Scripture Stories
Chapit 4: Plak Eren yo


Chapit 4

Plak Eren yo

Imaj
Leyi ap pale ak Nefi

Leyi te di Nefi ke Senyè a te vle pou limenm ak frè l yo retounen Jerizalèm. Yo te dwe al chèche plak eren yo nan men yon mesye ki te rele Laban.

Imaj
plak eren yo

Plak eren yo sete rejis enpòtan. Yo te pale de zansèt Leyi yo epi yo te gen pawòl Bondye te revele atravè pwofèt yo.

Imaj
Laman ak Lemyèl

Laman ak Lemyèl pa t vle retounen al chèche plak eren yo. Yo te di sa t ap twò difisil pou fèt. Yo pa t gen lafwa nan Senyè a.

Imaj
Leyi ap pale ak Nefi

Nefi te vle obeyi Senyè a. Li te konnen Senyè a t ap ede limenm ak frè l yo pou jwenn plak eren yo nan men Laban.

Imaj
Laman, Lemyèl, Sam, ak Nefi

Laman, Lemyèl, Sam, ak Nefi te vwayaje tounen Jerizalèm pou yo t al chèche plak eren yo.

Imaj
Laman ap pale ak Laban

Laman te ale kote Laban epi l te mande l pou plak yo.

Imaj
Laman k ap kouri

Laban te fache epi l pa t vle bay Laman plak eren yo. Laban te vle touye Laman, men Laman te chape.

Imaj
Laman ap pale ak frè l yo

Laman te di frè l yo sa k te pase a. Li te pè epi l te vle lage sa epi retounen kote papa yo nan dezè a.

Imaj
Nefi ap pale ak frè l yo

Nefi te di yo pa t ap ka retounen san plak eren yo. Li te mande frè l yo pou yo te gen plis lafwa nan Senyè a epi yo t ap kapab jwenn plak eren yo.

Imaj
rasanble lò

Nefi ak frè l yo te retounen nan ansyen kay yo a nan Jerizalèm epi yo te rasanble lò ak ajan yo te genyen yo pou yo te bay kòm echanj pou plak yo.

Imaj
montre Laban lò

Yo te montre Laban richès yo epi yo te ofri pou l te twoke yo kont plak yo. Lè Laban te wè lò ak ajan yo, li te vle yo pou limenm epi l te mete yo deyò.

Imaj
Laban k ap lonje dwèt

Laban te di mesye l yo pou yo te touye pitit gason Leyi yo. Nefi ak frè l yo te kouri epi yo t al kache nan yon touwòch. Laban te kenbe lò ak ajan yo.

Imaj
Laman ak Lemyèl k ap bat Nefi ak Sam

Laman ak Lemyèl te fache kont Nefi. Yo te bat Nefi ak Sam avèk yon baton.

Imaj
zanj ki parèt

Yon zanj te parèt epi l te di Laman ak Lemyèl pou yo sispann. Li te di yo Senyè a t ap ede yo jwenn plak yo. Li te di yo tou ke Nefi t ap vin yon dirijan sou tèt frè l yo.

Imaj
Nefi k ap pale ak frè l yo

Nefi te di frè l yo pou yo te gen lafwa nan Senyè a epi pou yo pa t pè Laban ak mesye l yo. Li te ankouraje frè l yo pou yo te retounen Jerizalèm.

Imaj
Nefi ak frè l yo kache

Jouswa sa a, frè Nefi yo te kache andeyò vil la pandan Nefi te glise antre. Li te pran direksyon lakay Laban.

Imaj
Laban sou

Lè Nefi te preske rive lakay Laban, li te wè yon mesye sou ki te kouche atè a. Sete Laban.

Imaj
Nefi k ap pran epe Laban an

Nefi te wè epe Laban an epi l te ranmase li. Sentespri a te di Nefi pou l touye Laban, men Nefi pa t vle touye li.

Imaj
Nefi k ap touye Laban

Sentespri a te di Nefi ankò pou l te touye Laban pou Nefi te ka jwenn plak eren yo. Fanmi Leyi te bezwen plak yo pou yo te ka aprann levanjil la.

Imaj
Nefi ki abiye avèk rad Laban yo

Nefi te obeyi Sentespri a epi l te touye Laban. Apresa Nefi te mete rad Laban yo ak pwoteksyon l yo sou li.

Imaj
Nefi pran pòz li se Laban

Nefi te rantre andedan kay Laban an epi li te rankontre Zoram, sèvitè Laban an. Nefi te gen aparans Laban epi l te pale tankou li.

Imaj
Nefi ak Zoram

Li te di Zoram pou l t al chèche plak eren yo. Zoram te panse Nefi sete Laban, konsa li te ba l plak yo. Nefi te di Zoram pou l te suiv li.

Imaj
Nefi ak Zoram

Laman, Lemyèl, ak Sam te wè Nefi ap vini epi yo te pè; yo te panse sete Laban. Yo te kòmanse kouri men yo te kanpe lè Nefi te rele yo.

Imaj
Nefi ak Zoram

Apresa Zoram te reyalize ke Nefi se pa t Laban, epi li te eseye sove. Nefi te kenbe Zoram epi l te pwomèt li ke l pa t ap fè l anyen si l te vle ale avèk Nefi nan dezè a.

Imaj
Zoram ak frè yo

Zoram te dakò. Nefi ak frè l yo te pran Zoram ak plak eren yo epi yo te retounen al jwenn Leyi ak Sarya.

Imaj
Leyi ak Sarya kontan

Yo te remèt Leyi plak eren yo. Limenm ak Sarya te kontan paske pitit gason yo te byen retounen. Yo te rejwi epi yo te remèsye Bondye.

Imaj
Leyi k ap li pou pitit gason l yo

Leyi te li plak eren yo. Yo te pale konsènan Adan ak Ev ak Kreyasyon mond lan. Yo te gen pawòl anpil pwofèt.

Imaj
Leyi ak Nefi

Leyi ak Nefi te kontan paske yo te obeyi Senyè a epi yo te kapab jwenn plak eren yo.

Imaj
Leyi k ap vlope plak yo

Fanmi Leyi te vlope plak yo pou yo te pote yo avèk yo nan vwayaj yo a pou yo te kapab anseye pitit yo kòmandman ki te ekri sou plak yo.