Konferans Jeneral
Nou ka rasanble Izrayèl
Konferans Jeneral Avril 2021


Nou ka rasanble Izrayèl

Mwen absoliman sèten ke noumenm, jèn yo, nou kapab fè sa gras avèk idantite nou ak gwo potansyèl nou genyen nan nou an.

Sa gen prèske twazan, Prezidan Russel M. Nelson te envite jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou yo “anwole nan Batayon jèn Senyè a pou rasanble Izrayèl” nan toulède bò vwal la. Li te di, “Rasanbleman sa a se bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a.”1 Mwen absoliman sèten ke noumenm jèn yo, nou kapab fè sa—epi nou ka fè sa trè byen—akoz de (1) yon bagay ki nan idantite nou ak (2) yon gwo pouvwa ki nan nou.

Imaj
Frè ak Sè Banza

Sa gen karanteyennan, de misyonè legliz nou an te santi yo gide pou yo t ale nan yon kay ki te nan New Jersey, nan Etazini. Nan apre, mirakilezman, toulède paran yo ak tout dis pitit yo te batize. Tankou pawòl pwofèt la, yo te “kite Bondye gen priyorite”2 nan lavi yo. M ta dwe di nan “lavi nou.” Mwen sete twazyèm pitit la. Mwen te gen disetan lè m te deside fè yon alyans definitif pou m suiv Jezikri. Men, imajine ki lòt bagay m te deside? Mwen pa t ap sèvi yon misyon. Sa te twòp. E yo pa t ka espere sa nan men m, pa vre? Mwen te yon manm tou nèf. M p a t gen lajan. Anplis, malgre m te apèn gradye nan lekòl segondè ki te pi tòf la, tou pre nan Lwès Filadèlfi, epi m te rankontre kèk difikilte danjere, mwen te sekrètman terifye pou m te kite lakay mwen pou dezan anplen.

Imaj
Fanmi Corbitt

Vrè Idantite ou

Men, mwen te fèk aprann ke mwenmenm ak tout limanite te viv avèk Papa nou ki nan syèl la kòm pitit gason ak pitit fi lespri Li avan nesans nou. Lòt moun te bezwen konnen, jan m te konnen an, ke Papa nou ki nan syèl vle pou tout pitit Li yo jwi lavi etènèl la avèk Li. Konsa, anvan okenn moun te vin sou tè a, Li te prezante bay tout moun plan sali ak bonè pafè L la , avèk Jezikri kòm Sovè nou. Trajikman, Satan te opoze a plan Bondye a.3 Dapre Liv Revelasyon an, “te gen yon gè nan syèl la”!4 Avèk riz li, Satan te twonpe yon tyè nan pitit lespri Papa nou ki nan Syèl la pou fè yo kite l renye sou yo olye de Bondye.5 Men pa nou menm! Apot Jan te wè ke nou te venk Satan “pa pawòl temwanyaj nou.”6

Konnen vrè idantite mwen, gras ak benediksyon patriyakal mwen, te banm kouraj ak lafwa pou m te aksepte envitasyon Prezidan Spencer W. Kimball la pou rasanble Izrayèl la.7. Se ap menm bagay la pou nou tou, chè zanmi m yo. Konnen ke nou te venk Satan pa pawòl temwanyaj nou anvan sa, ap ede nou “renmen, pataje, ak envite”8 kounyea epi tout tan—pou envite lòt moun vin wè, vin ede, epi vini ak nou, pandan ke menm lagè sa a pou nanm pitit Bondye yo ap kontinye fè raj la.

