Ekriti yo
Mòmon 1


Liv Mòmon An

Chapit 1

Amawon enstwi Mòmon konsènan rejis sakre yo—Lagè kòmanse nan pami Nefit yo ak Lamanit yo—Twa Nefit yo sòti—Mechanste, enkredilite, maji ak wanga pran pye. Anviwon 321–326 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, Mwen aMòmon, m fè yon brejis konsènan bagay m te wè ak tande, e m rele l Liv Mòmon an.

2 Epi, prèske menm epòk aAmawon te kache rejis yo nan Senyè a, li te vin kote m, (m te gen dizan anviwon, e m te kòmanse yon jan baprann daprè fason edikasyon pèp mwen an) e Amawon te di m konsa: M sispèk ou se yon timoun serye, e w gen talan pou w kapab obsève.

3 Konsa, lè w gen anviwon vennkat ane, m ta vle w sonje bagay yo ou te obsève konsènan pèp sa a; e lè w gen laj sa a, ale nan peyi Antoum nan, sou yon kolin ki rele aChim; e se la m te depoze rejis sakre yo konsènan pèp sa a, nan Senyè a.

4 Pran aplak Nefi yo avèk ou, e kite rès yo kote yo ye a; epi ekri tout bagay yo ou te obsève konsènan pèp sa a sou plak Nefi yo.

5 Epi, mwen menm Mòmon, paske m se desandan aNefi, (e papa m te rele Mòmon) m te sonje bagay Amawon te kòmande m yo.

6 Epi, se te konsa, lè m te gen onzan, papa m te mennen m nan dezè sid la, nan peyi Zarayemla a menm.

7 Tout sifas peyi a te vin kouvri avèk kay, e pèp la te prèske menm kantite ak sab lanmè a.

8 Epi, se te konsa, nan ane sa a, te kòmanse gen yon lagè nan pami Nefit yo, ki te genyen Nefit ak Jakobit ak Jozefit, ak Zoramit yo ladan; e lagè sa a te nan pami Nefit yo, ak Lamanit yo ak Lemyelit yo, ak Ismayelit yo.

9 Kounyeya, Lamanit yo ak Lemyelit yo ak Ismayelit yo te rele Lamanit, e de gwoup yo te Nefit ak Lamanit.

10 Epi, se te konsa, lagè a te kòmanse nan pami yo nan fwontyè Zarayemla a, bò dlo Sidon an.

11 Epi, se te konsa, Nefit yo te rasanble anpil gason ansanm, kantite a te menm depase trant-mil. Epi nan menm ane sa yo te gen anpil batay, nan batay sa yo, Nefit yo te bat Lamanit yo e yo te touye anpil ladan yo.

12 Epi, se te konsa, Lamanit yo te abandone plan yo a, e te gen lapè ki te tabli nan peyi a; e lapè a te dire pou yon peryòd kat ane anviwon, san pa t gen masak.

13 Men, tèlman mechanste te domine sou sifas tout tè a, Senyè a te wete adisip byenneme li yo, e zèv mirak ak gerizon te sispann poutèt inikite pèp la.

14 Epi Senyè a pa t bay okenn adon, e bSentespri a pa t desann sou okenn moun poutèt mechanste yo ak cenkredilite yo.

15 Epi, paske mwen menm te gen kenzan e m te yon jan serye, poutèt sa, Senyè a te vizite m, m te goute e m te konnen bonte Jezi.

16 Epi m te eseye preche pèp sa a, men bouch mwen te fèmen, e m te resevwa entèdiksyon pou m preche yo; paske avèk pwòp volonte yo, yo te afèrebèl kont Bondye yo a; e disip byenneme yo te bsoti nan peyi a, poutèt inikite pèp la.

17 Men, m te rete nan pami yo, men m te resevwa entèdiksyon pou m preche yo, poutèt kè yo te di; e poutèt kè yo te di, tè a te amodi poutèt yo.

18 Epi vòlè Gadyanton yo ki te nan pami Lamanit yo, te tèlman anvayi peyi a, abitan yo ki nan peyi a te kòmanse kache atrezò yo nan tè a; e yo te vin pèdi, paske Senyè a te modi tè a, e yo pa t kapab kenbe byen yo ni pran yo ankò.

19 Epi, se te konsa, te gen sòsèlri, ak wanga, ak maji; e pouvwa malen an te gaye sou tout tè a, jistan pawòl Abinadi yo ak pawòl Samyèl yo, Lamanit la te akonpli.