Scripture Stories
Chapit 19: Pitit gason Mozya yo vin tounen misyonè


Chapit 19

Pitit gason Mozya yo vin tounen misyonè

Imaj
kat pitit gason Mozya yo

Mozya te gen kat pitit gason: Amon Aawon, Omnè, ak Imni. Yo te anssanm avèk Alma pi jèn nan lè zanj la te parèt kote li.

Imaj
pitit gason Mozya yo

Pitit gason Mozya yo te repanti pou peche yo epi yo te regrèt pwoblèm yo te lakoz yo. Yo te konn levanjil la vrè, epi yo te vle anseye lòt moun ni.

Imaj
pitit gason Mozya yo ap pale

Chak nan pitit gason Mozya yo te refize vin wa. Olye desa, yo te vle vin misyonè pou Lamanit yo epi pataje benediksyon levanjil yo avèk yo.

Imaj
Wa Mozya k ap priye

Wa Mozya te priye pou l te konn si l te dwe kite pitit gason l yo ale. Bondye te di l pou l te kite yo ale, epi yo t ap pwoteje. Anpil Lamanit te kwè nan mesaj yo a.

Imaj
kat gason ap priye

Pitit gason Mozya yo te al anseye Lamanit yo. Yo te jene ak priye pou yo te ka bon misyonè.