Imaj
Èldè Corbitt

Lafwa Puisan Ki Andedan Nou An

E gwo pouvwa ki nan nou an? Panse a sa: nou te pouse kri lajwa9 pou n te vini nan yon mond dechi kote nou ta pral fè fas ak lanmò fizik ak spirityèl. Nou pa t ap janm ka simonte okenn nan yo de a poukont nou. Non sèlman nou ta pral soufri pou pwòp peche nou, men pou peche lòt moun tou. Limanite t apral rankontre tout kalite traka ak desepsyon nou ka imajine10— e tout sa avèk yon vwal doubli nan lespri nou ansanm ak pi gwo ennmi mond lan ki ta pral kontinye nui nou ak tante nou san rete. Tout espwa nou pou nou te retounen resisite ak pwòp nan prezans Bondye te repoze totalman sou yon Sèl Moun ki t ap kenbe pwomès Li.11

Kisa k te pouse nou ale de lavan? Prezidan Henry B. Eyring te ansenye, “Sa te mande lafwa nan Jezikri pou nou te soutni plan bonè a ak wòl Jezikri nan plan an pandan ke nou pa t konn anpil bagay sou eprèv nou t ap gen pou n rankontre nan mòtalite yo.”12 Lè Jezikri te pwomèt Li t ap vini nan mòtalite a epi bay lavi Li pou rasanble13 nou ak sove nou, nou pa t sèlman kwè Li. Noumenm, “lespri nòb”14 yo te sitèlman “gen gwo lafwa” ke nou te konnen pwomès Li a te asire.15 Li pa ta ka bay manti, konsa, nou te wè L kòmsi Li te deja vèse san Li pou nou, lontan avan nou ke L fèt.16

Dapre pawòl senbolik Jan yo, “nou te bat [Satan] gras ak san ti mouton an”17 Prezidan Dallin H. Oaks anseye ke nan mond sa a, “[nou] te wè fen an depi nan kòmansman an.”18

Imajine yon jou avan nou al lekòl, youn nan paran nou yo fè nou pwomès ke toutbon n ap jwenn manje nou pi renmen an lè nou retounen lakay! Nou kontan! Pandan nou lekòl la, nou imajine noumenm k ap manje manje sa a epi nou ka deja pran gou li. Nou menm pataje bon nouvèl sa a avèk lòt moun. Enpasyans pou nou al lakay nou an fè nou sitèlman kontan ke tès yo ak pwoblèm lekòl yo parèt lejè. Anyen pa ka anlve lajwa nou oubyen fè nou gen dout sou pwomès asire sa a! Se menm jan tou, avan noumenm, lespri nòb yo te fèt, nou te aprann wè pwomès Kris la te fè nou yo kòm pwomès ki asire, epi nou te goute sali Li.19 Gwo lafwa nou se tankou mis nan kò nou yo ki vin pi fò ak pi gwo anmezi n ap fè egzèsis avèk yo, men yo deja andedan nou.

Kijan nou ka reveye lafwa jeyan nou an nan Kris la epi itilize l pou nou rasanble Izrayèl kounyea epi triyonfe sou Satan ankò? Se nan reyaprann gade devan epi, avèk menm sètitid sa a, konsidere pwomès Senyè a bay pou L rasanble ak sove jodi a. Li prensipalman itilize Liv Mòmon an ak pwofèt Li yo pou anseye kòman pou nou fè sa. Lontan anvan vini Kris la, “pwofèt, ak … prèt, ak … entriktè … te konvenk [pèp la] pou yo ret tann Mesi a, e pou yo kwè nan li kòmsi li te deja la.”20 Pwofèt Abinadi te anseye: “Epi kounyeya, si Kris la pa t vini nan mond lan—m ap pale de bagay ki gen pou fèt tankou yo te deja fèt, pa ta p kapab gen redanmsyon.”21 Tankou Alma, Abinadi “te kontanple avèk yon je lafwa”22 epi l te wè pwomès sali Bondye a te deja akonpli. Li “te gen viktwa sou Satan atravè san ti mouton an ak … pawòl temwayaj li” lontan avan Kris la te fèt, menm jan nou te fè sa a. Epi Senyè a te bay yo pouvwa pou yo te envite ak rasanble Izrayèl. L ap fè menm bagay la pou nou si nou gade demen ak lafwa, pou nou wè Izrayèl rasanble—globalman ak nan pwòp “sèk” pa nou23—epi envite tout moun!

