Scripture Stories
Chapit 5: Vwayaje nan dezè a


Chapit 5

Vwayaj nan dezè a

Imaj
frè yo ka p mache nan dezè a

Senyè a te vle pou pitit gason Leyi yo te gen madanm ki t ap anseye pitit yo levanjil la. Li te di Leyi pou l te voye pitit gason l yo retounen Jerizalèm al chèche fanmi Izmayèl.

Imaj
Nefi ap pale ak Izmayèl

Nefi ak frè l yo te retounen Jerizalèm. Yo te di Izmayèl sa Bondye te vle pou l te fè. Izmayèl te kwè yo, epi limenm ak fanmi li te pati ale avèk pitit gason Leyi yo.

Imaj
Laman ak Lemyèl ankòlè kont Nefi

Pandan yo tap vwayaje nan dezè a, Laman ak Lemyèl ak kèk nan manm fanmi Izmayèl yo te vin ankòlè. Yo te vle retounen Jerizalèm.

Imaj
Nefi ap pale ak Laman ak Lemyèl

Nefi te raple Laman ak Lemyèl tout sa Bondye te fè pou yo. Li te di yo pou yo te egzèse pi gwo lafwa. Yo te ankòlè kont Nefi men yo pa t retounen Jerizalèm.

Imaj
koup k ap marye

Nefi, frè l yo, ak Zoram te vin marye avèk pitit fi Izmayèl yo nan apre.

Imaj
Leyi ki kenbe Lyawona a

Senyè a te di Leyi pou l te kontinye vwayaj li. Nan demen maten Leyi te jwenn yon boul eren ki te rele Lyawona deyò tant li a. Li te montre wout pou yo te suiv nan dezè a.

Imaj
fanmi k ap vwayaje

Fanmi Leyi te rasanble manje ak semans epi yo te pliye tant yo. Yo te vwayaje nan dezè a pandan plizyè jou, kote yo t ap suiv direksyon Lyawona a.

Imaj
Lachas

Nefi ak frè l yo te itilize fistibal ak flèch pou yo t al lachas pou te jwenn manje pandan yo t ap vwayaje a.

Imaj
fistibal ki kase

Fistibal anfè Nefi a te kase, epi pa frè l yo te pèdi fòs. Frè l yo pa t ka touye okenn bèt, konsa tout moun te grangou. Laman ak Lemyèl te fache anpil.

Imaj
fistibal anbwa

Nefi te fabrike yon fistibal anbwa epi l te mande papa l ki kote pou l t al lachas. Leyi te resevwa direksyon nan Lyawona a. Nefi te suiv direksyon yo epi l te jwenn kèk bèt.

Imaj
Leyi ki kenbe Lyawona a

Lyawona a te travay sèlman lè fanmi Leyi te gen lafwa, lè yo te dilijan, ak obeyisan.

Imaj
Nefi te reounen avèk manje

Nefi te retounen avèk bèt li te jwenn yo. Tout moun te kontan pou yo te jwenn manje. Yo te regrèt dèske yo te fè kòlè, epi yo te remèsye Bondye paske l te beni yo.

Imaj
Pitit fi Izmayèl yo

Vwayaj la pa t fasil. Souvan fanmi Leyi te fatige, grangou, ak swaf. Izmayèl te mouri epi pitit fi l yo te tris. Yo te plenyen kont Leyi.

Imaj
Laman ak Lemyèl

Laman ak Lemyèl te plenyen tou. Yo pa t kwè ke Senyè a te pale avèk Nefi. Yo te vle touye Leyi ak Nefi epi retounen Jerizalèm.

Imaj
Laman ak Lemyèl

Vwa Senyè a te pale avèk Laman ak Lemyèl. Li te di yo pou yo pa t ankòlè kont Leyi ak Nefi. Laman ak Lemyèl te repanti.

Imaj
Fanmi Leyi

Fanmi Leyi te kontinye vwayaj difisil yo a. Bondye te ede yo epi l te fòtifye yo. Yo te fè pitit. Leyi ak Sarya te fè de lòt pitit gason, ki rele Jakòb ak Josèf.

Imaj
fanmi ka p vwayaje

Apre yo te fin vwayaje nan dezè a pandan yuit ane, fanmi Leyi te rive bò lanmè a. La yo te jwenn fwi ak myèl. Yo te rele kote sa a Bountiful (ki vledi Abondans).