeyisan epi pou youn renmen ak sèvi lòt.
Li te avèti pèp la pou yo te fè atansyon avèk sa yo t ap panse, sa yo t ap di, ak sa yo t ap fè. Yo te dwe rete fidèl epi kenbe kòmandman yo pou rès lavi yo.
Wa Benjamen te mande moun yo si yo te konprann ansèyman l yo. You tout te di yo te konprann. Sentespri a te chanje yo, epi yo pa t gen dezi pou yo peche ankò.
You tout te fè alyans, oswa pwomèt, pou yo te kenbe kòmandman Bondye yo. Wa Benjamen te kontan.
Wa Benjamen te bay pitit gason li Mozya dwa pou l te vin nouvo wa a. Twazan apresa, Wa Benjamen te mouri.
Mozya sete yon wa jis. Li te travay anpil epi l te sèvi pèp li, jan papa l te fè a.