Konferans Jeneral
Prensip Levanjil Mwen yo
Konferans Jeneral Avril 2021


Prensip Levanjil Mwen yo

(Doktrin ak Alyans 42:12)

Senpleman di,yon prensip levanjil se yon direksyon ki baze sou doktrin pou egzèsis libète moral nan lajistis.

Nan konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou u yo an Oktòb 1849, yo te aple Èldè John Taylor nan Kolèj Douz Apot yo pou l te ouvri peyi La Frans pou predikasyon levanjil Jezikri a. Sèvis li te mande pou l te pibliye premye jounal Legliz la nan peyi sa a. Èldè Taylor te prepare ak pibliye yon atik an 1851 pou reponn kesyon moun te poze l souvan sou Legliz la. Epi, prèske nan fen atik sa a, Èldè Taylor te rakonte eksperyans sa a:

“Sa gen kèk ane, nan Nauvoo, mwen te tande yon manm nan Kò Lejislatif la mande Joseph Smith kouman l te fè ka gouvène tout kantite moun sa yo, epi kenbe yon lòd pafè konsa; pandan l te an menm tan fè remak ke li te enposib pou yomenm yo te fè sa nan tout lòt domèn. Mesye Smith te reponn ke li te trè fasil pou l fè sa. ‘Mesye a te mande: kouman?’ ‘pou noumenm, sa difisil anpil.’ Mesye Smith te reponn, ‘Mwen anseye yo prensip ki korèk, epi yo gouvène tèt yo poukont yo.’”1

M priye pou Sentespri a enstwi ak edifye nou chak pandan m ap mete aksan sou enpòtans wòl prensip yo ki nan levanjil retabli Jezikri a.

Prensip

Senyè a te revele Pwofèt Joseph Smith ke “ansyen yo, prèt yo, ak enstriktè yo ki nan legliz sa a dwe ansenye prensip levanjil mwen yo ki nan Bib la ak nan Liv Mòmon an, ki gen plenitid levanjil la.”2 Li te deklare tou ke Sen Dènye jou yo ta dwe “enstwi pi pafètman an tewori, nan prensip, nan doktrin, nan lalwa levanjil la, nan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm Bondye a, ki nesesè pou nou konprann.”3

Senpleman di,yon prensip levanjil se yon direksyon ki baze sou doktrin pou egzèsis libète moral nan lajistis. Prensip yo sòti nan pi gwo verite levanjil yo epi yo bay direksyon ak règ pandan n ap avanse sou chemen alyans la.

Paregzanp, twa premye Atik Lafwa yo idantifye aspè fondamantal yo nan doktrin levanjil retabli Jezikri a: nati Divinite a nan premye atik lafwa a, efè Chit Adan ak Èv la nan dezyèm atik lafwa a, ak benediksyon ki posib atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a nan twazyèm atik lafwa a.4 Epi katriyèm atik lafwa a tabli premye prensip yo—direksyon pou egzèse lafwa nan Jezikri ak pou nou repanti—ak premye òdonans prètriz ki fè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a efikas nan lavi nou yo.5

Pawòl Sajès la se yon lòt egzanp sou prensip kòm direksyon. Silvouplè, note vèsè entwodiksyon sa yo ki nan seksyon 89 Doktrin ak Alyans yo:

“Li te bay kòm yon prensip avèk yon pwomès, ki adapte avèk kapasite fèb yo ak sa ki pi fèb yo pami sen yo, ki oubyen ki kapab pote non sen.

“Gade, an verite, Senyè a di nou: kòm konsekans mechanste ak plan ki egziste epi ki pral egziste nan kè moun k ap konspire nan dènye jou yo, m ba nou pawòl sajès sa a pa mwayen revelasyon, pou m kapab avèti nou epi m avèti ou alavans.”6

Enstriksyon enspire ki suiv entwodiksyon sa a bay direksyon dirab pou byennèt fizik ak espirityèl epi l temwaye de benediksyon espesifik ki depann sou fidelite nou a prensip la.

