Konferans Jeneral
Plas nan Lotèl la
Konferans Jeneral Avril 2021


Plas nan Lotèl la

Nan sezon Pak sa a, Jezikri envite nou pou, menmjan avèk Li, nou vin tounen yon bon Samariten, pou nou fè lotèl Li a (Legliz Li a) tounen yon refij pou tout moun.

Chè frè m ak sè m yo, malgre l mouri depi 20 tan, gen kèk moman kote m sonje papa m. Pak ban m pwomès ke m ap wè l ankò.

Pandan m te nan inivèsite an Angletè, papa m te vin vizite m. Li te santi ke m te sonje lakay mwen.

Papa m te renmen avanti sof nan zafè manje. Menm an Frans, ki rekonèt pou kuizin ni, li te konn di “Ann al manje manje Chinwa.” Kòm yon patriyach ki te sèvi pandan lontan nan Legliz la, papa m te espirityèl e konpatisan. Yon jou swa, pandan sirèn anbilans t ap klaksonnen san rete nan tout Pari, li te di: “Gerrit, kri sa yo se blesi yon vil.”

Nan vwayaj sa a, mwen te santi lòt kri ak lòt blesi tou. Yon jèn fi t ap vann krèm nan yon ti charyo. Kone krèm li yo te gen gwosè pou yon kiyè krèm alaglas. Pou yon rezon kèlkonk, yon gwo mesye te vin chèche jèn fi a kont. Li t ap plede rele ak bouskile l, li te chavire charyo tifi a epi l te jete kone krèm li yo atè. Pa t gen anyen m te ka fè pandan l t ap kraze kone yo anba bòt li. Mwen ankò wè jènfi a ajenou nan lari a, k ap eseye sove kèk moso kone krèm kraze, avèk dlo lapenn ki t ap koule sou figi li. Imaj li toujou nan tèt mwen, yon rapèl sou mechanste, ensousyans, ak mank konpreyansyon nou twò souvan enflije youn lòt.

Yon lòt aprèmidi, tou pre Pari, papa m avèk mwen t al vizite gran katedral Chartres la. Malcolm Miller,1 yon espesyalis ki rekoni nan istwa katedral la, te lonje dwèt sou seri twa fenèt vitray Chartres yo. Li te di ke yo rakonte yon istwa.

Premye fenèt la montre Adan ak Èv k ap kite jaden Edèn nan.

Dezyèm nan rakonte parabòl bon Samariten an.

Twazyèm nan dekri Dezyèm Vini Senyè a.

Mete ansanm, twa vitray sa yo dekri vwayaj nou nan lavi a. Yo envite nou pou nou akeyi tout moun nan lotèl Li a.2

Imaj
Fenèt nan Katedral Chartres la

iStock.com/digitalimagination

Menmjan ak Adan ak Èv, nou kite Jaden Edèn nan pou nou antre nan yon mond plen pikan ak chadwon.3

Imaj
Fenèt nan Katedral Chartres la

iStock.com/digitalimagination

Sou wout pousyè nou pou n al Jeriko a, nou resevwa atak, nou blese, epi yo kite nou poukont nou nan doulè.4

Malgre nou youn ta dwe ede lòt, twò souvan nou pase sou lòtbò wout la, pou yon rezon kèlkonk.

Sepandan, avèk konpasyon, Bon Samariten an kanpe epi li panse blesi nou yo avèk diven ak luil. Senbòl sentèn yo ak lòt òdonans yo, diven an ak luil la, pwente nou sou gerizon spirityèl nan Jezikri.5 Bon Samariten an mete nou sou pwòp bèt pa li, oubyen, nan kèk deskripsyon sou vitray, li pote nou sou zepòl li. Li mennen nou andedan lotèl la, ki ka reprezante Legliz Li a, Legliz nou an. Nan lotèl la, Bon Samariten an di, “Okipe moun sa a pou mwen; … lè m tounen isit la ankò m a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.”6 Bon Samariten an, yon senbòl sou Sovè a, pwomèt pou L retounen, fwa sa a nan majeste ak laglwa.

Imaj
Fenèt nan Katedral Chartres la

iStock.com/digitalimagination

Nan sezon Pak sa a, Jezikri envite nou pou, menmjan avèk Li, nou vin tounen yon bon Samariten, pou nou fè lotèl Li a (Legliz Li a) tounen yon refij pou tout moun kont tout blesi ak tanpèt lavi yo.7 Nou prepare pou Dezyèm Vini Li pwomèt la chak jou nou fè yon bagay pou “youn nan piti pami moun sa yo”8 jan nou ta renmen L fè pou nou an. “Youn nan pi piti a” se nou chak.

Lè nou vini avèk Bon Samariten an nan lotèl la, nou aprann senk bagay sou Jezikri ak sou tèt pa nou.

