Konferans Jeneral
Tonm lan pa gen viktwa
Konferans Jeneral Avril 2021


Tonm lan pa gen viktwa

Mwen temwanye ke gras ak Ekspyasyon redanmtè ak Rezirèksyon gloriye Jezikri a, kè ki brize yo kapab geri, angwas yo kapab vin tounen lapè, epi dezespwa yo kapab vin tounen lespwa.

Nan Dimanch Pak gloriye sa a, timoun nou yo chante avèk jwa, “Nan yon bèl prentan dore, Jezikri te leve epi l te kite tonm kote l te kouche a; li te kase chenn lanmò.”1

Nou rekonesan pou konesans nou sou Rezirèksyon Jezikri a. Epoutan, nan kèk moman nan lavi nou, nou santi kè nou brize apre nou pèdi yon moun nou te renmen anpil. Avèk pandemi mondyal aktyèl la, anpil nan nou pèdi moun nou renmen, swa manm fanmi oswa zanmi.2 Nou priye pou moun k ap viv yon dèy konsa yo.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Kèlkeswa laj nou, nou kriye pou yon moun nou renmen ki mouri. Dèy se youn nan ekspresyon ki pi pwofon nan lanmou pure. …

“Anplis, nou p ap kapab totalman apresye lajwa k ap genyen lè nou reyini nan apre a san kriye separasyon yo kounyea. Sèl fason pou retire doulè ki gen nan lanmò se mennen yon lavi san lanmou.”3

Imaj
Fi disip yo k ap kriye pou Jezi.

Nou ka imajine kijan zanmi Jezi yo, ki te suiv Li epi ki te sèvi avèk Li yo,4 te santi yo lè yo te temwen lanmò Li.5 Nou konnen yo te “aflije epi yo te kriye.”6 Nan jou Krisifiksyon an, paske yo pa t konnen sa k ta pral pase nan Dimanch, siman yo te anvayi ak laperèz ak detrès, yo t ap mande tèt yo kòman yo ta pral fè kontinye san Senyè yo a. Sepandan, yo te kontinye sèvi Li menm apre lanmò Li.

Jozèf Arimate te sipliye Pilat pou l te ba l kò Jezi. Li te pran kò a, li te kouvri l ak yon lenj fen, li te depoze l nan nouvo tonm li a, epi te woule yon gwo wòch nan rantre tonm lan.7

Nikodèm te pote mir ak lalwa. Li te ede Jozèf pran kò a epi vlope l nan lenj la avèk epis yo.8

Mari Magdala, ak lòt fi ki te suiv Joseph ak Nicodèm yo, te gade ki kote yo te depoze kò Jezi, epi yo t al prepare bon epis ak luil pou yo te fè onksyon kò a.9 Selon lwa estrik nan epòk sa a, yo te tann pou yo te prepare kò a ak pase luil sou li paske Samdi se te jou Saba.10 Apresa, Dimanch granm bonè nan maten, yo te ale nan tonm lan. Aprè yo te reyalize kò Sovè a pa t la, yo te al di disip ki te Apot Jezikri yo sa. Apot yo te vini avèk yo nan tonm lan epi yo te wè li te vid. Yo tout, sof Mari Magdala te fini pa ale, pandan yo t ap mande sa k te pase ak kò Sovè a.11

Mari Magdala te rete poukont li bò tonbo a. Sèlman de jou anvan, li te wè lanmò trajik zanmi l ak mèt li a. Kounyea tonbo Li te vid, epi li pa t konn ki kote L te ye. Sa te twòp pou li, epi li te kriye. Nan menm moman an, Sovè resisite a te vini kote l epi Li te mande l poukisa li t ap kriye epi kiyès li t ap chèche. Mari te panse sete jadinye a ki t ap pale avèk li, li te mande l, si li te pran kò Senyè l la, epi li te mande pou l te di l ki kote l te ye pou l te ka al pran l.12

Imaj
Mari Magdala

Mwen imajine Senyè a te kite Mari Magdala kriye ak eksprime doulè li.13 Epi apresa Li te rele l pa non li, epi Mari te vire gade L epi l te rekonèt Li. Li te wè Kris resisite a epi li te yon temwen Rezirèksyon gloriye L la.14

Menmjan avèk nou, nan yon sèten fason, mwen ka konprann angwas Mari Magdala ak zanmi l yo te santi lè yo t ap kriye pou lanmò Senyè yo a. Lè m te gen nevan, mwen te pèdi pi gran frè m nan pandan yon tranblemandtè devastatè. Paske sa te rive sanzatann, sa te pran m anpil tan pou m te konprann reyalite sou sa k te pase a. Kè m te brize anba doulè ak chagren, epi mwen t ap mande tèt mwen, “Kisa k te rive frè m nan? Ki kote l te ye? Ki kote l t ale? Èske m ap janm rewè li ankò?