Aprann, konprann, ak viv prensip levanjil yo ranfòse lafwa nou nan Sovè a, apwofondi devosyon nou nan Li, epi envite yon miltitid benediksyon ak don espirityèl nan lavi nou. Prensip jistis yo ede nou gade pi lwen preferans pèsonèl ak santiman ki santre sou tèt nou, pou ban nou pèspektif presye sou verite etènèl pandan n ap navige nan sikonstans , difikilte, desizyon, ak eksperyans diferan yo nan mòtalite a.

Egzanp Kontanporen sou Ansèyman Prensip ki Kòrèk

Deklarasyon Pwofèt Joseph Smith sou anseye prensip ki kòrèk la se petèt yonn nan ansèyman ki pi site. Epi nou jwenn egzanp puisan sou modèl enstriksyon enspire sa a nan deklarasyon sèvitè Senyè a otorize yo jodia.

Prensip okenn distraksyon an

Prezidan Dallin H. Oaks te pale nan konferans jeneral Avril 1998 la sou devwa detantè Prètriz Aawon yo ki gen rapò avèk preparasyon ak distribisyon sentsèn nan. Li te dekri prensip okenn distraksyon an epi li te di yon detantè Prètriz Aawon pa ta dwe janm vle pou onkenn bagay nan aparans li oubyen nan konpòtman l distrè onkenn manm nan Legliz la nan adorasyon l ak renouvèlman alyans li. Prezidan Oaks te mete aksan sou prensip lòd, pwòpte, reverans, ak diyite ki asosye avèk bagay sa a tou.

Sa k enteresan an, Prezidan Oaks pa t bay jèn gason yo yon lis long ki plen bagay pou yo fè ak pou yo pa fè. Okontrè, li te eksplike prensip la nan entansyon pou jèn gason yo ak paran yo ak enstriktè yo ta ka e ta dwe itilize jijman ak enspirasyon pa yo pou yo suiv direksyon yo.

Li te eksplike, “M pap sijere règ detaye, paske sikonstans nan anpil pawas ak branch nan Legliz mondyal nou an tèlman diferan ke yon règ espesifik ki sanble l aplikab nan yon sikonstans kapab pa apwopriye nan yon lòt. Men, m ap sijere yon prensip ki base sou doktrins yo. Si tout moun konprann prensip sa a epi yo aji an amoni avèk li, nou p ap bezwen règ. Si règ oubyen konsèy nesesè nan ka endividyèl, dirijan lokal yo ka founi yo, konsistan avèk doktrin ak prensip ki gen relasyon avèk yo.”7

Prensip Saba a kòm yon Siy

Nan konferans jeneral Avril 2015 la, Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou ke “Saba a se yon delis.”8 Epitou, li te eksplike ki fason l te vin pèsonèlman konprann yon prensip debaz konsènan onore jou Saba a:

“Kijan nou ka sanktifye jou Saba a? Lè m te pi jèn, m te konn etidye travay lòt moun ki te konn fè pil lis bagay pou yo fè ak bagay pou yo pa fè nan jou Saba a. Sete jis nan apre m te vin aprann nan ekriti yo ke konpòtman mwen ak atitid mwen nan jou Saba a se yon siy ant mwen menm ak Pè Selès la. Avèk konpreyansyon sa a, mwen pa t bezwen lis bagay pou m te fè ak bagay pou m pa t fè ankò. Lè m te gen pou m pran yon desizyon pou m te konnen si wi ou non yon aktivite te apwopriye pou jou Saba a, mwen te konn senpleman mande tèt mwen: ‘Ki siy m vle bay Bondye?’ Kesyon sa a te konn fè chwa m yo nan jou Saba a vin klè tankou kristal.”9

Kesyon senp men puisan Prezidan Nelson nan mete aksan sou yon prensip ki elimine tout ensètitid konsènan onore ak sa nou dwe fè pou onore Saba a. Kesyon l la rezime yon direktif ak modèl ki ka beni nou tout nan sikonstans varye nou yo.

