Scripture Stories
Chapit 15: Alma anseye ak batize


Chapit 15

Alma anseye ak batize

Imaj
Alma ap ekri

Alma te chape anba men sèvitè Wa Nowe yo epi l t al kache pandan plizyè jou. Pandan li te nan kache a, li te ekri sa pwofèt Abinadi te anseye yo.

Imaj
Alma ap anseye lòt moun

Alma te repanti pou peche li epi li t al jwenn Nefit yo ansekrè, pou l te anseye yo mesaj Abinadi a. Alma te di moun yo pou yo gen lafwa nan Jezikri epi repanti.

Imaj
Alma

Pandan lajounen Alma te kache nan yon touf pyebwa ki te toupre yon letan ki te rele Dlo Mòmon yo.

Imaj
Alma ap batize lòt moun

Moun ki te kwè nan ansèyman Alma yo te ale nan Dlo Mòmom yo epi l te batize yo. Alma te batize 204 moun antre nan Legliz Kris la.

Imaj
Alma ap òdone prèt

Alma te òdone prèt pou anseye moun yo. Li te di prèt yo pou anseye repantans ak lafwa nan Jezikri. Li te di yo tou pou yo pa t fè dispit men pou yo te ini.

Imaj
gason k ap pataje

Pèp Alma a te renmen epi sèvi youn lòt. Yo te pataje tout bagay yo te genyen epi yo te rekonesan pou yo te aprann konsènan Jezikri, Redanmtè yo a.

Imaj
Sèvitè Noe yo k ap espyone Alma

Sèvitè Wa Nowe yo te wè Alma ap anseye moun yo. Wa a te di Alma ta p soulve Nefit yo kont li, konsa li te voye yon lame pou touye yo.

Imaj
Alma ak lòt moun yo k ap pran lafuit

Bondye te avèti Alma ke lame Wa Nowe a t ap vini. Moun yo te rasanble fanmi yo, bèt yo, ak lòt byen yo epi yo te kouri ale nan dezè a.

Imaj
Sòlda Wa Noe

Bondye te bay pèp Alma a fòs pou pou yo te ka chape anba lame Wa Nowe a. Lame a te chèche yo men l pa t janm jwenn yo.

Imaj
moun k ap plante

Apre yo te fin vwayaj nan dezè a pandan yuit jou, pèp Alma a te rive nan yon bèl zòn ki te gen dlo pwòp ki ta p koule. La yo te plante epi yo te bati kay.

Imaj
Alma ap pale avèk lòt moun

Moun yo te vle pou Alma vini wa yo, men Alma te di Bondye pa t vle yo gen yon wa. Bondye te vle yo rete lib.