Konferans Jeneral
Koute l
Konferans Jeneral Avril 2020


Koute l

Papa nou konnen ke lè nou antoure pa ensètitid ak laperèz, sa ki ap ede nou pi byen se tande Pitit Gason L lan.

Chè frè m ak sè m yo, ala m rekonesan dèske gras ak teknoliji, nou kapab rankontre ansanm pou nou adore nan jou dimanch maten sa a. Nou beni anpil dèske nou konnen levanjil Jezikri a te retabli sou tè a!

Nan dènye semèm ki sot pase yo, pifò nan nou te viv kèk boulvèsman nan lavi pèsonèl nou. Tranblemantè, dife, inondasyon, epidemi, epi repèkisyon bagay sa yo deranje woutin nou epi yo pwovoke yon ratman nan manje, pwodui debaz yo ak nan ekonomi nou.

Nan mitan tout sa, nou felisite nou e remèsye nou paske nou chwazi pou nou koute pawòl Senyè a pandan peryòd toumant sa a epi nou ini avèk nou pou konferans jeneral la. Fènwa k ap grandi a ki akonpaye tribilasyon yo fè ekla limyè Jezikri a briye menm pi plis toujou. Jis panse a byen nou chak kapab fè pandan tan boulèsman mondyal sa a. Lanmou nou ak lafwa nou nan Sovè a gen dwa se katalizè yon moun ka bezwen pou l dekouvri Retablisman plenitid levanjil Jezikri a.

Nan dezan k sot pase yo, Sè Nelson avèk mwen te rankontre avèk dè milye nan nou toupatou nan mond lan. Nou te reyini avèk nou nan gwo estad deyò ak nan sal andedan otèl. Nan chak kote sa yo, m te santi ke m te nan prezans eli Senyè a epi m t ap wè rasanbleman Izrayèl la ki t ap deplwaye devan je mwen.

N ap viv nan yon epòk “zansèt nou yo t ap rete tann avèk anpil enpasyans”1 Nou chita nan premye ran pou nou se temwen vivan sa pwofèt Nefi te wè sèlman nan vizyon an, ke pouvwa Mouton Bondye a te desann “sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”2

Nou menm, frè m ak sè m yo, nou pami gason, fi, ak timoun sa yo Nefi te wè a. Panse sou sa!

Kèlkeswa kote n ap viv oubyen sikonstans nou ye, Senyè a, Jezikri se Sovè nou epi pwofèt Bondye a, Joseph Smith, se pwofèt nou l ye. Li te preòdone anvan fondasyon tè sa a pou l te pwofèt dènye dispansasyon sa a, kote “okenn bagay p ap kache”3 pou Sen yo. Senyè a kontinye vide revelasyon pandan pwosesis Retablisman kontinyèl sa a.

Kisa sa siyifi pou ou ke levanjil Jezikri a retabli sou tè a?

Sa vledi ke oumenm ak fanmi w kapab sele ansanm pou tout tan! Sa vledi paske ou te batize pa yon moun ki gen otorite l te resevwa nan men Jezikri epi w te konfime kòm manm Legliz Li a, ou ka jwi konpayi konstan Sentespri a. L ap gide w ak pwoteje ou. Sa vledi ou p ap janm rete san rekonfò ni san aksè nan pouvwa Bondye pou ede ou. Sa vle di pouvwa prètriz sa a kapab beni w pandan w ap resevwa òdonans esansyèl yo ak fè alyans avèk Bondye epi kenbe yo. Ala yon ankraj pou nanm nou verite sa yo ye, espesyalman pandan epòk kote tanpèt ap fè raj sa a.

Liv Mòmon an rakonte istwa grandè ak chit de gwo sivilizasyon. Istwa yo demontre kijan l fasil pou laplipa nan moun yo bliye Bondye, rejte avètisman pwofèt yo bay, epi chèche pouvwa, popilarite, ak plezi lachè.4 San rete, pwofèt lepase yo te konn deklare “gwo bagay mèveye bay pèp la, men yo pa t kwè paske yo pa t wè yo.”5

Sa pa diferan nan epòk pa nou an. Atravè ane yo, gen gwo bagay mèveye nou te tande soti sou chè yo nan chapèl nou yo sou tout tè a. Malgre sa, anpil moun pa anbrase verite sa yo—swa paske yo pa konn ki kote pou yo chèche l6 swa paske y ap koute moun ki pa konn tout verite a oubyen paske yo rejte verite a pou chèche bagay mond lan.

Advèsè a entèlijan. Pandan dè milenè l ap fè byen parèt mal epi mal parèt byen.7 Mesaj li yo gen tandans pou yo fò, odasye, ak awogan.

