Scripture Stories
Chapit 17: Alma ak pèp li a chape


Chapit 17

Alma ak pèp li a chape

Imaj
moun k ap travay nan jaden

Yon jou pandan pèp Alma a t ap travay nan jaden yo, yon lame Lamanit te travèse fwontyè a antre nan peyi yo a.

Imaj
Alma ap pale ak pèp la

Nefit yo te panike epi yo te kouri al nan vil la pou yo t al abrite yo. Alma te di yo pou yo sonje Bondye epi li t ap ede yo. Nefit yo te kòmanse priye.

Imaj
Alma ap pale ak Lamanit yo

Senyè a te adousi kè Lamanit yo, epi yo pa t fè Nefit yo anyen. Lamanit yo te pèdi pandan yo t ap chèche pèp Wa Limi an.

Imaj
Alma k ap montre Lamanit yo wout lakay yo

Lamanit yo te pwomèt Alma ke yo pa t ap deranje pèp li a si l te di yo kijan pou yo te retounen al nan peyi yo. Alma te montre yo wout la.

Imaj
Lamanit k ap veye pèp Alma a

Men Lamanit yo pa t kenbe pwomès yo. Yo te mete gad antoure peyi a, epi Alma ak pèp li a pa t gen libète yo ankò.

Imaj
Amilon ap pale avèk gad Lamanit

Wa Lamanit la te mete Amilon kòm gouvènè pèp Alma a. Amilon sete yon Nefit epi l sete youn nan prèt mechan Wa Nowe yo.

Imaj
Amilon ap siveye moun k ap travay

Amilon te fè pèp Alma a travay di. Yo te priye pou yo te jwenn èd, men Amilon te di l t ap touye nenpòt moun li kenbe k ap priye. Moun yo te kontinye priye nan kè yo.

Imaj
tigason k ap pote yon pànye

Bondye te tande priyè yo epi l te fòtifye pèp la pou travay yo te parèt fasil. Moun yo te fè kè yo kontan epi yo te pran pasyans.

Imaj
Bondye pale ak Alma

Bondye te kontan paske pèp li a te rete fidèl. Li te di Alma ke l t ap ede yo chape anba men Lamanit yo.

Imaj
Pèp Alma a ap chape

Pandan nuit la, pèp la te rasanble manje ak bèt yo. Nan demen maten, Bondye te kenbe Lamanit yo nan somèy pandan Alma ak pèp li a te kite vil la.

Imaj
Wa Mozya ap akeyi Alma

Apre yo te fin vwayaje pandan 12 jou, pèp la te rive nan Zarayemla, kote Wa Mozya ak pèp li a te akeyi yo.