Scripture Stories
Chapit 45: Jezikri anseye konsènan Sentsèn nan ak lapriyè


Chapit 45

Jezikri anseye konsènan Sentsèn nan ak lapriyè

Imaj
gwoup mesye k ap mache

Jezikri te voye disip li yo al chèche yon ti pen ak diven. Li te di Nefit yo pou yo te chita atè a.

Imaj
Jezi ap distribye pen

Lè disip yo te retounen, Sovè a te kase pen an an timoso epi l te beni li. Li te bay disip li yo epi l te fè yo bay moun yo tou.

Imaj
Jezi k ap pale

Jezi te di ke moun ki pran senstèn yo pwomèt pou yo toujou sonje li ak sakrifis li a. Apresa yo resevwa Lespri li.

Imaj
moun k ap distribye diven

Jezikri te beni diven an epi l te bay disip li yo. Disip yo te bay moun yo diven.

Imaj
Jezi ap anseye

Jezi te di ke moun ki pran sentsèn yo pwomèt pou yo kenbe komandman l yo.

Imaj
Jezi ap pale ak disip yo

Jezi te di disip li yo ankò ke tout moun ki pran sentsèn nan epi ki toujou sonje li ap gen Lespri l avèk yo.

Imaj
Jezi ap pale ak moun yo

Li te di disip li yo yo t ap beni si yo te kenbe komandman l yo.

Imaj
Jezi ap pale ak disip yo

Li te di yo pou yo toujou priye epi pou yo priye jan yo te wè l priye a.

Imaj
Sovè a ap pale ak tout moun

Sovè a te di tout Nefit yo pou yo te priye Pè Selès la nan non li. Li te kòmande yo pou yo te priye pou fanmi yo.

Imaj
moun k ap tande Kris la

Li te di moun yo te dwe reyini ansanm souvan. Yo te dwe byen akeyi lòt moun nan reyinyon yo, priye pou yo, epi tabli bon egzanp pou yo.

Imaj
Jezi k ap monte nan syèl

Sovè a te bay disip li yo pouvwa pou yo te bay Sentespri a. Apresa, yon nyaj te kouvri pèp la yon fason ke sete disip yo sèlman ki te wè Jezi montre nan syèl la.