Men, mesaj ki soti nan Papa nou ki nan Syèl la konplètman diferan. Li kominike senpleman, trankilman, e sitèlman klè ke nou pa ka mal konprann ni.8

Paegzanp, kèlkeswa lè L prezante Sèl Pitit Gason Literal Li a bay moun mòtèl sou tè a, Li fè sa remakableman avèk kèk grenn pawòl sèlman. Sou Mòn Transfigirasyon an, Bondye te di Pyè, Jak, ak Jan: “Sa a se Pitit byeneme m nan: koute l.”9 Pawòl Li te di Nefit yo nan Peyi Abondans lan sete: “Men Pitit Gason Byenneme m nan, se nan li m pran plèzi, e se nan li m glorifye non m—koute l.”10 Epi pou Joseph Smith, nan deklarasyon pwofon sa a ki te ouvri dispansasyon sa a, Bondye te di senpleman: “Sa a se Pitit Gason Byenemen m nan. Koute l!”11

Kounyea, frè m ak sè m yo, reflechi sou sa, nan twa nan okazyon sa yo m sot mansyone a, jis anvan Papa a prezante Pitit Gason an, moun yo te nan yon eta laperèz e, nan yon sèten degre, yon eta dezespwa.

Apot yo te pè lè yo te wè Jezi ansèkle pa yon nyaj sou Montay Transfigirasyon an.

Nefit yo te pè paske yo te anba destriksyon ak fènwa pandan plizyè jou.

Joseph Smith te nan grif yon fòs fènwa jis anvan syèl yo te ouvri a.

Papa nou konnen ke lè nou ansèkle pa ensètitid ak laperèz, sa ki ap ede nou pi plis se koute Pitit Gason L lan.

Paske lè nou chèche koute—vrèman koute—Pitit Gason L lan, l ap gide nou pou nou ka konn kisa pou nou fè nan nenpòt sikonstans.

Premye mo nan Doktrin ak Alyans yo se koute.12 Sa vledi “koute avèk entansyon pou nou obeyi.”13 Koute vle di “Koute Li”— tande sa Sovè a di epi apresa koute konsèy Li. Nan de mo sa yo—“Koute L”—la, Bondye ba nou yon modèl pou siksè, bonè ak lajwa nan lavi sa a. Nou dwe tande pawòl Senyè a, koute yo, epi and pote atansyon a sa L di nou!

Antanke disip Jezikri, efò nou pou koute L la dwe pi entansyonèl toujou. Sa mande efò konsyan ak konsistan pou nou ranpli lavi nou chak jou avèk pawòl Li, ansèyman L yo, ak verite L yo.

Nou tou senpleman pa ka konte sou enfòmasyon nou jwenn nan medya sosyal. Avèk dè bilyon mo sou entènèt la ak yon mond ki rasazye anba reklàm ki konstaman enfiltre pa efò tapajè ak abominab advèsè a, ki kote nou ka ale pou nou koute Li?

Nou ka ale nan ekriti yo. Yo anseye nou osijè Jezikri ak levanjil Li a, grandè Ekspyasyon L lan, ak gwo plan bonè ak redanmsyon Papa nou an. Plonje nou nan pawòl Bondye a chak jou se yon bagay ki enpòtan pou nou siviv espirityèlman espesyalman nan epòk gwo boulvèsman sa yo. Si nou fè festen ak pawòl Kris yo chak jou, pawòl Kris yo ap di nou kijan pou nou reyaji devan difikilte nou pa t janm panse nou t ap travèse.

Nou ka koute L nan tanp tou. Kay Senyè a se yon kay aprantisaj. Ladan l Senyè a anseye nan fason pa Li. Ladan l, chak òdonans anseye sou Sovè a. Ladan l, nou aprann kijan pou nou ouvri vwal la pou n kominike pi klèman avèk syèl la. Ladan l nou apran kijan pou nou chase advèsè a ak rale pouvvwa prètriz Senyè a desann pou fòtifye noumenm ak moun nou renmen yo. Nou chak ta dwe prese chèche refij nan kote sa a.

Lè restriksyon tanporè COVID-19 yo fini, tanpri, planifye orè regilye pou nou al adore ak sèvi nan tanp lan. Chak minit nan tan sa a ap beni noumenm ak fanmi nou nan fason okenn lòt bagay ka fè. Pran tan pou nou medite sou sa n ap tande ak sa nou santi lè nou ladan. Mande Senyè a pou l anseye nou kijan pou nou louvri syèl yo pou beni lavi nou ak lavi moun nou renmen ak sèvi yo.

