Scripture Stories
Chapit 14: Abinadi ak Wa Noe


Chapit 14

Abinadi ak Wa Nowe

Imaj
Zenif

Zenif sete wa yon gwoup nan Nefit yo epi l te jis. Lè l te vin granmoun, pitit gason li, Nowe te vin wa.

Imaj
Noe

Nowe pa t yon bon wa tankou papa li. Li te mechan epi li pa t obeyi kòmandman Bondye yo.

Imaj
moun k ap remèt Wa Noe byen yo

Li te fòse pèp li a ba l yon pati nan rekòt yo, bèt, lò yo, al lajan yo.

Imaj
Noe ki chita atab pou dine

Wa Nowe te fè sa paske l te parese. Li te fè Nefit yo ba l tout sa l te bezwen pou l te viv.

Imaj
bon prèt yo ak prèt mechan yo

Li te ranplase bon prèt yo papa l te genyen yo pa prèt mechan. Prèt mechan yo te anseye pèp la pou yo te fè peche.

Imaj
twòn palè ak gad yo

Wa Nowe te fè konstwi anpil bèl batiman, ladan yo yon gran palè avèk yon twòn. Batiman yo te dekore avèk lò, ajan, ak bwa presye.

Imaj
Noe

Wa Nowe te renmen richès yo l te pran nan men pèp li a. Limenm ak prèt li yo te pase tan yo ap bwè diven ak fè mechanste.

Imaj
Abinadi ap preche repantans

Bondye te voye yon pwofèt ki te rele Abinadi devan pèp Nowe a. Abinadi te avèti yo ke si yo pa t repanti, yo t ap vin tounen esklav Lamanit yo.

Imaj
Noe ki chita atab

Lè Wa Nowe te tande kisa Abinadi te di, li te fache. Li te voye gason pou te mennen Abinadi nan palè a pou l te ka touye l.

Imaj
Abinadi ap pale ak wa a

Yo te mennen Abinadi devan wa a. Wa Nowe ak prèt li yo te poze l anpil kesyon. Yo te eseye pyeje li pou yo te ka fè l di yon move bagay.

Imaj
Abinadi ap pale ak wa a

Abinadi pa t pè reponn kesyon yo. Li te konnen ke Bondye t ap ede li. Prèt yo te etone devan repons Abinadi yo.

Imaj
Wa Noe fache

Wa Nowe te fache epi l bay prèt li yo lòd pou yo te touye Abinadi. Abinadi te di si yo touche l Bondye t ap touye yo.

Imaj
Sentespri a pwoteje Abinadi

Sentespri a te pwoteje Abinadi pou l te ka fin di sa Senyè a te vle l di yo. Vizaj Abinadi te klere. Prèt yo te pè touche li.

Imaj
Abinadi ap pale

Abinadi te pale avèk pouvwa Bondye, epi l te te pale moun yo konsènan mechanste yo. Li te li kòmandman yo pou yo.

Imaj
Mari, Joseph, ak Jezi tibebe

Li te di yo Jezikri ta pral pran nesans sou tè a. Jezi ta pral rann posib pou moun yo repanti, resisite, epi viv avèk Bondye.

Imaj
Jezikri

Abinadi te di moun yo pou yo repanti epi kwè nan Jezikri sinon yo pa t ap ka sove.

Imaj
Y ap mennen Abinadi nan prizon

Wa Nowe ak tout prèt li yo, eksepte youn, te refize kwè Abinadi. Nowe te di prèt yo pou yo te touye Abinadi. Yo te mare li epi lage l nan prizon.

Imaj
Alma ap pale avèk Wa Noe

Grenn prèt ki te kwè nan Abinadi a te rele Alma. Li te mande Wa Nowe pou l te kite Abinadi ale.

Imaj
Alma kache

Wa a te fache kont Alma epi li te fè yo mete l deyò. Apresa li te voye sèvitè l yo pou yo te touye li. Alma te kouri al kache, epi sèvitè yo pa t janm jwenn ni.

Imaj
Abinadi devan Noe

Apre l pase twa jou nan prizon, yo te mennen Abinadi devan Wa Nowe ankò. Wa a te di Abinadi pou l te retire sa l te di yo konsènan limenm ak pèp li a.

Imaj
Wa Noe fache

Wa Nowe te di Abinadi ke si l pa t renye tout sa l te di yo, li t ap touye li.

Imaj
Abinadi ap pale

Abinadi te konnen ke sa l t ap di yo sete verite. Li te dispoze pou l te mouri olye pou l te renye bagay Bondye te voye l pou l di yo.

Imaj
Y ap boule Abinadi

Wa Nowe te bay prèt li yo lòd pou yo te touye Abinadi. Yo te mare li, yo te bat li, epi yo te boule l jiskaske l te mouri. Avan l te mouri, Abinadi te di Wa Nowe ke l t ap mouri nan dife tou.

Imaj
Lamanit yo ap goumen ak pèp Noe a

Gen kèk nan Nefit yo ki te pa t dakò avèk Wa Nowe epi yo te eseye touye li. Lame Lamanit yo te vin goumen kont wa a ak moun ki t ap suiv li yo tou.

Imaj
Wa a ak moun ki t ap suiv li yo te kouri chape.

Wa a ak moun ki t ap suiv li yo te kouri al lwen Lamanit yo, men Lamanit yo te tonbe sou yo epi yo te kòmanse touye yo. Wa a te di mesye l yo pou yo te kite fanmi yo epi kontinye kouri.

Imaj
Lamanit yo kaptire moun

Anpil nan mesye yo pa t vle ale. Lamanit yo te kaptire yo.

Imaj
mesye yo ankòlè kont Noe

Pifò nan mesye k te kouri avèk Wa Nowe yo te vin regrèt. Yo te vle retounen pou yo t al ede madanm yo ak pitit yo ak pèp yo a.

Imaj
Noe avèk lòt mesye yo

Wa Nowe pa t vle mesye yo retounen al jwenn fanmi yo. Li te ba yo lòd pou yo te rete avèk li.

Imaj
mesye yo boule Wa Noe.

Mesye yo te ankòlè kont Wa Nowe. Yo te boule l jiskaske l te mouri, jan Abinadi te pwofetize a. Apresa yo te retounen al jwenn fanmi yo.