Ekriti yo
Mòmon 6


Chapit 6

Nefit yo rasanble nan peyi Kimora pou batay final la—Mòmon kache rejis sakre yo nan Kolin Kimora a—Lamanit yo ranpòte viktwa e nasyon Nefit la detwi—plizyè santèn milye moun mouri anba epe. Anviwon 385 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya m ap fini istwa m nan konsènan adestriksyon pèp mwen an, Nefit yo. Epi nou te kouri al devan Lamanit yo.

2 Epi, mwen Mòmon, m te ekri yon lèt bay wa Lamanit yo, e m te vle pou l te kite nou rasanble pèp nou an ansanm nan apeyi Kimora a, bò kolin ki te rele Kimora a, e pou nou ta goumen avèk yo kote sa a.

3 Epi, se te konsa, wa Lamanit yo te akòde m bagay m te mande l la.

4 Epi, se te konsa, nou te mache al nan peyi Kimora a, e nou te plante tant nou yo nan alantou kolin Kimora a; e sete yon peyi ki te gen anpil dlo, ak rivyè ak fontèn; e se la nou te espere gen avantaj sou Lamanit yo.

5 Epi lè twasankatrevenkat ane te pase, nou te rasanble tout rès moun nou yo ansanm nan peyi Kimora a.

6 Epi, se te konsa, lè nou te fin rasanble tout pèp nou an ansanm nan peyi Kimora a, lè sa a, mwen menm Mòmon, m te kòmanse vyeyi; epi paske m te konnen se te dènye efò pèp mwen an, e paske Senyè a te kòmande m pou m pa kite rejis sakre yo ki te sòti nan men zansèt nou yo tonbe nan men Lamanit yo, (paske Lamanit yo ta p detwi yo) se poutèt sa, m te kopye arejis sa a daprè plak Nefi yo, epi m te bkache tout rejis Senyè a te konfye m yo nan kolin Kimora a, eksepte ckèk plak sa yo m te bay dMowoni, pitit gason m nan.

7 Epi, se te konsa, pèp mwen an, avèk madanm yo, ak pitit yo te wè alame lamanit yo ap mache vin sou yo; e yo ta p ret tann yo avèk yon lakrent lanmò ki ranpli lestomak tout moun ki mechan.

8 Epi, se te konsa, yo te vin goumen avèk nou, e tout moun te anba kraponnen pou jan yo te anpil.

9 Epi, se te konsa, yo te tonbe sou pèp mwen an avèk epe, ak flèch, ak rach epi avèk tout kalite zam pou lagè.

10 Epi, se te konsa, gason m yo te tonbe, wi, dis mil gason m yo ki te avèk mwen yo, e m te tonbe blese nan mitan goumen an; e Lamanit yo te pase bò kote m, men, yo pa t pran lavi m.

11 Epi lè yo te fin travèse epi touye atout pèp mwen an, eksepte vennkat nan nou, (pitit gason m nan, Mowoni te nan pami vennkat la) e paske nou pa t mouri nan pami pèp nou an, nan demen, lè Lamanit yo te retounen nan kan pa yo, sou tèt kolin Kimora a, nou te wè dimil moun mwen yo m te dirije a, ki te mouri.

12 Epi nou te wè tou dimil moun nan pèp mwen an, Mowoni te dirije a tou.

13 Epi tou gade dimil Jidjidona yo te tonbe tou, e li te nan mitan yo.

14 Epi Lama te tonbe avèk dimil li yo; e Gilgal te tonbe avèk dimil li yo; e Lima te mouri avèk dimil li yo; e Jenewòm te tonbe avèk dimil li yo; e Kimeniya te tonbe avèk dimil yo; e Mowoniya, ak Antyonòm, ak Chiblòm, ak Sèm, ak Jòch te tonbe avèk dimil pa yo.

15 Epi, se te konsa, te gen dis lòt ki te tonbe anba epe, yo chak avèk dimil moun pa yo; wi, atout pèp mwen an nèt te tonbe, eksepte vennkat moun ki t avèk mwen yo, ak kèk lòt ki te sove al nan peyi sid yo, ak kèk lòt ki te sove al jwenn Lamanit yo; e kò yo, ak zo yo, ak san yo te gaye sou sifas tè a, paske moun yo ki te touye yo a, te kite yo pou yo pouri sou tè a, e pou yo dekonpoze, e pou yo retounen jwenn tè a ki se manman yo.

16 Epi nanm mwen te dechire avèk chagren poutèt pèp mwen an ki te mouri a, e m te kriye:

17 O bèl moun yo, kòman nou te fè soti nan chemen Senyè a! O bèl moun yo, kòman nou te fè rejte Jezi sa a, ki te kanpe avèk bra l ouvè pou l resevwa nou an!

18 Gade, si nou pa t fè sa, nou pa ta p tonbe. Men, gade, nou te tonbe e mwen te tris poutèt pèt sa a.

19 O, bèl pitit gason ak pitit fi yo, nou menm papa ak manman yo, nou menm mari ak madanm yo, nou menm bèl moun yo, kòman nou te fè tonbe!

20 Men, gade, nou t ale e tristès mwen pa kapab fè nou retounen.

21 Epi jou a ap rive pou kò mòtèl nou an vin imòtèl, e kò sa a yo k ap grandi nan dekonpozisyon an dwe vin aenkoriptib; epi lè sa a, nou dwe kanpe devan fotèy jijman Kris la, pou nou sibi jijman daprè zèv nou yo; e si nou jis, lè sa a, n ap beni avèk zansèt nou yo ki te mouri anvan nou yo.

22 O, pito nou te repanti anvan destriksyon sa a te tonbe sou nou. Men, gade, nou t ale, e Papa a wi, Papa Etènèl syèl la konnen sitiyasyon nou, e l ap trete nou daprè alajistis ak bmizèrikòd li.