Pandan ke adore nan tanp pa posib pou lemoman an, mwen envite nou pou nou ogmante patisipasyon nou nan istwa familyal. Mwen pwomèt nou ke pandan n ap ogmante tan nou nan travay tanp ak istwa familyal, n ap ogmante ak amelyore kapasite nou pou nou tande L tou.

Nou koute L pi klèman tou lè nou rafine kapasite nou pou nou rekonèt enspirasyon Sentespri yo. Li pa t janm te osi enperatif pou nou konnen kijan Lespri a pale pase kounyea. Nan Divinite a, Sentespri a se mesaje a. L a fè nou raple nou tout sa Papa a ak Pitit Gason an vle nou resevwa. Li se Konsolatè a. L ap pote yon santiman lapè nan kè nou. Li temwaye de laverite epi l ap konfime pou nou ke pawòl Senyè a vrè pandan n ap tande l ak li l la.

M ap renouvle priyè mwen pou nou fè tout sa ki posib pou nou ogmante kapasite spirityèl nou pou n resevwa revelasyon pèsonèl.

Si nou fè sa, sa ap ede nou konnen kijan pou nou avanse nan lavi nou, kisa pou nou fè nan moman kriz yo, ak kijan pou nou disène ak evite tantasyon ak mansonj advèsè a.

Epi, finalman, nou koute Li ilè nou koute pawòl pwofèt, vwayan, ak revelatè yo. Apot òdone Jezikri yo toujou temwaye de Li. Yo montre n chemen an pandan n ap chèche wout nou atravè labirent dechiran eksperyans nou yo nan mòtalite a.

Kisa k t ap rive si nou pi entansyonèlman koute, tande, ak suiv sa Sovè a di ak sa l ap di kounyea palentèmedyè pwofèt Li yo? Mwen pwomèt ke n ap beni pou n jwenn plis pouvwa pou n fè fas ak tantasyon, lit, ak feblès nou yo. Mwen pwomèt mirak nan maryaj nou, nan relasyon familyal nou, nan travay chak jou nou. Epi, m pwomèt ke kapasite nou pou nou santi lajwa a ap ogmante menm si boulvèsman ap ogmante nan lavi nou.

Konferans Jeneral Avril 2020 sa a se yon okazyon pou nou komemore yon evenman ki te chanje mond lan. Pandan nou t ap prepare pou 200tyèm anivèsè Premye Vizyon Joseph Smith la, Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo te medite sou kisa nou ta dwe fè pou komemore evenman patikilye sa a konvenableman.

Evenman sa a te kòmanse Retablisman totalite levanjil Jezikri a epi l te inogire dispansasyon plenitid tan yo.

Nou te mande tèt nou si nou ta dwe fè yon moniman. Men, lè nou te reflechi sou enpak istorik ak entènasyonal unique Premye Vizyon sa a, nou te santi nou pouse pou n te kreye non pa yon moniman an granit oubyen an wòch men yon moniman an pawòl—yon pwoklamasyon pawòl solanèl e sakre—ki ap ekri, non pa grave sou “tab an wòch” men ki ap grave sou “tab lachè” kè nou pito.14

Nou gen senk pwoklamasyon sèlman ki te pibliye depi Legliz la te òganize a, dènye a sete “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” ki te prezante pa Prezidan Gordon B. Hinckley an 1995.

Kounyea, pandan n ap kontanple epòk siyifikatif sa a nan istwa mond lan ak tach Senyè a ba nou pou nou rasanble Izrayèl dispèse a an preparasyon pou Dezyèm Vini Jezikri a, noumenm, Premye Prezidans lan ansanm ak Konsèy Douz Apot yo, nou pibliye pwoklamasyon sa a. Tit li se “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan.” Se Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki prepare pwoklamasyon sa a. Li date Avril 2020. Pou m te prepare pou jodia, mwen te anrejistre pwoklamasyon sa a alavans nan Boskè Sakre a, kote Joseph Smith te wè Papa a ak Pitit Gason an pou lapremyè fwa a.

Nou deklare solanèlman ke Bondye renmen pitit Li yo nan chak nasyon nan mond lan. Bondye Papa a ba nou don nesans diven, lavi enkonparab, ak sakrifis ekspyatwa enfini Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri. Pa pouvwa Papa a, Jezi te resisite epi l te ranpòte laviktwa sou lanmò. Li se Sovè nou, Egzanp nou, ak Redanmtè nou.

Sa gen desanzan, nan yon bèl maten prentan nan ane 1820 an, jèn Joseph Smith, ki t ap chèche konn nan ki legliz pou l te antre, t al priye nan forè ki te tou pre lakay li a nan Nò Eta Nouyòk la, nan Etazini. Li te gen kesyon konsènan sali nanm ni epi li te gen konfyans ke Bondye t ap montre l ki sa pou l te fè.

