Konferans Jeneral
Lapenn nou pral tounen lajwa
Konferans Jeneral Avril 2021


Lapenn nou pral tounen lajwa

Mwen envite tout moun ki santi lapenn, tout moun ki ap mande sa k ap pase apre nou mouri, pou yo mete lafwa yo nan Kris la.

Plizyè ane de sa, pandan m t ap patisipe nan reyinyon nan Salt Lake City, mwen te akeyi pa pwofèt mwen renmen anpil la, Russell M. Nelson. Nan fason tipikman plen chalè ak pèsonèl li, li te mande, “Mak, kijan manman w ye?”

Mwen te di l mwen te avèk manman nan kòmansman semèn nan lakay li nan Nouvelle Zélande e ke li te kòmanse granmoun, men li te plen lafwa epi li se yon enspirasyon pou tout moun ki te konnen li.

Lè sa a, li te di, “Tanpri, ba li lanmou mwen … epi di li mwen pa ka tann pou m wè l ankò.”

Mwen te yon tijan etone epi m te mande, “Èske w gen yon vwayaj ki planifye pou w al Nouvelle Zélande pwochènman?”

Avèk yon pwofon senserite, li te reponn, “Oh non, m ap wè l nan lavi k ap vini an.”

Pa t gen anyen ki pa t serye nan repons li a. Se te ekspresyon yon reyalite pafèman natirèl. Nan moman prive prive sa a, mwen te tande e m te santi temwayaj pur yon pwofèt vivan ke lavi ap kontinye apre lanmò.

Nan wikenn konferans sa a, nou pral tande apot ak pwofèt vivan temwaye sou Rezirèksyon Jezikri a. “Prensip fondamantal relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo konsènan Jezikri, ke li te mouri, li te antere, epi l te resisite nan twazyèm jou a, e li te monte nan syèl la; epi tout lòt bagay anrapò avèk relijyon nou an se anèks li yo ye.”1 Mwen pwomèt ke pandan w ap koute avèk entansyon reyèl, Lespri a ap konfime nan lespri w ak nan kè w verite temwayaj sa yo2

Ansyen Apot Jezi yo te chanje ajamè apre l te fin parèt devan yo apre lanmò Li. Dis nan yo te wè ak pwòp je pa yo ke Li te resisite. Thomas, ki te absan okòmansman, te deklare, “Si m pa wè … mwen pa p kwè.”3 Annapre, Jezi te reprimande Thomas: “Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.”4 Epi, Senyè a te anseye wòl enpòtan lafwa: “Benediskyon pou moun ki pa wè, epoutan ki kwè.5

Senyè resisite a te bay Apot li yo tach pou yo temwaye de Li. Menmjan avèk Apot vivan nou yo jodia, yo te kite tout okipasyon mond lan dèyè epi yo te pase tout rès lavi yo ap deklare bravman ke Bondye te leve Jezi sa a. Temwayaj puisan yo te fè plizyè milye moun aksepte envitasyon pou yo te batize.6

Mesaj gloriye maten Pak la santral a tout Krisyanis la. Jezikri te leve soti anba lanmò, e poutèt sa, noumenm tou nou pral viv ankò apre nou mouri. Konesans sa a bay lavi nou sans ak objektif. Si nou avanse ak lafwa, n ap chanje pou tout tan, menm jan ak Apot yo nan tan lontan yo. Menmjan avèk yo, n ap kapab kenbe fèm nan nenpòt difikilte avèk lafwa nan Jezikri. Lafwa sa a ba nou espwa tou pou yon tan kote “lapenn nou pral tounen kè kontan.”7

Pwòp lafwa m te kòmanse apre yon tan lapenn.

Papa m ak manman sete kiltivatè mouton nan Nouvelle Zélande.8 Yo te renmen lavi yo. Antanke yon jèn koup marye, yo te gen benediksyon fè twa pitit fi. Pi piti nan yo a te rele Ann. Yon jou pandan yo te an vakans ansanm nan yon lak, Ann, ki te gen 17 mwa te disparèt. Apre kèk minit rechèch dezespere, yo te jwenn ni mouri nan dlo a.

Kochma sa a te lakoz lapenn endeskriptib. Dèzane apre, papa m te ekri ke yon gwo pati nan lajwa fanmi an te disparèt ajamè. Sa te pouse lakay yo yon dezi pou yo te jwenn repons pou kesyon ki pi enpòtan nan lavi yo tou: “Kisa ki pral pase presye Ann nou an? Èske n ap janm wè l ankò? Kijan fanmi nou ka janm kontan ankò?”