Prensip pou Nou Dispoze pou n Kite Bondye Gen Priyorite a

Sis mwa pase. nan konferans jeneral, Prezidan Nelson te dekri gran lajwa pèsonèl li pandan l te enspire sou yon nouvo siyifikasyon pou mo Israella. Li te di nou nanm li te touche lè l te aprann ke “non Izrayèl la fè referans a yon moun ki dispoze pou l kite Bondye gen priyorite nan lavi li.”10 Apresa, Prezidan Nelson te idantifye yon kantite enplikasyon ki gen relasyon a enspirasyon sa a.

Mesaj li pou nou dispoze pou kite Bondye gen priyorite a se yon ekzanp remakab sou anseye prensip ki kòrèk pou nou ka gouvène tèt nou. Epi, tankou l te fè nan mesaj li a konsènan fè Saba a tounen yon delis la, Prezidan Nelson te poze kesyon ki baze sou prensip pou sèvi kòm gid ak modèl pou nou chak.

“Èske w dispoze pou w kite Bondye gen priyorite nan lavi ou? Èske w dispoze pou w kite Bondye vin pi gwo enfliyans nan lavi w?”

Li te kontinye:

Konsidere kijan dispozisyon sa a ta ka beni ou. Si w pa marye epi w ap chèche yon konpayon etènèl, dezi w pou w fè pati “Izrayèl” la ap ede w deside ak kimoun pou w renmen ak ki fason pou w renmen.

“Si w marye avèk yon konpayon ki kraze alyans li yo, dispozisyon w pou w kite Bondye gen priyorite nan lavi w la ap pèmèt alyans ou fè avèk Bondye yo rete entak. Sovè a ap geri kè brize w la. Syèl yo ap ouvri pandan w ap chèche konnen kijan pou w kontinye avanse. Ou pa bezwen pèdi ni poze tèt ou kesyon.

“Si w gen kesyon sensè sou levanjil la oubyen sou Legliz la, si w chwazi pou w kite Bondye dirije, w ap resevwa direksyon pou w ka jwenn ak konprann verite etènèl absoli ki pral gide lavi w epi ede w kanpe fèm sou chemen alyans lan.

“Lè w anfas tantasyon—menmsi tantasyon an vini lè w fatige oubyen lè w santi w poukont ou oubyen moun pa konprann ou—imajine kouraj ou ka jwenn si w chwazi pou w kite Bondye pran premye plas nan lavi w e pandan w ap priye Li pou l fòtifye ou.

“Lè pi gwo dezi ou se pou w kite Bondye dirije w, pou w fè pati Izrayèl, desizyon sa yo ap vin pi fasil. Anpil pwoblèm ap vin pa pwoblèm ankò! Ou vin pi byen konn kijan pou w prezante tèt ou. Ou konn kisa w ap gade ak kisa w ap li, ki kote w ap pase tan w, ak kimoun w ap asosye. Ou konn kisa w vle akonpli. Ou konn ki kalite moun ou reyèlman vle vin tounen.”11

Note ki kantite desizyon kritik ak eksperyans vital prensip ki se dispoze kite Bondye gen priyorite aka enfliyanse: renmen ak maryaj, kesyon levanjil ak sousi, tantasyon, aparans pèsonèl, sa pou w gade ak li, ki kote pou w pase tan w, avèk kimoun ou dwe asosye epi anpil lòt bagay. Kesyon enspire Prezidan Nelson yo mete aksan sou yon prensip senp ki bay direksyon nan chak aspè lavi nou epi ki fè nou kapab gouvène tèt nou.

“Yon Ti Gouvènay Toupiti”

Lè Joseph Smith te anprizone nan Prizon Liberty a, li te ekri lèt enstriksyon voye bay manm ak dirijan Legliz yo epi l te raple yo ke “yon gwo bato benefisye anpil de yon ti gouvènay toupiti pandan move tan, si l vire paralèl avèk van an ak lam lanmè yo.”12

Imaj
Ma Bato

Yon “gouvènay” se yon volan oubyen yon gidon ak ekipman asosye yo itilize pou dirije yon bato. Epi “paralèl avèk van an ak lam lanmè yo” vle di dirije bato a pou l ka kenbe ekilib li pou l pa chavire pandan move tan an.