Avèk imilite, nou deklare ke, kòm repons pou priyè l la, Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, te parèt devan Joseph epi yo te inogire “retablisman tout bagay” la jan sa te predi nan Bib la. Nan vizyon sa a, li te aprann ke, apre lanmò premye Apot yo, Legliz Nouvo Testaman Kris la te pèdi e li pa t sou tè a ankò. Joseph ta pral jwe yon gwo wòl nan retou li.

Nou afime ke, sou direksyon Papa a ak Pitit Gason an, mesaje selès te vin enstwi Joseph epi retabli Legliz Jezikri a. Jan Batis resisite a te retabli otorite pou batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo. Twa nan premye Apot yo—Pyè, Jak, ak Jan—te retabli apostola a ak kle otorite prètriz yo. Gen lòt ki te vini tou, nan pami yo, Eli, ki te retabli otorite pou ini fanmi yo ansanm pou tout tan nan relasyon etènèl ki ale odela lanmò.

Nou temwaye ankò ke Joseph Smith te resevwa don ak pouvwa Bondye pou l te tradui yon ansyen rejis tan lontan—Liv Mòmon an: Yon lòt Temwayaj Konsènan Jezikri. Paj tèks sakre sa a genyen ladan yo yon resi konsènan ministè Jezikri nan pami pèp ki t ap viv nan Emisfè Oksidantal la tousuit apre Rezirèksyon Li. Li anseye bi lavi a epi li eksplike doktrin Kris la, ki se eleman santral bi sa a. Kòm yon liv ekriti ki konpayon Bib la, Liv Mòmon an temwaye ke tout kretyen vivan se pitit gason ak pitit fi yon Papa eman ki nan Syèl la, ke Li gen yon plan diven pou lavi nou, epi, Pitit Gason L lan, Jezikri, ap pale avèk nou jodia menmjan l te fè nan ansyen tan yo.

Nou deklare ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki te òganize le 6 avril 1830 la, se Legliz Kris la nan epòk Nouvo Testaman an ki retabli. Legliz sa a ankre nan lavi pafè wòch fondasyon l lan, ki se Jezikri, ak nan Ekspyasyon enfini L la ak Rezirèksyon literal Li a. Jezikri aple Apot yon fwa ankò epi Li ba yo otorite prètriz la. Li envite nou tout pou nou vin jwenn Limenm ak Legliz Li a, pou n resevwa Sentespri a, òdonans sali yo, epi pou nou vin gen lajwa dirab.

Sa fè desanzan kounyea depi Retablisman sa a te kòmanse sou direksyon Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri. Dè milyon moun tou patou nan mond lan anbrase konesans sou evenman sa yo ki te pwofetize a.

Nou deklare avèk kè kontan ke Retablisman yo te pwomèt la ap avanse atravè revelasyon ki ap kontinye. Tè a p ap janm menmjan an ankò, pandan ke Bondye “ap rasanble tout bagay fè youn nan Kris la.”

Avèk reverans ak gratitid, noumenm, antanke Apot Li, nou envite tout moun pou yo konnen—jan nou konnen an—ke syèl yo ouvri. Nou afime ke Bondye fè konnen volonte Li pou pitit gason ak pitit fi byeneme L yo. Nou temwaye ke moun ki etidye mesaj Retablisman an nan yon espri lapriyè epi ki aji ak lafwa yo, y ap jwenn benediksyon pou yo akeri pwòp temwayaj pa yo konsènan divinite li ak objektif li pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ki pwomèt la.”15

Frè ak sè byeneme m yo, sa a se pwoklamasyon nou pou mond lan konsènan bisantenè Retablisman levanjil Jezikri a nan plenitid li. Li deja tradui nan 12 lang. Gen lòt lang ka pral ajoute byento. L ap disponib imedyatman sou sit entènèt Legliz la, kote nou ka jwenn yon kopi li. Etidye l pèsonèlman epi avèk manm fanmi nou ak zanmi nou. Medite sou verite ki ladan l yo epi reflechi sou enpak verite sa yo pral fè nan lavi ou si w koute yo, ou reflechi sou yo, epi w respekte kòmandman ak alyans ki akonpaye l yo.

Mwen konnen Joseph Smith se pwofèt preòdone Senyè a te chwazi pou louvri dispansasyon sa a. Atravè Li Legliz Senyè a te retabli sou tè a. Joseph te sele temwayaj li avèk san li. Mwen renmen l e mwen onore li.

Bondye vivan. Jezi se Kris la! Legliz Li a retabli! Limenm ak Papa a, Papa nou ki nan Syèl la, ap veye sou nou. Konsènan sa mwen temwanye nan non sakre Jezikri, amèn.