Scripture Stories
Chapit 51: Jaredit yo vwayaje ale nan Tè Pwomiz la


Chapit 51

Jaredit yo vwayaje ale nan Tè Pwomiz la

Imaj
frè Jarèd ak nyaj

Pandan Jaredit yo te tabli kan yo bò lanmè a, frè Jarèd la te bliye priye. Senyè a te vini nan yon nyaj pou l te di l pou l te repanti.

Imaj
frè Jarèd ap priye

Frè Jarèd la te repanti epi l te priye. Senyè a te padone frè Jarèd la men li te di l ke l pa ta dwe peche ankò.

Imaj
frè Jarèd ap priye

Senyè a te di frè Jarèd la pou l te konstwi bato pou te mennen pèp li a nan tè pwomiz la.

Imaj
frè Jarèd la ap pale avèk Senyè a

Senyè a te di frè Jarèd la kijan pou l te konstwi bato yo.

Imaj
Jaredit yo ap konstwi bato

Yo te konstwi bato yo yon fason pou dlo pa t ap ka antre ladan yo.

Imaj
frè Jarèd ap pale ak Senyè a

Frè Jarèd la t ap mande tèt li kijan moun yo ta pral fè pou yo te respire andedan bato yo. Li te mande Senyè kisa pou l te fè.

Imaj
frè Jarèd la ap kouvri twou

Senyè a te di li pou l te fè yon twou anlè ak anba chak bato yo. Twou yo te ka louvri pou kite lè antre epi fèmen pou bloke dlo.

Imaj
frè Jarèd ap pale ak Seyè a

Frè Jarèd la te di Senyè a ke l te fènwa andedan bato yo. Senyè a te mande l pou l te reflechi sou yon fason pou te gen limyè andedan bato yo.

Imaj
frè Jarèd k ap koute Senyè a

Limyè pou bato yo pa t ap ka soti nan dife ni nan fenèt yo paske yo t ap kraze.

Imaj
frè Jarèd ap kase wòch kristal

Frè Jarèd la te ale sou yon montay epi l te koupe 16 ti wòch nan yon gwo wòch. Ti wòch yo te sanble ak kristal klè. Li te fè de tiwòch pou chak bato.

Imaj
frè Jarèd ap monte montay

Frè Jarèd la te pote ti wòch yo sou tèt yon montay. La li te priye Senyè a.

Imaj
frè Jarèd ap priye

Frè Jarèd la te mande Senyè a pou l te touche ti wòch yo pou yo te ka bay limyè andedan bato yo.

Imaj
Kris la touche chak ti wòch yo

Senyè a te touche chak ti wòch avèk dwèt li.

Imaj
frè Jarèd

Paske frè Jarèd la te gen gwo lafwa, li te wè dwèt Senyè a. Li te sanble avèk dwèt yon moun.

Imaj
Kris avèk frè Jarèd

Apresa Senyè a te montre tèt li bay frè Jarèd la.

Imaj
Jezikri

Jezi te di ke moun ki kwè nan li yo ap gen lavi etènèl.

Imaj
Jezi ap anseye frè Jarèd la

Jezi te anseye frè Jarèd la epi l te montre l anpil bagay. Jezi te di l pou l te ekri sa l te wè ak tande yo.

Imaj
frè Jarèd la k ap desann sou montay la.

Frè Jarèd la te pote tiwòch yo desann sou montay lan. Li te mete yon tiwòch nan pwent chak bato yo. Yo te bay limyè andedan bato yo.

Imaj
chaloup yo nan dlo

Jaredit yo te antre andedan bato yo avèk bèt yo ak manje. Senyè a te fè yon gwo van soufle pou pouse bato yo nan direksyon tè pwomiz la.

Imaj
frè Jarèd la

Senyè a te pwoteje yo nan mitan lanmè ajite a. Yo te remèsye Senyè a epi yo te chante chan louwanj pou li.

Imaj
chaloup yo rive nan tè pwomiz la

Apre 344 jou sou dlo, bato yo te ateri sou bòdmè tè pwomiz la.

Imaj
Jaredit yo ap priye

Lè Jaredit yo te soti nan bato yo, yo te mete ajenou epi yo te kriye ak lajwa.

Imaj
fi ka p pote ble

Jaredit yo te bati kay epi yo te plante semans nan tè pwomiz la. Yo te anseye pitit yo pou yo te koute Senyè a ak obeyi pawòl li.