Kèk ane apre trajedi sa a, de jèn misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te vin nan fèm nou an. Yo te kòmanse anseye verite ki nan Liv Mòmon an ak nan Bib la. Verite sa yo gen ladan yo asirans ke Ann ap viv kounyea nan mond dèzespri a. Gras ak Rezirèksyon Jezikri a, limenm tou l ap resisite. Yo te anseye ke Legliz Jezikri a te yon fwa ankò retabli sou tè a avèk yon pwofèt vivan ak douz Apot. Epi yo te anseye doktrin inik ak remakab ke fanmi yo kapab lye ansanm pou tout tan pa menm otorite prètriz Jezikri te bay Apot anchèf li a, Pyè.9

Manman m te imedyatman rekonèt verite a epi l te resevwa yon temwayaj nan men Lespri a. Men, papa m te lite pandan yon lòt ane ankò ant dout ak pouse espirityèl yo. Epitou, li te ezite pou l te chanje fason l t ap viv. Yon maten apre yon nuit san dòmi, pandan l t ap mache monte desann, li te vire gade manman m epi l te di, “M ap batize jodia oswa jamè.”

Manman m te di misyonè yo sa k te pase, epi yo te imedyatman rekonèt etensèl lafwa a nan papa m ki kounyea t ap swa limen oswa etenn.

Menm jou maten sa a, fanmi nou te vwayaje al nan plaj ki te pi pre a. Nou pa t okouran de sa k te pase, epi noumenm, timoun yo, nou te fè yon piknik sou sab la pandan Èldè Boyd Green ak Gary Sheffield te mennen paran m nan lanmè a epi yo te batize yo. Nan yon lòt zak lafwa, papa m te pran angajman an prive avèk Senyè a pou, kèlkeswa sa k te vini, li t ap rete fidèl tout lavi li a pwomès li t ap fè yo.

Yon ane apre, yo te konsakre yon tanp nan Hamilton, nan Nouvelle Zélande. Yon ti tan apre fanmi nou, avèk yon moun ki te reprezante Ann, te ajenou bò lotèl la nan kay sakre Senyè a. La, pa otorite Prètriz la, nou te ini kòm yon fanmi etènèl nan yon òdonans senp ak bèl. Sa te pote gwo lapè ak lajwa.

Anpil ane apre, papa m te di m ke si se pa t pou lanmò trajik Ann nan, li pa t ap janm enb ase pou l te aksepte levanjil retabli a. Men Lespri Senyè a te fè l santi ke sa misyonè yo te anseye a sete verite. Lafwa paran m te kontinye grandi jiskaske yo chak te santi chalè dife temwayaj la ki te trankilman ak enbleman gide chak desizyon yo nan lavi a.

M ap toujou rekonesan pou egzanp paran m kite pou jenerasyon k ap vini yo. Li enposib pou nou mezire kantite lavi ki chanje ajamè gras ak zak lafwa yo te fè an repons a yon lapenn pwofon.

Mwen envite tout moun ki santi lapenn, tout moun ki ap lite anba dout, tout moun ki ap mande sa k ap pase apre nou mouri, pou yo mete konfyans yo nan Kris la. Mwen pwomèt ke si w gen dezi pou w kwè, epi ou aji avèk lafwa epi w suiv chichotman Lespri a, w ap jwenn lajwa nan lavi sa a ak nan mond k ap vini an.

M ap tann pou jou m pral rankontre Ann, sè m nan. M ap tann pou yon bèl reyinyon avèk papa m, ki te mouri sa gen 30 tan. Mwen temwaye de lajwa nou ka jwenn nan viv pa lafwa, nan kwè san nou pa wè, men nan konnen pa pouvwa Sentespri a ke Jezikri vivan. Avèk tout kè m ak tout nanm mwen, mwen chwazi pou m suiv Jezikri ak levanjil retabli L la. Sa beni tout aspè nan lavi mwen. Mwen konnen Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a, Sovè nou ak Redanmtè nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des presidents de l église: Joseph Smith (2007), 49.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 8:2.

  3. Jan 20:25. “Sa komen nan mond pwofàn nou an pou nou di ke ‘wè se kwè.’ Fason Senyè a pi byen defini pa yon maksim diferan: ‘Kwè se wè.’ Lafwa nan Senyè a se kòmansman an, se pa konklizyon an” (Lance B. Wickman, “But If Not,” Liahona, Nov. 2002, 31).

  4. Jan 20:27.

  5. Jan 20:29; italik ajoute.

  6. Gade Travay 2.

  7. Jan 16:20.

  8. Kenneth Molony Palmer ak Jill Garlick Palmer.

  9. Gade Matye 16:19.