Scripture Stories
Chapit 16: Wa Limi ak pèp li a chape


Chapit 16

Wa Limi ak pèp li a chape

Imaj
Lamanit yo ap siveye moun nan jaden

Lamanit yo te kaptire anpil nan Nefit ki pa t chape avèk Wa Nowe yo. Lamanit yo te ale avèk yo epi yo te ba yo tè men yo te fè yo peye gwo taks.

Imaj
Wa Limi

Nefit yo te chwazi Limi pou nouvo wa yo. Limi sete pitit gason Wa Nowe, men li pa t mechan tankou papa li. Li sete yon bon gason.

Imaj
Lamanit k ap kale Nefit

Wa Limi te eseye fè lapè avèk Lamanit yo, men yo te kontinye kenbe Nefit yo epi aji avèk kriyote kont yo.

Imaj
Y ap kaptire Nefit yo

Yon jou Wa Limi te wè kèk etranje nan alantou vil la. Li te fè mete yo nan prizon. Etranje yo sete Nefit ki te soti Zarayemla.

Imaj
Amon ap pale ak Limi

Dirijan yo a te rele Amon. Wa Limi te kontan wè li. Li te konnen ke Amon te ka ede pèp li a chape anba men Lamanit yo.

Imaj
Wa Limi ap pale ak moun

Wa Limi te rele pèp li a pou yo te rasanble. Li te raple yo ke mechanste yo sete rezon k te fè yo te tonbe anba men Lamanit yo.

Imaj
Limi ap pale

Li te di pèp la pou yo repanti, fè Bondye konfyans, epi obeyi kòmandman yo. Si yo te fè sa Bondye t ap ede yo chape.

Imaj
Lamanit ap pale

Nefit yo te aprann ke Lamanit ki t ap gade vil yo a te konn bwè tout tan jiskaske yo te sou lannuit.

Imaj
Nefit yo ap pote diven pou gadyen yo

Jouswa sa a, Wa Limi te voye plis diven toujou pou gadyen yo kòm kado.

Imaj
Limi ak pèp li a chape

Wa Limi ak pèp li a te rive pase bò kote gadyen yo ki k te sou yo epi yo te chape.

Imaj
moun y ap akepi nan Zarayemla

Amon te fè Wa Limi ak pèp li a travèse dezè a rive Zarayemla, kote yo te byen akeyi yo.