Premyèman, nou vin nan lotèl la jan nou ye a, avèk tout feblès ak enpèfeksyon nou chak genyen. Poutan, nou tout gen yon bagay itil pou nou kontribye. Vwayaj nou al jwenn Bondye a souvan mande tèt ansanm. Nou fè pati yon kominote ini—keseswa nan konfwonte pandemi, tanpèt, dife, sechrès, oswa nan trankilman reponn bezwen chak jou yo. Nou resevwa enspirasyon pandan n ap fè konsèy ansanm, pandan n ap koute chak vwa, enkli chak sè, ak Lespri a.

Pandan kè nou ap chanje epi n ap resevwa imaj li nan figi nou,9 n ap wè Limenm ak tèt nou nan Legliz Li a. Nan Li, nou jwenn klète, pa enkonsistans. Nan Li, nou jwenn okazyon pou nou fè byen, rezon pou nou bon, ak pi plis kapasite pou nou vin pi bon. Nan Li, nou dekouvri lafwa dirab, dezentersman ki libere nou, chanjman byeveyan, ak konfyans nan Bondye. Nan lotèl Li a, nou jwenn epi nou apwofondi relasyon pèsonèl nou avèk Bondye Papa nou ak Jezikri.

Li gen konfyans nan nou pou nou ede fè lotèl la vin pa nou, andwa Li bezwen ye. Pandan n ap ofri talan nou ak pi bon efò nou, don spirityèl Li10yo ap fòtifye nou ak beni nou tou.

Yon entèprèt lang Espanyòl te di m: “Èldè Gong, Lespri a te fè m konnen sa w ta pral di pou m te ka tradui yo byen,” “gras ak don lang nan.”

Don lafwa ak asirans vini, epi manifeste nan fason diferan nan dè sitiyasyon diferan. Yon chè sè te resevwa rekonfò spirityèl lè mari l te mouri anba COVID-19. Li te di: “M konnen mari m avèk mwen pral ansanm ankò.” Nan yon sitiyasyon COVID diferan, yon lòt sè te di: “M te santi ke m te dwe sipliye Senyè a ak doktè yo pou te bay mari m yon ti tan ankò.”

Dezyèmman, Li sipliye nou pou nou fè lotèl Li a vin yon lye plen lagras ak espas, kote nou chak ka reyini, avèk plas pou tout moun. Antanke disip Jezikri, nou tout egal, pa gen gwoup dezyèm klas.

Tout moun byenveni pou patisipe nan reyinyon sentsèn yo, nan lòt reyinyon jou Dimanch yo, ak aktivite sosyal yo.11 Nou adore Sovè nou an avèk reverans, plen atansyon ak konsiderasyon youn pou lòt. Nou wè chak moun epi nou aksepte chak moun. Nou souri, nou chita avèk moun ki poukont yo, nou aprann non yo, enkli nouvo konvèti, frè ak sè ki retounen, jènjan ak jènfi, chak timoun Primè.

Pandan n ap imajine nou nan plas yo, nou akeyi zanmi, vizitè, moun vini ki fèk demenaje, moun ki okipe anba twòp obligasyon. Nou kriye youn ak lòt, nou rejwi epi nou la youn pou lòt. Lè nou echwe ideyal nou epi nou prese, enkonsyan, kritik oubyen nou nan patipri, nou youn chèche padon nan men lòt epi nou aji pi byen.

Yon fanmi ki soti Afrik ki ap viv nan Etazini kounyea te di: “Depi premye jou a, manm Legliz yo te trè amikal ak akeyan. Chak moun te fè nou santi nou lakay nou. Okenn moun pa t meprize nou.” Papa a te di: “Bib la anseye ke fwi levanjil soti nan rasin levanjil.” Papa a ak manman an te ajoute “Epi misyonè yo, nou vle pou pitit gason nou ak pitit fi nou an grandi menmjan ak misyonè sa yo.” Frè m ak sè m yo, se pou nou chak akeyi tout moun avèk anpil chalè nan lotèl Li a.

Twazyèmman, nan lotèl Li a, nou aprann ke pèfeksyon se nan Jezikri, se pa nan fason mond lan pèsevwa pèfeksyon. Bagay ki ireyèl ak ireyalis, sèke pèfeksyon mond lan kie yo anbeli kòm yon bagay “pafè enstantaneman” an ka fè nou santi nou enkonpetan, prizonye app medya sosyal yo pou nou “like” oswa “double tap.” An kontras, Sovè nou an, Jezikri, konn tout bagay de nou ke nou pa vle okenn lòt moun konnen, e Li renmen nou malgre tou. Levanjil Li a se yon levanjil dezyèm ak twazyèm chans, ki rann posib atravè sakrifis ekspyatwa L la.12 Li envite nou chak pou nou yon bon Samariten, pou nou pote mwens jijman e pi padone tèt nou epi padone youn lòt, pandan n ap eseye pou nou pi totalman kenbe kòmandman L yo.

Nou ede tèt nou lè nou youn ede lòt. Yon fanmi m konnen t ap viv tou pre yon wout ki te trè frekante. Vwayajè te konn souvan rete lakay yo pou mande yo èd. Yon jou maten byen bonè, fanmi an te tande yon gwo frape nan pòt yo. Fatige epi enkyè pou kiyès sa a ki t ap frape pòt yo a 2 zè dimaten an, yo t ap mande tèt yo si, jis fwa sa a, yon lòt moun te ka ede. Pandan ke frape a te kontinye avèk ensistans nan pòt la, yo te tande, “Dife—gen yon dife nan lakou lakay ou a.” Bon Samariten ede youn lòt.