Imaj
Bato k ap vire nan yon tanpèt

Prensip levanjil yo se, pou mwenmenm avèk nou, sa yon gouvènay reprezante pou yon bato. Prensip ki kòrèk ede nou jwenn chemen nou pou nou kanpe fèm, tennfas, ak inebranlab pou nou pa pèdi ekilib nou epi tonbe nan move tan fènwa ak konfizyon k ap fè raj nan dènye jou yo.

Nou te beni an abondans nan konferans jeneral sa a pou nou aprann konsènan prensip etènèl nan men sèvitè Senyè a otorize . Kounyea, responsablite endividyèl nou se pou nou gouvène tèt nou daprè verite yo temwaye yo.13

Temwayaj

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye, “Nan sis mwa pwochen yo, edisyon konferans nou an nan [Liyawona] a ta dwe kanpe bòkote lòt ekriti yo, pou nou itilize kòm referans souvan.”14

Avèk tout enèji nanm mwen, mwen envite nou tout pou nou aprann, pou nou viv, ak remen prensip jistis yo. Se sèlman verite levanjil yo ki ka ede nou “fè tout sa ki nan pouvwa nou avèk lajwa” pou nou mache annavan sou chemen alyans la epi pou nou “wè sali Bondye a, epi pou men Li ka revele.”15

M konnen doktrin ak prensip levanjil Jezikri yo se pi gran ak sèl sous direksyon pou lavi nou ak pou lajwa ki dirab nan mòtalite a ak nan letènite. Epi m temwaye avèk jwa ke Sovè vivan nou an se fontèn kote verite sa yo koule. M temwaye konsa, nan non sakre Senyè a Jezikri, amèn.

Nòt

  1. John Taylor, nan Enseignements des présidents de l eglise: Joseph Smith (2007), 284.

  2. Doktrin ak Alyans 42:12

  3. Doktrin ak Alyans 88:78

  4. Gade nan Atik Lafwa 1:1–3

  5. Gade nan Atik Lafwa 1:4.

  6. Doktrin ak Alyans 89:3–4

  7. Dallin H. Oaks, “Prètriz Aawon an ak Sentsèn,” Liahona, Jan. 1999, 45–46.

  8. See Russell M. Nelson, “Saba a se yon Delis,” Liahona, May 2015, 129–32.

  9. Russell M. Nelson,, “Saba a se Yon Delis,” 130; italik ajoute.

  10. Russell M. Nelson, “Kite Bondye Gen Priyoritel,”Liahona, Nov. 2020, 92.

  11. Russell M. Nelson, “Kite Bondye Gen Priyorite,” 94.

  12. Doktrin ak Alyans 123:16.

  13. President Harold B. Lee (1899–1973) urged members to let the conference talks “be the guide to their walk and talk during the next six months.” He explained, “These are the important matters the Lord sees fit to reveal to this people in this day” (in Conference Report, Apr. 1946, 68).

    President Spencer W. Kimball (1895–1985) also emphasized the importance of general conference messages. He said, “No text or volume outside the standard works of the Church should have such a prominent place on your personal library shelves—not for their rhetorical excellence or eloquence of delivery, but for the concepts which point the way to eternal life” (In the World but Not ofBrigham Young University Speeches of the Year [May 14, 1968], 3).

    President Thomas S. Monson reaffirmed the importance of studying conference talks. He said: “May we long remember what we have heard during this general conference. The messages which have been given will be printed in next month’s Ensign and Liahona magazines. Mwen priye nou pou nou etidye yo epi medite ansyèyman ki ladan yo” (“Jiskaske Nou Rankontre Ankò,” Liahona, Nov. 2008, 106).

  14. Ezra Taft Benson, “Vin Jwenn Kris la, epi Pèfeksyone nou Nan Li,” Ensign, Me 1988, 84.

  15. Doktrin ak Alyans 123:17