Dè santèn misyonè te bati sou gwo lafwa premòtèl puisan yo nan Kris la nan imajine moun yo te kontakte oubyen yo te anseye ki abiye nan rad batèm ak rad tanp. Nan yon diskou ki titre “Kòmanse avèk fen an nan lespri nou,”24 Prezidan Nelson pataje yon egzanp pèsonèl sou fè bagay sa a epi li te bay dirijan misyon yo enstriksyon pou yo ansenye misyonè nou yo fè menm bagay la tou. Lefèt ke yo konnen ke yo te egzèse gwo lafwa nan Jezikri nan mond premòtèl la te grandman ede chè misyonè nou yo “koute L”25 epi aktive gwo lafwa yo pou yo rasanble Izrayèl jan Senyè a te pwomèt la.

Wi nou konnen, imajine mansonj ka kraze lafwa.26 Zanmi m yo, si nou entansyonèlman imajine oubyen gade bagay ki an konfli avèk moun nou reyèlman ye a, espesyalman pònografi, sa ap febli lafwa nou nan Kris la, e sa ka detwi li si nou pa repanti. Tanpri, itilize imajinasyon nou pou ogmante lafwa nou nan Kris la, non pa pou kraze li.

Pwogram Timoun ak Jèn nan

Pwogram Timoun ak Jèn nan se yon zouti pwofetik pou ede jèn yo ogmante pouvwa gwo lafwa yo. Prezidan Oaks te anseye, “Pwogram sa a prepare pou ede nou vin pi sanble avèk Sovè a nan kat aspè: spirityèl, sosyal, fizik, ak entèlektyèl.”27 Pandan noumenm jèn yo ap—dirije—nan viv levanjil la, pran swen lòt moun, envite tout moun pou resevwa levanjil la, ini fanmi yo pou letènite, ak òganize aktivite ki amizan,28 gwo lafwa nou te gen nan Kris la nan lavi premòtèl la ap retounen epi l ap ba nou pouvwa pou nou fè travay Senyè a nan lavi nou!

Epitou, bi pèsonèl yo, “espesyalman bi sou kout dire”29 yo ap ede nou relimen lafwa puisan nou an. Lè nou fikse yon bon bi, n ap tann, menm jan nou te fè sa anvan an, epi n ap wè kisa Papa nou ki nan syèl la vle noumenm, oubyen yon lòt moun, devni.30 Apresa nou dwe planifye epi travay di pou akonpli li. Èldè Quentin L. Cook te ansenye, “Pa janm souzestime enpòtans planifye, fikse bi … ak [envite lòt moun]— avèk yon je lafwa.”31

Chwa a nan men nou! Senyè a te di : “Paske pouvwa a nan yo.”32 Èldè Neil L. Andersen te eksplike, “Lafwa nou ap grandi non pa pa chans, men pa chwa.”33 Li te ajoute, “[Nenpòt] kesyon sensè nou ta ka genyen … ap jwenn repons avèk pasyans ansanm ak yon je lafwa.”34

Mwen temwanye ke (1) vrè idantite nou ak (2) gwo pouvwa lafwa nan Kris la ap pèmèt nou ede prepare mond lan pou retou Sovè a pandan n ap envite tout moun al jwenn Kris la epi resevwa benediksyon Ekspyasyon L yo.”35 Se pou nou chak pataje lajwa ki nan pwomès asire sa a ki nan Liv Mòmon an:

“Moun ki jis ki koute pawòl pwofèt yo, e … ki rete tann san gade dèyè nan Kris la … malgre tout pèsekisyon … ki pap peri.

“Men [Kris la] … pral geri yo e yo pral gen lapè avèk li.”36

Nan non Jezikri, amèn.