Katriyèmman, nou fè pati yon kominote levanjil ki santre nan Jezikri, ki ankre nan verite retabli, pwofèt ak apot vivan, ak yon lòt temwayaj konsènan Jezikri—Liv Mòmon an. Li mennen nou nan lotèl Li a ak nan kay Li a tou—tanp sakre a. Kay Senyè a se yon andwa kote, menmjan avèk mesye blese sou wout Jeriko a, Bon Samariten an ka netwaye nou ak abiye nou, prepare nou pou nou retounen nan prezans Bondye, epi ini nou etènèlman nan fanmi Bondye a. Tanp li yo louvri pou tout moun k ap viv levanjil Li a ak lafwa ak obeyisans.

Youn nan lajwa tanp se santiman inite levanjil ki ini moun nan divès tradisyon, kilti, lang, ak jenerasyon diferan. Nan seremoni pou yo te ouvri chantye Tanp Taylorsvill la nan Uta, Max Harker, 17 tan, te pataje yon eritaj lafwa familyal ki te kòmanse sis jenerasyon anvan sa pa gran gran gran papa li, Joseph Harker ak madanm ni, Susannah Sneath. Nan levanjil retabli Jezikri a, nou chak ka vin yon lye solid nan jenerasyon fanmi nou.

Finalman, senkyèmman, nou rejwi dèske Bondye renmen pitit Li kèlkeswa orijin ak sikonstans diferan nou, nan tout nasyon, lang, ak pèp, epi gen plas pou tout nan lotèl Li a.

Nan dènye 40 ane yo, manm Legliz yo vin grandman entènasyonal. Depi 1998, gen plis manm Legliz k ap viv andeyò Etazini ak Kanada. Rive 2025, nou prevwa apral gen otan kantite manm k ap viv nan Amerik Latin nan ke kantite ki nan Etazini ak Kanada. Rasanbleman desandan fidèl Pè Leyi a se pwofesi ki akonpli. Sen fidèl yo, enkli nan zòn ki gen plis pyonye yo, rete yon rezèvwa lafwa ak sèvis pou Legliz mondyal sa a.

Epitou, majorite manm adilt nan Legliz la kounyea pa marye, vèv oubyen divòse. Sa se yon gwo chanjman siyifikatif. Sa reprezante plis pase mwatye nan sè Sosyete Sekou nou yo ak plis pase mwatye nan frè prètriz adilt yo. Chema demografik sa a se reyalite nan Legliz mondyal sa a depi 1992 epi nan Legliz la nan Etazini ak Kanada, sa egziste depi 2019.

Pozisyon nou devan Senyè a ak nan Legliz Li a se pa yon zafè eta matrimonyal men se yon zafè disip, ki se, rete vayan nan temwayaj nou konsènan Jezikri.13 Adilt yo bezwen nou wè yo tankou adilt epi kòm adilt responsab ki ka kontribye. Disip Jezikri soti toupatou, nan tout kalite fòm, gwosè, koulè, ak laj, yo chak avèk lafwa, dezi jis, talan ak kapasite imans pou beni ak sèvi. Nou chèche chak jou pou nou suiv Jezikri ak lafwa ki mennen nan repantans14 ak lajwa andiran.

Pandan lavi sa a, nou pafwa apiye sou Senyè a. Nou gen dwa poko rive kote nou espere e swete ye nan lefiti a. Yon manm devwe di: “Apiye fidèlman sou Senyè a pou benediksyon Li se yon pozisyon sakre. Nou pa ta dwe konsidere sa avèk pitye, kondesandans, oubyen jijman, men olyesa avèk yon onè sakre.15 Antretan, n ap viv nan moman prezan an, san nou p ap tann pasivman pou lavi kòmanse.

Ezayi pwomèt, “Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y ap pran zèl pou yo leve ale. Y ap kouri san yo p ap janm bouke. Y ap mache, yo p ap janm febli.”16

Bon Samariten an pwomèt ke L ap retounen. Anpil mirak fèt pandan nou youn ap pran swen lòt pou Li. Lè nou vini avèk kè brize ak lespri kontri,,17 nou ka jwenn mwayen nan Jezikri epi nou ka ansèkle nan bra sekirite Li.18 Òdonans sakre yo ofri apatenans nan alyans ak “pouvwa divinite a”20 pou sanktifye entansyon ki andedan nou ak aksyon eksteryè nou. Avèk bonte ak pasyans, Legliz Li a vin tounen lotèl nou.

Si nou kreye plas nan lotèl Li a, epi nou akeyi tout moun, Bon Samariten nou an kapab geri nou sou wout pousyè nou nan mòtalite a. Ak lanmou pafè, Papa nou ak Pitit Gason L la, Jezikri, pwomèt “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an”20—“pou kote m ye nou kapab la tou.”21 Avèk rekonesans, mwen temwaye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.