Nan epòk sa a, mwen pa t gen konesans sou Plan Sali Senyè a, epi mwen te gen dezi pou m te konnen ki kote nou sòti, ki bi nou nan lavi, e kisa ki ap rive nou apre lanmò. Èske nou tout pa gen dezi sa yo lè nou pèdi yon moun nou renmen oswa lè nou ap travèse moman difisil nan lavi nou?

Kèk ane apre, mwen te kòmanse panse ak frè m nan nan yon fason espesifik. Mwen te konn imajine l ki t ap frape pòt nou. Mwen t al ouvri pòt la, l te kanpe la, epi l t ap di m, “Mwen pa mouri. Mwen vivan. Mwen pa t kapab vin jwenn ou, men kounyea m ap rete avèk ou epi mwen p ap janm kite w ankò.” Imajinasyon sa a, prèske yon rèv, te ede m simonte doulè ak tristès mwen te santi lè m te pèdi l la. Panse ke l t ap rete avèk mwen an t ap pede retounen nan lespri m. Pafwa, mwen te konn menm fikse pòt la, avèk espwa k l tapral frape epi m t ap rewè l ankò.

Anviwon 40 tan apre, pandan epò Pak la, mwen t ap panse ak Rezirèksyon Jezikri a epi m te kòmanse panse ak frè m nan. Nan moman sa a, yon bagay te pase nan lespri m. Mwen sonje ke m te imajine l t ap vin wè mwen.

Jou sa a, mwen te reyalize ke Lespri a te banm rekonfò nan yon moman difisil. Mwen te resevwa yon temwanyaj ke lespri frè m nan pa t mouri; li te vivan. Li toujou ap pwogrese nan egzistans etènèl li. Kounyea mwen konnen “frè[m nan] ap resisite ankò”15 nan moman manyifik sa a kote, gras ak Rezirèksyon Jezikri a, nou tout ap resisite a. Anplis, Li te rann posib pou nou tout reyini avèk fanmi nou epi gen yon jwa etènèl nan prezans Bondye si nou chwazi fè ak respekte òdonans sakre avèk Li.

Prezidan Nelson te ansenye:

“Lanmò se yon konpozan nesesè nan egzistans etènèl nou. Pèsòn pa konnen lè l ap vini, men li esansyèl pou gwo plan bonè Senyè a. Gras ak Ekspyasyon Senyè a, rezirèksyon final la se yon reyalite epi lavi etènèl se yon posibilite pou tout limanite. …

“… Pou pwòch ki rete nan lapèn yo … egiyon lanmò a adousi pa yon lafwa inebranlab nan Jezikri, yon esperans pafètman klè, yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun, ak yon dezi pwofon pou sèvi yo. Lafwa sa a, esperans sa a ak lanmou sa a kalifye nou pou nou rantre nan prezans sen Senyè a epi, avèk konpanyon ak fanmi etènèl nou, rete avèk li pou tout tan.”16

Imaj
Tonbo nan Jaden an

Mwen temwaye ke “Si Kris la pa t leve nan pami mò yo, oubyen si l pa t kase kòd lanmò pou tonm lan pa t gen viktwa, e pou yo pa t giyounen moun, pa ta p kapab gen rezirèksyon.

“Men, gen yon rezirèksyon; se poutèt sa, tonm lan pa gen viktwa e Kris la anglouti agoni lanmò a.

“Li se limyè ak lavi mond lan; wi, yon limyè ki p ap janm fini, ki p ap janm etenn; wi, e se yon lavi ki p ap janm fini, pou pa janm gen lanmò ankò.”17

Imaj
Sovè Resisite a

Jezikri te deklare, “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a: moun ki kwè nan mwen, menmsi li ta mouri, l ap viv.”18

Mwen temwanye ke gras ak Ekspiyasyon redanmtè ak Rezirèksyon gloriye Jezikri a, kè ki brize yo kapab geri, angwas yo kapab vin tounen lapè, epi dezespwa yo kapab vin tounen lespwa. Li kapab anbrase nou nan bra mizèrikòd Li, pou rekonfòte nou, ba nou fòs, epi geri chak grenn nan nou. Nan non Jezikri, amèn.