Ekriti yo
Mòmon 7


Chapit 7

Mòmon envite Lamanit nan dènye jou yo pou yo kwè nan Kris la, pou yo aksepte levanjil Li a, epi pou yo sove—Tout moun ki kwè nan Bib la ap kwè nan Liv Mòmon an tou. Anviwon 385 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, gade, m ap fè yon ti pale avèk arès pèp sa a ki pa t mouri a, si Bondye vle ba yo pawòl mwen yo, pou yo kapab konnen zèv zansèt yo; wi, m ap pale avèk nou, nou menm rès kay Izrayèl la; Epi men pawòl m ap pale a.

2 Konnen nou fè pati nan akay Izrayèl la.

3 Konnen nou dwe vini nan repantans, san sa, nou pa kapab sove.

4 Konnen nou dwe depoze lèzam pou lagè nou yo, pou nou pa janm pran plèzi ankò nan fè san koule, e pou nou pa pran zam yo ankò, eksepte si Bondye kòmande nou.

5 Konnen, nou dwe vin gen akonesans konsènan zansèt nou yo, nou dwe repanti pou tout peche ak inikite nou yo, nou dwe bkwè nan Jezikri, nou dwe kwè li se Pitit Gason Bondye a, e Juif yo te touye l, e avèk pouvwa Papa a, li te leve ankò, pou l te kapab gen cviktwa sou tonm lan; epi tou doulè lanmò a menm anglouti l.

6 Epi li pote arezirèksyon pou mò yo, pou lèzòm kapab leve kanpe devan bfotèy jijman an.

7 Epi li pote aredanmsyon pou mond lan, pou moun ki binosan devan l nan jou jijman an kapab gen pèmisyon pou crete nan prezans Bondye, nan wayòm li a, pou chante louwanj san fen avèk dkoral nan syèl la, pou Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a, ki se yon esèl Bondye a, nan yon eta fbonè ki san fen.

8 Se poutèt sa, repanti, e batize nan non Jezi, epi kenbe alevanjil Kris la fèm, k ap vin plase devan nou, non sèlman nan rejis sa a, men, nan brejis k ap vin jwenn Janti yo, csòti nan men Juif yo, k ap sòti nan men Janti yo vin jwenn dnou tou.

9 Paske gade, abagay sa a ekri nan entansyon pou nou kapab bkwè lòt la; e si nou kwè lòt la, n ap kwè sa a tou; e si nou kwè sa a, n ap gen konesans konsènan zansèt nou yo, ak zèv mèveye pouvwa Bondye te manifeste nan pami yo.

10 Epi tou n ap konnen nou se desandan pèp Jakòb la; se poutèt sa n ap konte nan pami pèp premye alyans la; Epi si nou kwè nan Kris la, e nou batize, premyèman avèk dlo, apre sa, avèk dife epi avèk Sentespri a, nou suiv aegzanp Sovè a, daprè jan li te kòmande nou an, l ap bon pou nou nan jou jijman an. Amèn.